Diksyonè
Diksyonè Kreyòl.
Tape yon mo, yon definisyon, oswa yon egzanp. Aksan pa obligatwa: «lekol» jwenn «lekòl».
- Ziltik
-
Yon kote ki lwen anpil. Yon vwayaj ki pa gen destinasyon, finisman.
- Zimbabwe
-
Yon peyi nan sid-lès kontinan afriken an. Kapital peyi sa rele Arare. Lang ofisyèl peyi a se Anglè, men moun yo pale plizyè lòt lang.
- Zo
-
Pati andedan vyann kò tout yon vètebre pou bay vètebre a fòm. San zo, moun te ap sanble avèk yon boul vyann. Nenpòt bagay ki kenbe yon lòt bagay pou li kanpe. Jwèt Zo, Yon jwèt moun jwe avèk de ti bwat ki gen sis bò, yo chak, e ki gen mak ki reprezante pwen: yon pwen, de pwen jis rive sou sis.
- Zòbòy
-
Zòbòy: Yon aksidan ki rive kote yon moun frape yon pati nan kò li epi pati sa vini gonfle tankou yon gwo bouton.
- Zoklo
-
Aksyon yon moun ki pliye tout dwèt li epi frape yonn nan dwèt sa yo nan mitan tèt yon lòt moun. Aksyon yon moun ki gen madanm ou byen ki gen mari epi ki aksepte koupe avèk yon lòt gason ou byen yon lòt fi. Adiltè.
- Zoklote
-
Bay yon moun plizyè zoklo. Aksyon yon moun ki jwenn madanm ou byen mari yon lòt moun pou li koupe avèk li.
- Zòn
-
Zòn: Yon moso tè kote ki gen plizyè kay toupre e tout moun ki ap viv nan kay sa yon toujou ap rankontre. Kèk fwa tout moun sa yo, yonn konnen lòt. Yon destinasyon.
- Zonbi
-
Yon espri ki pote mesaj e ale fè nenpòt travay yon bòkò voye li fè. Zonbi kapab fè nenpòt bagay paske bòkò voye li fè paske li pa vizib. Yon moun ki sispann grandi twò bonè nan lavi.
- Zong
-
Pati nan dwèt pye, dwèt men moun ki gen koulè blan e ki pa janm sispann grandi.
- Zonyon
-
Yon boul yon plant donnen anba tè, men pye li grandi sou tè a tankou yon pye siv. Li bay manje bon gou, li pike tankou yon piman anvan li bouyi nan dlo. Lè li bouyi li pèdi gou li paske li bay manje a tout gou li. Moun manje zonyon san kwit tou, nan salad.
- Zoranj
-
Yon grenn yon pye bwa donnen e grenn sa tou won, li gen plizyè tranch, nannan avèk ji. Gen anpil varyete zoranj, men de pi gran kategori yo se zoranj-si avèk zoranj dous. Zoranj Dous, Yon zoranj ki dous e moun itilize li pou fè ji ou byen pou manje lè yo fini retire po a. Zoranj Si, Yon zoranj ki prèske gen asid menm jan avèk sitwon e moun itilize li pou lave vyann. Zoranj Sirèt, Yon zoranj ki pa janm dous tankou sik, men li pa janm twò si tou. Ayisyen itilize li pou fè konfiti, tizán e latriye. Peyizan ayisyen kwè zoranj sa bay moun apeti.
- Zòrèy
-
Zòrèy: Pati nan kò moun ki kanpe sou de kwen tèt li e ki gen yon tou nan chak bò tèt la pou moun kapab tande son.
- Zòtèy
-
Zòtèy: Senk dwèt moun gen nan chak pye li yo. Pi gwo a rele pous epi lòt yo rele ti zòtèy.
- Zotobre
-
Yon moun ki posede anpil lajan e ki itilize lajan li posede yo pou kontwole lòt moun ki gen konesans, pouvwa e nenpòt lòt bagay li kapab peye moun pou resevwa li.
- Zòtolan
-
Yon zwazo koulè gri ki renmen rete sou kote ravin avèk larivyè paske se nan dlo sa yo li kapab jwenn bagay pou li manje, tankou ti pwason.
- Zouti
-
Bagay moun itilize pou ede li fè yon travay. Gen kèk travay moun pa kapab fè san zouti paske zouti a nesesè. Yonn nan liy sèvis yon pwogramè itilize pou li mete tout kòmand ki sanble avèk zouti moun ki ap itilize pwogram nan bezwen pou yo fè travay yo.
- Zozo
-
Yon bagay long ki nan mitan janb tout gason, tout mal bèt. Moun, bèt itilize zozo yo pou mete dechay andedan fi, femèl bèt.
- Zwazo
-
Yon bèt ki gen anpil plim sou prèske tout kò li, ki gen yon bèk avèk zèl li kapab itilize pou li vole. Gen zwazo ki piti anpil e gen zwazo ki gwo anpil. Zwazo pa pouse pitit yo tou vivan, men ponn ze epi yo kouve ze yo. Moun manje vyann, prèske, tout zwazo. Yon ekspresyon moun itilize pou di yon moun sanble avèk yon ti zwazo ki ap vole e nenpòt moun ki vle kapab tire sou li pou touye li. Yon inosan.
- Zwen
-
Yon moun tankou yon ti bebe ki toujou ap kriye, tout tan. Yon moun ki pa janm fatige anniye lòt moun.