Diksyonè
Diksyonè Kreyòl.
Tape yon mo, yon definisyon, oswa yon egzanp. Aksan pa obligatwa: «lekol» jwenn «lekòl».
- V
-
V: Venteinyèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la.
- Vag
-
Eta yon bagay ki pa fasil pou konpran paske chak moun kapab konprann li nan fason pa yo e fason yon moun konprann li a pa menm jan yon lòt moun konprann li. Eta yon moun ki pa bay pyès bagay valè, menm lavi. Pati nan yon kantite dlo tankou lanmè, rivyè ki chita yon kote epi van ap pouse li ale sou tè ki sou kote dlo sa a.
- Vaksen
-
Medikaman doktè bay moun pou prepare kò moun nan kont maladi yo konnen moun nan ap genyen kanmenm si li pa pran medikaman sa a. Gen de maladi moun toujou pran vaksen pou yo: tibèkiloz avèk polyo.
- Vaksinen
-
Bay yon moun yon vaksen pou prepare moun nan kont yon maladi ki toujou atake tou moun nan lavi yo kanmenm.
- Valanten
-
Mennaj gason, mari yon fi, yon gason ki pase jou katòz Fevriye nan yon ane renmen, marye, plase avèk yon fi.
- Valantin
-
Mennaj fi, madanm yon gason, yon fi ki pase jou katòz Fevriye nan yon ane renmen, marye, plase avèk yon gason.
- Vale
-
Mete yon bagay tankou manje, dlo nan bouch epi kite li desann nan gòj. Aksyon yon gwo bagay ki kite yon ti bagay rantre andedan li.
- Van
-
Mouvman envizib ki fèt nan lanati ki gen anpil fòs pou deplase, souke, kraze nenpòt bagay. Fòs van depann de vitès van an. Yon van kapab kouri soti nan vitès zewo pou rive nan vitès san-swasant kilomèt pou chak inèdtan e menm plis. Lè sa a, van vini rele siklòn.
- Vandredi
-
Sizyèm jou nan yon semèn, senkyèm e dènye jou travay nan yon semèn. Vandredi Sen, Yon jou tout relijye kwè Jezi Kris te mouri apre anpil tribilasyon anba men Jwif yo. Jou moun nan legliz katolik yo selebre lanmò Jezi Kris pandan yo ap rekreye moman tribilasyon Jezi te pase anvan li mouri.
- Vann
-
Aksyon yon moun ki kite lòt moun pran sa li posede depi moun nan bay kòb pou bagay li pran an. Travay machann ki andedan yon mache. Travay yon fi ki kite gason kouche li pou kòb.
- Vant
-
Pati nan kò tout èt vivan kote manje li manje ale rete anvan yo ale nan kèk lòt pati kò a ou byen anvan yo ale nan poupou. Nenpòt bagay ki gen fòm yon bagay plat epi de pwent li wo, men mitan li desann pi ba. Vant Mennen, Yon poupou likid ki soti nan dèyè moun lè yo manje yon manje kò yo pa renmen. Eta yon moun ki pran yon mestin.
- Vante
-
Eta yon bagay ki gen fòm vant. Travay van fè lè vitès li plis pase zewo. Pawòl ki soti nan bouch yon moun pou montre li gen plis valè pase valè li genyen tout bon vre.
- Vantilatè
-
Vantilatè: Yon aparèy elektwo-mayetik ki gen yon mannivèl ki bay van e van sa kapab cho ou byen frèt paske aparèy sa a bay van nan wotè tanperati toupre kote li ye a.
- Ve
-
Yonn nan lèt ki fòme alfabèt lang Kreyòl la. V.
- Vèb
-
Vèb: Anpil mo nan yon lang moun kapab mete pwonon devan yo pou fè konnen ki moun ki ap fè sa mo a vle di a. Men tout fason yon moun kapab itilize yon vèb tankou, Fè. Yon moun ki ap pale de tèt li kapab di: Mwen fè… Yon moun ki ap pale avèk yon lòt moun, plizyè lòt moun e li pa nan gwoup moun sa yo li kapab di: Ou fè… Yon moun ki ap pale de yon lòt moun li kapab di: Li fè… Yon moun ki ap pale de plizyè lòt moun e li nan gwoup moun yo, li kapab di: Nou fè… Yon moun ki ap pale de plizyè lòt moun e ni li ni moun li ap pale avèk li a pa nan gwoup moun li ap pale de yo a, li kapab di: Yo fè…
- Vejetab
-
Fèy moun kapab manje paske yo bon nan bouch, yo bon pou sante e yo pa fè moun malad. Moun fè legim avèk anpil vejetab.
- Velo
-
Yon machin ki gen de wou tankou bisiklèt, men limenm li gen motè tou. Pou fè motè a kòmanse mache, montè a gen pou li pedale pandan yon kantite tan epi apre sa li sèlman bay gaz pou ogmante vitès velo a.
- Ven
-
Ventyèm nonb nan nonb pozitif yo. 20. Dis plis dis. Dis miltipliye pa de. Karant divize pa de.
- Venn
-
Tiyo nan kò tout èt vivan ki sèvi tankou yon wout pou san pase. Kè a sèvi tankou yon ponp pou pouse san nan venn yo e rale san ki fini pase nan venn yo tou. Venn De, Venndezyèm nonb nan nonb pozitif yo. Onz miltipliye pa de. 22. Venn Kat, Venkatriyèm nonb nan nonb pozitif yo. Douz miltipliye pa de. 24.
- Vennvendeng
-
Yon gwoup moun avèk lwa nan tèt yo ki plannen pandan lannwit pou pran plezi yo e si yo rankontre avèk yon moun ki pa nan gwoup yo a yo kapab dechire moun nan, manje li ou byen fè li tounen yon bèt. Yon gwoup lougawou ki vyolan anpil.
- Venteen
-
Venteinyèm nonb nan nonb pozitif yo. Ven plis en. 21. Kanrant-de divize pa de.
- Ventnèf
-
Ventnevyèm nonb nan nonb pozitif yo. Ven plis nèf. Trant mwens en. 29.
- Vèrèt
-
Vèrèt: Yonn nan pi ansyen vil nan peyi Ayiti yo ki nan Depatman Latibonit la e ki te fonde depi nan tan koloni.
- Verite
-
Yon pawòl ki vrè, ki gen fondman, ki reyèl. Yon pawòl moun kapab verifye sous li, ki kote li soti.
- Vèt
-
Vèt: Eta yon fri ki gen koulè vè e ki gen move gou paske li pa mi.
- Vètikal
-
Vètikal: Bagay ki kanpe nan menm pozisyon avèk yon moun ki kanpe dwat. Yon pozisyon ki pèpandikilè a fas tè a. Liy tout bagay ki ap tonbe sib depi kote yo soti a pou jis yo rive sou fas tè a.
- Vid
-
Eta nenpòt bagay ki pa gen anyen andedan li. Eta yon moun ki sòt, yon fason pou di moun nan pa gen anyen nan tèt li. Eta yon wout ki pa gen pyès trafik sou li.
- Vidanj
-
Yon bagay ki gen yon likid ap soti nan li pou tonbe e moun ki ap sib kapab panse likid la pa ap janm fini tonbe. Eta yon bagay ki tonbe anpil.
- Vide
-
Soti anlè pou tonbe anba tankou likid ki ap tonbe. Pran yon resipyan ki gen yon bagay nan li epi mete li tèt anba pou bagay la soti nan li epi tonbe.
- Viktwa
-
Bat yon moun, yon gwoup énmi nan yon batay, nan lagè. Aksyon yon moun ki rezoud yon gwo pwoblèm.
- Vil
-
Lavil. Yon kote nan yon peyi ki gen anpil kay rasanble nan yon sèl zòn e gen anpil moun ki ap viv nan zòn sa a.
- Vinèg
-
Vinèg: Yon melanj piman avèk sitwon ou byen zoranj si. Vinèg sa a pike. Yon preparasyon chimik avèk yon asid ki bon pou mete nan preparasyon vyann pou kwit li.
- Vini
-
Soti nan yon distans epi mache nan direksyon pou diminye distans ki te genyen an. Eta yon lide, yon solisyon yon moun jwenn pou li rezoud yon pwoblèm.
- Vis
-
Yon moso metal ki gen filyè nan yon pwent kote li kapab itilize pou rantre nan lòt bagay tankou yon boulon. Lòt pwent la sèvi tankou baz li, tèt li e boulon an pa kapab pase sou pwent sa a. Nenpòt bagay ki ant baz, tèt vis la avèk boulon an ap ale peze ant yo de a. Vis Prezidan, Dezyèm chèf nan yon peyi, yon konpayi, apre prezidan peyi a, prezidan konpayi a. Se vis-prezidan ki gen dwa ranplase prezidan an lè prezidan kite peyi a, konpayi pou ale yon lòt kote. Lè yon prezidan ap kite peyi li pou ale nan yon lòt peyi, li remèt pouvwa peyi a nan men vis-prezidan an.
- Vise
-
Depoze filyè yon boulon sou filyè vis pou vis la rantre nan boulon a; konsa boulon an kapab mache de yon pwent a yon lòt sou vis la.
- Vitès
-
Vitès: Jan yon bagay deplase soti yon kote pou ale yon lòt kote. Yon pati nan yon machin chofè a ou byen motè machin nan menm kontwole pou ogmante, diminye rapidite machin nan.
- Viv
-
Eta yon èt vivan ki kontinye egziste paske li gen souf, sous lavi.
- Vivan
-
Eta yon bagay ki gen lavi nan li. Eta yon bagay tankou moun ki ap viv.
- Vizib
-
Eta yon bagay ki egziste nan reyalite e je kapab wè li. Yon bagay ki nan yon pozisyon pou je kapab wè li. Eta yon bagay je kapab wè san itilize aparèy tankou mikwoskòp.
- Viziblite
-
Mwayen pou wè yon bagay. Eta yon bagay ki vizib. Kantite ditans moun bezwen pou wè yon bagay depann de jan tan an ye.
- Vizyon
-
Yon bagay moun kapab wè devan je yo, men bagay sa a pa egziste nan reyalite, tout bon vre. Yon bagay yon moun kapab wè devan je li anvan bagay la vini egziste nan reyalite. Eksperyans yon pwofèt fè kote li resevwa yon mesaj nan men Bondye.
- Vle
-
Anvi, obeyisans moun genyen pou fè yon bagay. Volonte.
- Vlòpèt
-
Yon moun ki pa bay bagay tankou yon rad ki sou li enpòtans. Yon rad ki twò laj sou yon moun ki mete li epi li oblije vlope li pou fè rad la kole sou kò li.
- Vo
-
Kantite valè yon bagay lè moun konpare avèk valè yon lòt bagay. Rezon ki fè yon bagay egziste. Kantite lajan moun ki vle achte ap bay pou yon bagay.
- Vodou
-
Yon gwo seremoni lwa yon bòkò òganize e dirije pandan plizyè jou pou bay lwa yo glwa pou sa yo fè pou tout pitit fèy yo. Tout pitit fèy fèt pou patisipe nan seremoni sa a pou peye yon pati nan dèt yo. Gen plizyè ti seremoni nan yon vodou pou tout moun pran plezi yo. Gen jwèt kat tankou twasèt, jwèt domino, jwèt zo e latriye. Gen bal, konkou, dans-chèz. Nan dènye jou yon vodou gen yon liy pitit fèy ki sib bòkò a ale nan yon kalfou pou remèsye lwa yo epi voye yo ale.
- Volay
-
Nenpòt bèt, zwazo ki gen zèl e ki konnen vole.
- Vole
-
Soti atè epi ale nan lespas san pandye nan anyen. Mwayen zwazo itilize pou leve kò yo atè epi kenbe kò yo anlè pou ale nenpòt kote yo vle. Soti nan yon pozisyon epi ale tonbe nan yon lòt pozisyon san mache.
- Volebòl
-
Yon jwèt jwè yo jwe avèk yon boul yo ap voye pase anlè yon filè. chak nan de ekip ki ap jwe yo kanpe nan yon bò filè a pou tann lè lòt ekip la voye boul la sou bò pa li a. Yon ekip fè gòl lè lòt ekip la kite boul la tonbe sou bò pa li a, de fwa.
- Volim
-
Yon kantite nan yon bagay. Wotè yon son moun ap koute. Yon bouton nan yon aparèy tankou radyo, televizyon ki kontwole wotè son aparèy la ap bay.
- Volonte
-
Anvi moun genyen pou yo fè yon bagay. Vle. Fòs yon moun genyen pou li kapab fè yon bagay.