Diksyonè
Diksyonè Kreyòl.
Tape yon mo, yon definisyon, oswa yon egzanp. Aksan pa obligatwa: «lekol» jwenn «lekòl».
- J
-
J: Dizyèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la ki pwononse menm jan avèk bwason sa a, ji.
- Jaden
-
Yon moso tè, yonn ou byen plizyè kawo tè kote yon jadinye plante, sekle, rekòlte.
- Jakmèl
-
Jakmèl: Kapital Depatman Sid Lès la.
- Janb
-
Tout longè pye yon moun depi soti bò senti li pou jis rive anba plat pye.
- Janbe
-
Itilize janb pou soti sou yon bò yon bagay, yon moun pou travèse ale sou lòt bò bagay la, moun nan. Yon ekspresyon moun itilize pou esplike kijan yo travèse yon bagay.
- Jant
-
Yon moso metal won ki gen menm fòm avèk yon kawoutchou e ki rantre andedan yon kawoutchou pou pèmèt kawoutchou a kenbe van. Prèske tout veyikil tankou bisiklèt, motosiklèt, machin gen jant.
- Jante
-
Mete yon jant andedan yon kawoutchou.
- Janvye
-
Premye mwa nan yon ane ki pote trante-en jou. Yon ane chanje lè premye jou nan mwa janvye a rive.
- Japan
-
Yon peyi nan kontinan Azi a ki chita sou plizyè ti il. Peyi sa trè avanse nan konesans teknoloji.
- Jape
-
Yon bri chyen fè avèk bouch li ouvri, lè li bezwen fè moun pè, lè li pè.
- Je
-
Pati nan kò moun, nan tèt moun, ki pèmèt moun wè. Yon mesaje ki pote rapò bay chèf li, se je chèf la paske li pèmèt chèf la wè sa ki ap pase. Yon kamera se je moun tou.
- Jedi
-
Senkyèm jou nan yon semèn. Katriyèm jou biznis nan yon semèn.
- Jedinèt
-
Yon bannann pote non sa a nan zòn Depatman Sant la. Lè li vèt li rele jedinèt, lè li mi li rele fig. Gen menm bannann sa a nan prèske tout zòn nan peyi a, li kapab gen lòt non tankou granvensan.
- Jeep
-
Yonn nan pi ansyen konpayi machin ki egziste. Yon ansyen modèl machin konpayi sa, Willis, toujou egziste. Jeep fè mak machin Cheroke tou.
- Jèmen
-
Jèmen: Lè yon grenn kòmanse grandi.
- Jèn
-
Jèn: Yon laj moun genyen kote yo gen tout enèji, fòs sou yo pou fè anpil bagay ki egzije fòs moun tankou kouri, memorize, pale, e latriye… Jèn Jan Yon gason ki nan laj moun ki posede tout enèji, fòs pou fè anpil bagay ki egzije fòs moun tankou kouri e latriye.
- Jeneral
-
Pi gwo grad yon moun kapab genyen nan yon kò militè. An Jeneral , Pale de yon bagay tout antye san panse a eksepsyon li.
- Jenerasyon
-
Moun ki ap viv nan yon epòk ki dire dizuit ane konsa. Moun nan tout sosyete espere apre dizuit ane tout timoun nan tout fanmiy ap gentan fè pitit. Tout pitit, pitit pitit granmoun nan yon fanmiy. Nouvèl Jenerasyon, Yon tip mizik ayisyen ki parèt nan ane katreven yo. Gwoup ki fè mizik sa yo chante an Kreyòl yon fason pou separe nouvo stil mizik yo a avèk ansyen mzik yo chantè te konnen chante nan lang Fransè.
- Jeni
-
Lespri moun genyen pou kreye bagay. Nan tan lontan, moun te panse jeni se te yon fòs djab ki te ap ede moun. Konnye a moun ale lekòl pou yo kapab kreye bagay.
- Jennen
-
Eta yon moun ki wont, timid. Eta yon moun ki vòlè yon bagay epi mèt bagay la kenbe li.
- Jenou
-
Espas ant pye avèk kuis moun ki gen yon ti boul nan li pou pèmèt janb nan pliye sou dèyè.
- Jeograf
-
Moun ki etidye epi entèprete enfòmasyon geografik.
- Jeografi
-
Syans ki pale, mezire fas tè a, de moun ki sou tè a.
- Jeremi
-
Non yon pwofèt nan Bib la. Jeremie. Non kapital Depatman Grandans la. Vil sa a sou yon prèskil nan Sid-Lwès peyi Ayiti e se zòn nan peyi ki gen plis lamveritab.
- Jès
-
Jès: Siy yon moun fè avèk yon pati, tout kò, nan kò li pou ranplase yon mo, yon mesaj li vle bay yon lòt moun.
- Jezi Kris
-
Yon pitit Bondye ki te vini sou tè a pou mouri nan plas tout lòt moun sou tè a pou efase peche yo. Li te viv pandan trant-twa ane sou tè a. Tout kretyen kwè li nan syèl la konnye a e li chita sou bò dwat papa a, Bondye.
- Ji
-
Yon bwason ki fèt avèk fri yon pye bwa. Pou fè yon ji, moun pran fri a epi yo kraze ou byen peze li pou likid soti andedan li epi yo mete dlo sou likid sa anvan yo sikre li.
- Jij
-
chèf yon tribinal ki la pou koute de kan nan yon jijman e kontwole tout sa ki ap pase nan yon tribinal.
- Jijman
-
Moman nan yon tribinal kote gen yon jij, yon jiri, yon plentif ou byen yon pwosekitè, yon defandan, yon okton. Konklizyon travay tout moun ki reyini nan yon tribinal.
- Jistis
-
Sib tout entansyon lwa yo nan yon jijman. Jwenn satisfaksyon nan tribinal kont move aksyon, aksyon kriminèl yon moun komèt.
- Jiyè
-
Setyèm mwa nan yon ane. Yonn nan de mwa ki fè plis chalè nan yon ane sou kote mwa Out la.
- Jodia
-
Konnye a menm, nan menm jou sa a. Nan moman sa a menm.
- Jon
-
Yon baton avèk de pwent remakab yon pwofesyonèl kapab vire tou won sou men li, dwèt li, kou li, menm pye li san baton an pa janm tonbe yon kote li pate vle. Pwofesyonèl sa a rele Majò Jon. Majò Jon plis patisipe nan Rara.