180 mo ki kòmanse ak «A»

Acha

Aksyon yon moun ki achte yon bagay. Yon koutye fè lajan li nan vann kay pou mèt kay yo, men se moun ki fè acha yo ki peye li.

Acheve

Fini fè yon travay ki te kòmanse. Finisman.

Achitèk

Pwofesyonèl ki fè imaj yon konstriksyon tankou yon kay. Achitèk la kapab itilize nenpòt materyèl pou fè imaj yon kontriksyon, men mezi yo kapab bay vrè dimansyon konstriksyon an lè enjenyè itilize miltip mezi chak kwen nan imaj la.

Achte

Ale kote moun vann machandiz, pran yon bagay epi peye pou li.

Afrik

Yonn nan senk kontinan yo ki fòme lemond la: Ewòp, Azi, Afrik, Amerik, Oseyanik. Tout moun kwè se nan kontinan sa a moun nwa te premye parèt sou tè a. Enpe moun kwè se sou kontinan sa tout premye èt vivan te parèt sou tè a tou. Moun ki ap chache konnen yo di yo te jwenn zo moun ki pi ansyen an, yon fi yo rele li Lucy, nan lak Victoria sou kontinan Afrik la.

Afriken

Se non tout moun ki fèt sou kontinan Afrik la.

Afwonte

Rankontre yon moun pou esplike li yon opinyon, koute opinyon moun nan tou. Afwonte yon moun kapab bay yon move rezilta si yonn nan moun gen santiman vyolan.

Agiman

Pawòl defansif ki soti nan bouch yon moun pou kontrekare opinyon yon lòt moun.

Agrandi

Fè yon bagay vini pi gran. Mèt yon kay kapab mande bòs la pou li agrandi kay la.

Agrikilti

Metòd moun itilize pou ede repwodiksyon grenn plant moun manje; konsa toujou gen manje pou moun manje.

Ajan

Yon moun ki reprezante yon lòt moun nan tout tranzaksyon moun sa te kapab reprezante tèt li. Yon koutye se yon ajan paske li reprezante yon mèt kay, yon lokatè, yon achtè.

Ajans

Travay yon moun ki reprezante moun nan nenpòt tranzaksyon moun nan te kapab reprezante tèt li.

Ajantin

Yon peyi nan Amerik Sid la, sou kote chili. Moun nan peyi sa pale Espanyòl. Kapital peyi sa rele Bon Lè.

Aje

Eta yon bagay ki gen anpil ane depi li te kòmanse egziste.

Ajen

Eta yon moun lestomak li vid, ki apèn leve nan kabann li apre li fini pase yon nwit ap dòmi e li poko manje manje anyen.

Aji

Fè yon bagay, yon aksyon ki kapab byen, ki kapab mal tou.

Ajil

Yon varyasyon tè ki mou lè li mouye e ki kapab di tankou wòch lè li sèch. Lè ajil fini sèch e pase nan fou, dlo pa kapab fè li mou ankò. Gen ajil wouj, gen ajil jón.

Ajiste

Ranje yon bagay nan fason li te dwe ye a.

Ajisteman

Travay yon moun fè pou li ranje yon bagay nan plas li, jan li te dwe ye a.

Ajoupa

Yon ti kay kote moun andeyò peyi Ayiti rete pou yo viv. Yon kay ki piti e ki pa sanble avèk yon kay nòmal pou moun viv. Yon ti kay ki fèt avèk pay soti atè pou rive anlè. Li pa kapab pare solèy byen e dlo lapli kapab rantre andedan li.

Ajoute

Mete yon bagay sou yon lòt avèk espwa lòt la ap vini pi plis. Ajoute yon goud sou kat goud pou li vini fè senk goud.

Akademi

Yon lekòl tradisyonèl ki prepare etidyan pou yo vini pwofesyonèl nan yon branch. Akademi Militè, Yon lekòl kote moun ale pou resevwa edikasyon militè. Apre yon moun fini resevwa edikasyon miltè li kapab ale nan nenpòt gwoup, kò militè.

Akayè

Yon vil nan peyi Ayiti. Vil sa nan direksyon nò peyi a e yon moun kapab jwenn vil sa lè li ap vwayaje soti Pòtoprens si li itilize Wout Nasyonal Nimewo En an. Se te yonn nan zòn kote moun te konnen kiltive anpil bannann-miske. Istwa rapòte ke fanm ki te koud premye drapo peyi Ayiti a te viv Akayè.

Akizasyon

Travay, aksyon yon moun ki akize yon lòt moun.

Akizatè

Yon moun ki akize yon lòt. Yon moun tankou yon pwosekitè ki fè arete yon lòt moun pou moun nan ale tann jijman li nan prizon.

Akize

Mete responasblite yon move aksyon, yon krim sou do yon moun.

Akonplisman

Dènye bagay ki rete pou fèt pou yon travay fini, akonpli.

Akouche

Pouse yon bebe ki te andedan vant soti deyò.

Akouchman

Travay, aksyon yon femèl lè li ap pouse yon pitit soti deyò.

Aksan

Yon ti senbòl kèk lang itilize pou diferansye yon lèt, yon son avèk yon lòt. Fason yon moun pale yon lang etranje; se sa ki fè Ameriken yo di Ayisyen pale Anglè avèk aksan Fransè.

Akselere

Soti nan yon vitès ki pi dousman pou rive nan yon vitès ki pi rapid. Aksyon yon chofè ki pese akseleratè machin li pi fò pase lòt chofè sou wout la.

Aksepte

Pran yon bagay jan li vini an san chache chanje li.

Aksyon

Fason yon moun aji. Bon Aksyon, Aksyon yon moun ki aji yon fason sosyete a espere li te ap aji. Move Aksyon, Aksyon yon moun ki aji yon fason moun nan sosyete a pa espere li te ap aji.

Aktè

Aktè: Yon gason ki kapab jwe wòl yon lòt moun nan nenpòt sitiyasyon. Sa yon aktè fè, sanble anpil avèk sa mèt aksyon an te kapab fè. Si se moun nan ki te nan menm sitiyasyon an li te ap aji menm jan an tou. Yon gason ki kapab kopye tout jès yon moun epi pou li refè yo menm jan avèk moun nan.

Aktif

Eta yon bagay ki te kòmanse fè yon travay e ki kontinye fè travay la. Yon lwa moun oblije obeyi.

Aktivite

Deplasman. Mouvman. Tout mouvman, tout deplasman yon bagay, yon moun. Tout travay moun fè.

Aktyalite

Yon nouvèl ki nan bouch tout moun. Yon bagay tout moun ap pali de li san rete pandan yon kantite tan.

Ale

Deplase kite yon zòn pou rive nan yon lòt zòn.

Alfabèt

Alfabèt: Yon lis lèt ki pèmèt moun ki pale yon lang ekri lang la. Alfabèt lang Kreyòl la gen vennkat lèt nan li: A (majiskil) a (miniskil), B (majiskil) b (miniskil), C (majiskil) c (miniskil), D (majiskil) d (miniskil), E (majiskil) e (miniskil), F (majiskil) f (miniskil), G (majiskil) g (miniskil), H (majiskil) h (miniskil), I (majiskil) i (miniskil), J (majiskil) j (miniskil), K (majiskil) k (miniskil), L (majiskil) l (miniskil), M (majiskil) m (miniskil), N (majiskil) n (miniskil), O (majiskil) o (miniskil), P (majiskil) p (miniskil), R (majiskil) r (miniskil), S (majiskil) s (miniskil), T (majiskil) t (miniskil), U (majiskil) u (miniskil), V (majiskil) v (miniskil), W (majiskil) w (miniskil), Y (majiskil) y (miniskil), Z (majiskil) z (miniskil).

Alimèt

Alimèt: Yon pwodui travayè prepare nan izin pou pèmèt moun kòmanse yon dife byen fasil. Pwodui sa gen yon ti moso bwa avèk yon materyèl ki kapab limen dife si yon moun fwote li sou fas yon bagay ki plat e ki pa mouye.

Aliye

Ranje plizyè bagay yonn dèyè lòt. Ranje plizyè bagay sou liy.

Almanak

Yon lis tout mwa ki gen nan yon ane avèk anpil evènman espesyal ki toujou repete nan kèk jou nan ane a. Evènman sa yo kapab selebre nan yonn, plizyè peyi nan lemond.

Almay

Yonn nan pi gwo peyi nan istwa kontinan Ewòp la. Almay gen fontyè avèk Frans, Polòy e plizyè lòt peyi. Se nan peyi sa a Adòlf Hitlè, chèf gwoup militè ki te òganize asasina jwif yo, te kòmanse touye moun sa yo.

Alo

Yon ekspresyon moun itilize pou salye etranje yo rankontre sou wout yo. Premye mo yon moun di lè li reponn yon telefòn ki te ap sonnen lakay li.

Altènatif

Jan moun ki etidye fizik yo esplike elektrisite fonksyone, monte desann. Yon bagay ki kapab itilize nan plas yon lòt lè lòt la pa disponib.

Altitid

Wotè yon bagay kòmanse soti sou fas lanmè pou rive nan wotè kote bagay la ye a.

Alyans

Yon relasyon de, plizyè moun kreye ant yo avèk yon dokiman yo siyen pou yo tout repekte yonn, plizyè kondisyon ki nan dokiman an.

Amandman

Yon chanjman nan atik nan yon lwa ki chanje siyfikasyon lwa a. Dis premye atik (civil rights) nan konstitisyon peyi Etazini a ki bay nwa avèk lòt minorite nan peyi sa a anpil dwa.

Amatè

Amatè: Yon moun ki ap pwatike yon metye ki pa vrè pwofesyon li. Yon moun ki pa gen tout abilite pou fè yon djòb. Yon moun ki jwe jwèt pou lajan.

Amelyore

Fè yon aranjman yon bagay pou fè li vini pi bon.