47 mo ki kòmanse ak «O»

O

O: Kenzyèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la.

Obsede

Yon kantite kwayans yon moun genyen. Eta yon moun ki tèlman anvi yon bagay li kapab fè nenpòt bagay pou jwenn bagay sa a. Eta yon moun ki gen anpil pasyon pou yon bagay.

Òdinatè

Òdinatè: Yon machin, entelijan anpil, ki fè yon revolisyon nan fason moun kominike avèk lòt moun, avèk lòt machin e konsève tèks yo ekri. Gen anpil diferans nan òdinatè, men se de diferans ki pi enpòtan: Sèvitè avèk Pèsonèl. Malgre diferans sa yo, tout òdinatè gen senk pati sa yo: klavye, monitè, sourit, òdinatè a menm, avèk enprimè a. Moun rele tout senk pati sa yo òdinatè, men òdinatè a se kote ki resevwa kòmand klavye a avèk sourit la epi voye kòmand sa yo nan yon diskèt, yon enprimè ou byen nenpòt lòt machin byen lwen pandan li ap itilize yon liy telefòn. Machin sa pèmèt moun ekri nenpòt longè donkiman soti nan yon lèt pou rive nan plizyè milye fraz tankou yon liv. Yon moun ki itilize òdinatè pou ekri kapab mete nenpòt imaj nan tèks la e li kapab fè lèt yo nenpòt gwosè. Bagay yon moun ekri sou òdinatè kapab enprime sou papye ou byen konsève sou yon diskèt pou itilize yon lòt lè. Nenpòt tèks moun ekri sou òdinatè, machin nan kapab faks li, voye li sou fòm lèt-eletwonik bay yon lòt òdinatè, e latriye. Moun kapab itilize òdinatè nan plas televizyon, faks machin, aparèy telefòn, repondè telefòn e anpil lòt bagay toujou.

Oditè

Moun ki chita, rete pou koute diskou yon lòt moun. Anplwaye kontribisyon ki ap envestige jan moun kalkile enpo yo peye pou wè si moun sa yo byen kalkile sa yo peye a. Yon gwoup kontab ki sèlman revize travay lòt kontab pou wè si yo sib prensip kontablite nan travay yo.

Odyans

Yon gwoup moun ki ap koute yon moun ki ap fè yon diskou. Moun ki ap koute yon estasyon radyo. Moun ki ap gade yon estasyon televizyon.

Ofri

Lonje yon bagay bay yon moun san li pa mande bagay la. Pwomèt yon moun yon bagay, sèvis san li pa mande.

Òganizasyon

Plizyè moun ki reyini, ap travay ansanm, e yo ap chache menm bagay la pou tèt yo ou byen pou yon konpayi. Plizyè moun ki mete tèt ansanm pou pousib yon lide tankou yon lide biznis.

Ogmantasyon

Yon bagay ki vini an plis sou yon lòt bagay.

Ogmante

Mete yon bagay sou yon lòt pou fè li vini pi plis, pi gwo.

Okay

Pi gwo vil nan Depatman Sid la e se li ki kapital depatman sa a tou.

Òkèt

Òkèt: Yon kontraksyon nan gòj yon èt vivan ki anpeche lè soti pou moun nan respire nòmalman. Moun ki gen òkèt kapab santi yon ti sekous prèske chak dis segond konsa. Sa a se rezilta lè avèk bagay ki anpeche lè a sikile a. Anvan kèk moun mouri yo genyen yon òkèt ki kontinye a diminye pandan moun nan ap avanse pi pre lanmò a.

Oktòb

Oktòb: Dizyèm mwa nan yon ane. Gen tranteen jou nan mwa Oktòb la. Se mwa lekòl nan peyi Ayiti kòmanse ane lekòl la ki ap ale dire nèf mwa.

Okton

Yon anplwaye nan yon biwo lakomin yo ki responsab ouvri pòt biwo sa a chak jou travay, fè majistra konnen gen moun ki vini kote li e fèmen pòt biwo a apre jounen travay la.

Onbwèl

Parasòl. Yon bagay ki fèt avèk saten e tou won tankou moso yon boul moun itilize pou bare solèy, pare lapli. Dlo lapli a tonbe sou onbwèl la epi li sib fòm won a pou ale tonbe atè.

Ond

Tout espas vid ki egziste, yon kote gen anpil chanjman nitirèl ki ap fèt, men je moun pa kapab wè yo.

Ondiras

Yon peyi nan kontinan Amerik la kote moun yo pale Espanyòl. Ondiras se yonn nan peyi Amerik Santral la e kapital li se Tegisigalpa.

Onz

Dezyèm nonb pozitif ki gen de chif nan li apre dis. 11. Dis plis en. Sis plis senk. Douz mwens en.

Opalè

Opalè: Yon aparèy elektrik ki gen yon moso leman andedan yon woulo fil kouran ki kapab resevwa yon son de yon mikwo epi fè son an vini fò anpil.

Operasyon

Tout travay ki fèt pou bay yon rezilta. Kat mwayen aritmetik yo pou jwenn yon rezilta: adisyon (+), soustraksyon (-), miltiplikasyon (x) avèk divizyon (÷).

Opoze

Pran yon pozisyon kont yon lòt. Mache nan direksyon nò sou menm liy avèk yon moun ki ap mache nan direksyon sid. Aji kont yon lide.

Opozisyon

Politisyen ki pa gen menm lide pou devlopman yon peyi avèk prezidan an. Pozisyon moun ki kont gouvènman yon peyi. Aksyon moun ki pran pozisyon kont yon lòt.

Orikilè

Dwèt ki pi piti a nan tout dwèt men moun. Kòmanse konte nan dwèt pous la, li se senkyèm dwèt la.

Orizontal

Pozisyon ki sanble avèk pozisyon fas yon dlo dòmi. Yon pozisyon ki pèpandikilè a pozisyon vètikal la. Menm pozisyon avèk kouche.

Oseyan

Lanmè. Yon kantite dlo ki sanble li pa gen finisman tèlman li laj, li anpil.

Oseyanik

Yonn nan senk kontinan sou tè a ki pi piti pase lòt kat kontinan yo. Ostrali se pi gwo peyi e pi gwo il sou kontinan sa a ki gen plizyè il nan li. Nenpòt bagay ki gen rapò avèk oseyan.

Ostrali

Yon gwo il ki prèske fòme tout kotinan Oseyanik la pou kont li.

Otèl

Otèl: Yon kay ki gen anpil chanm nan li kote moun ale pou yo pase yon kantite tan lè yo pa pre kay yo. Moun nan yon otèl peye yon kòb pou chak jou yo pase nan otèl la. Toujou gen otèl nan tout gwo vil paske gen anpil moun ki toujou ap vizite gwo vil yo.

Oto

Otomobil. Yon bèl machin yon moun posede pou transpòte limenm avèk rès fanmiy li. Nenpòt machin yon moun posede pou transpòte moun.

Otobis

Yon gwo machin ki gen chèz pou tout moun chita. Machin sa a pote anpil moun, men li pa pote anpil chay tankou gwo sak lou.

Òtograf

Fason mo nan yon lang fèt pou ekri. Lide, prensip pou ekri mo nan yon lang. Yon mwayen moun itilize pou yo ekri sa moun di lè yo ap pale yon lang.

Otomatik

Yon bagay yon moun bezwen fè yon sèl travay pou bagay la kontinye fèt san rete. chak bal nan yon revolvè bezwen yon kout gadjèt pou soti, tout bal nan yon mitrayèz bezwen yon sèl kout gadjèt; kidonk tire bal nan mitrayèz se yon bagay otomatik.

Otomobil

Oto. Yon bèl machin yon moun posede pou transpòte limenm avèk tout rès fanmiy li. Nenpòt machin yon moun genyen pou transpòte moun.

Otonomi

Eta yon moun, yon gwoup moun, yon òganizasyon, yon peyi ki gen yon chèf, men chèf la kite li pran kèk desizyon. Yon nivo libète ki toupre endepandans.

Otorite

Moun ki gen pouvwa pou egzèse sou lòt moun e pouvwa sa a mache avèk kèk responsablite tou.

Otorizasyon

Pèmisyon moun ki gen otorite bay moun ki pa kapab aji san pèmisyon sa a, otorite sa a pou yo aji nan tout libète posib.

Otorize

Bay moun otorizasyon, pèmisyon pou yo fè bagay yo pa kapab fè san otorizasyon.

Otowout

Yon wout plizyè liy machin kapab kouri sou li yonn sou kote lòt an vitès e pa gen limyè sikilasyon sou wout sa.

Otrefwa

Ekspresyon pou pale de yon epòk, yon bagay ki te pase san konnen, sonje vrèman moman lè epòk sa a, bagay sa a te pase.

Ou

Yon pwonon. Moun itilize li pou pale dirèkteman avèk yon moun. Ou byen, De mo moun itilize ansanm pou di si se pa yon bagay se yon lòt bagay.

Oumenm

Mo moun ki ap kominike avèk lòt moun itilize pou mete plis fòs nan sa yo ap di a epi fè moun yo ap eseye kominike avèk li a santi sa a.

Out

Yuityèm mwa nan yon ane. Yonn nan de mwa ki fè plis chalè sou kote mwa Jiyè a. Yonn nan sèt mwa yon ane ki gen tranteen jou.

Ouvè

Ouvè: Sa ki pase lè yon kouvèti, yon pòt ki te bare, fèmen yon kote soti kote li te ye a. Devlope yon bagay ki te vlope, fèmen. Ouvè Fèmen, Yon ti zèb ki febli e bese pi ba lè moun touche li epi leve kanpe yon ti moman apre.

Ouvri

Retire yon kouvèti, yon pòt ki te bare, fèmen yon kote. Devlope yon bagay ki te vlope, fèmen. Fè yon bagay, tankou bouch yon moun, vini laj.

Oval

Yon bagay ki gen yon fòm tankou yon wonn ki pese sou de bò, men de kwen yo pa fini rankontre. Fòm boul ameriken yo jwe foutbòl yo a.

Ovil

Yon repwodiksyon andedan kò yon femèl ki kapab vini fòme yon ze pou bay yon pitit.

Ovile

Yon moman sou katozyèm jou depi yo fi te gen règ li epi yonn nan ovil li yo, sa ki pi gran an, avanse prèske nan bouch koko li pou tann dechay. Si ovil la jwenn dechay nan twa jou li pase nan bouch koko fi a li ap kòmanse fòme yon ze ki ap ale bay yon pitit apre yon kantite tan.

Ozalantou

Nan tout kwen yon bagay tankou dlo ki antoure yon il, yon bag sou yon dwèt yon moun.