65 mo ki kòmanse ak «R»

R

R: Disetyèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la.

Ra

Eta yon bagay moun difisil pou jwenn, rankontre li. Yon bagay moun oblije chache li anpil pou jwenn li.

Rabote

Aksyon yon bagay ki ap avanse nan yon direksyon epi li ap pouse ale tout sa li jwenn nan chemen li, sou wout li.

Rach

Yon enstriman ki fèt pou koupe gwo bagay di tankou yon twons bwa. Pou koupe yon bagay avèk rach, moun frape pati file nan rach la sou bagay la anpil fwa epi ti moso soti yonn apre lòt nan bagay la jis li fini koupe.

Rad

Moso twal koutiryè avèk tayè koupe nan fòm kò moun e koud yo ansanm pou moun abiye.

Radyo

Yon mwayen kominikasyon ki egziste ant yon gwo aparèy elektwo-mayetik ki voye son nan lespas e yon ti aparèy elektwo-mayetik ki ap resevwa son sa yo. Kantite ti aparèy ki kapab resevwa son sa yo pa gen limit. De ti aparèy de moun, pou pi piti, kapab ititlize pou yo pale, kominike ant yo de a.

Rafine

Eta yon moun ki resevwa yon edikasyon nan fanmiy li, nan zòn kote li ap viv la ki fè li konprann byen jan pou li viv avèk moun ki ap viv sou kote li.

Rafrechisman

Yon bagay glase tankou krèm, dlo, kola e latriye ki kontribye nan bese chalè yon moun santi lè moun bwè bagay sa yo. Nenpòt bagay moun bwè avèk espwa chalè yo santi ap bese.

Rakèt

Rakèt: De plant nan peyi Ayiti: yonn gen yon fòm varye avèk pikan e yon likid blan andedan li. Likid sa a se yon pwazon. Ayisyen itilize rakèt sa pou fè lantouray. Lòt rakèt la gen yon fòm oval avèk ti pikan fèb nan tout kò li. Ayisyen itilize plant sa pou feyaj. Yon entriman jwè anpil jwèt itilize pou frape e voye yon boul sou bò lòt jwè a.

Rakonte

Pale de yon bagay ki pase. Bay yon kont tankou istwa Bouki avèk Timalis.

Ran

Nivo ki egziste ant plizyè bagay, moun, djòb, travay, pozisyon nan yon sosyete, yon peyi. Liy. Plizyè moun ki kanpe yonn devan lòt pou tann yon bagay.

Randevou

Yon lè, de ou byen plis moun antann yo, pou rankontre yon kote pou pale de yon bagay.

Ranje

Mete plizyè bagay nan yon pozisyon ki ede jwenn yo lè gen bezwen pou yo. Bay yon bagay yon fòm li te pèdi. Plizyè bagay ki nan yon pozisyon.

Rankont

Moman kote moun rankontre.

Rankontre

Soti nan yon pozisyon, yondireksyon pou ale menm kote avèk lòt moun ki pa soti menm kote a.

Ranmye

Yon bèl zwazo ki kapab fè yon gwo bri andedan gòch li e ki toujou ap vole, rete sou yon pye bwa kote parèy li ye.

Rann

Travay yon moun ki ap pouse manje soti andedan vant paske gen yon fòs ki ap pouse manje sa a soti deyò. Rann Sèvis, Sèvi yon moun gratis ou byen pou lajan.

Ranpli

Fè, mete an plis sou yon bagay tankou mete tè nan yon tou.

Ranyon

Moso twal, rad ki lave anpil, twò ansyen pou moun abiye epi moun mete yo nan yon kwen ou byen anba matla kabann.

Rapadou

Yon sik solid peyizan ayisyen fè nan moulen. Pou prepare rapadou, peyizan yo kraze kann pandan yo ap separe dlo a avèk kakas kann nan. Yo mete dlo kann nan bouyi pou jis li vini siwo. Nan yon moman anvan siwo a brile, yo retire li mete nan yon gwo ganmèl epi yo brase siwo a pou jis li prèske di. Lè sa yo mete li nan kayèt.

Rapòte

Rapòte: Aprann yon bagay, yon istwa epi ale pale lòt moun de konesans sa yo. Bay enfòmasyon nan yon jounal, yon radyo, yon televizyon.

Rara

Yon gwoup mizikal ki gen yon majò-jon devan, kèk dansè dèyè li, tanbouyè, banbouyè, yon bòkò, yon badjikan, avèk kèk lòt mizisyen e patisipan. Rara kòmanse sou dènye jou madigra pou fini lè fèt Pak rive.

Ras

Divizyon moun kreye pou fè diferans ant koulè moun ki ap viv sou tè a e tout kote nan lemond.

Rasanbleman

Plizyè bagay, moun, bèt ki nan yon pozisyon nan yon moman. Yon foul moun.

Rasin

Yon pwent tout plant pouse nan tè a pou kenbe yo solid anlè tè a. Moun itilize rasin plant anpil e gen anpil nan yo moun manje. Orijin, premye kote yon bagay soti anvan moun te kòmanse tande pale de li.

Rasyonèl

Rasyonèl: Eta yon desizyon moun ki pran li a te itilize entelijans epi moun nan te evite itilize kè li, sansiblite li.

Rat

Yon ti bèt ki gen kat pye bouch long, zòrèy kanpe e ke long ki entelijan anpil e ki gen, nan kò li, anpil pati moun gen nan kò yo. Moun ki fè medikaman pou maladi moun soufri toujou eseye medikaman sa yo sou rat anvan yo bay moun medikaman yo. Rat renmen viv nan tou e yo pa fè moun konfyans.

Rate

Manke. Pèdi chans ki te egziste pou reyalize, benefisye yon bagay. Aksyon yon pèlen ki kite pozisyon yon moun te ranje li pou kenbe yon bèt.

Ratyè

Yon machin moun itilize pou kenbe rat paske bèt sa pa janm kite moun rive pre li. Moun mete manje yo konnen rat renmen nan ratyè a epi ranje li yon fason pou li rate.

Ratyèfè

Yon ratyè ki fèt an fè. Mo kèk gason itilize lè yo ap pale de kèk madanm ki konnen kijan pou yo fè pou kouche avèk lòt gason san mari yo pa janm kenbe yo.

Ravin

Yon ti kouran dlo ki sanble avèk yon rivyè, men ki plis soti nan kèk mòn pou ale tonbe nan larivyè. Kantite dlo ravin yo pa anpil e lè lapli fè anpil tan li pa tonbe ravin yo pa gen dlo sou wout yo.

Ray

Yon wout ki fèt pou tren pase. Yon ray gen de liy fè ki kouche sou anpil moso bwa sou tout longè wout la. De liy fè sa yo kenbe wou tren yo pou yo pa deraye.

Rayi

Eta yon moun, yon bèt ki gen vye santiman nan kè li pou yon lòt moun.

Rayisman

Move santiman yon bèt, yon moun gen nan kè li pou yon lòt moun, yon lòt bèt.

Re

Yonn nan sèt nòt mizikal yo: do, re, mi, fa, sòl, la, si.

Rebitan

Yon manje ki diminye apeti moun chak fwa yon moun manje li. Nenpòt bagay yon moun gen mwens anvi pou fè li chak fwa li fè li yon fwa an plis.

Rebitans

Santiman moun gen pou yon bagay ki rebitan.

Redaksyon

Yon devwa pwofesè bay elèv lekòl primè kote yo gen pou yo pale de yon bagay tankou yon moman nan lavi yo, yon bèt e latriye. Yon redaksyon gen twa pati: entwodiksyon, devlopman, konklizyon.

Refèt

Refèt: Remete tout bagay nan plas yo pou tout bagay vini gen menm fòm li te genyen nan yon moman pase. Yon lòd moun pase òdinatè pou ekri ankò yon bagay moun apèn efase.

Refrijeratè

Yon machin ki gen anpil tiyo andedan li ki gen gaz pase andedan yo pou glase bagay ki andedan machin nan. Refrijeratè fè dlo tounen glas, li fè anpil likid vini di.

Règ

Règ: Yon moso materyèl ki ede moun trase yon liy dwat. Prensip moun fèt pou yon respekte. San ki soti nan koko yon fi chak ventsuit jou nan yon mwa pou avèti fi a li ap ale ovile nan katòz jou. Gen kèk fi ki gen gwo doulè nan vant yo lè yo gen règ yo.

Regrete

Eta yon moun ki gen lapenn pou yon bagay ki te fèt mal. Yon moun ki regrete yon bagay ap chache ranje li depi li kapab. Gen bagay tankou lanmò moun regrete lè yo rive, menm jan avèk lanmò tou, gen bagay moun pa kapab chanje.

Rejim

Yon gwoup moun ki gen tout pouvwa nan men yo pou pran desizyon pou yon lòt gwoup moun, yon peyi. Yon grap nan tèt yon pye bannann, lè li rèk, moun koupe li pou manje.

Reken

Yon gwo pwason nan lanmè ki manje vyann tankou vyann moun yo jwenn nan lanmè a, menmsi moun nan vivan.

Reklam

Pale de yon bagay, yon machandiz pou fè moun panse yo konnen bagay sa, machandiz la epi yo ap ale chache li pou achte li.

Rekò

Rekò: Rezilta yon bagay moun ap mezire depi lontan epi li rive bay yon rezilta moun pa te janm wè anvan jou li rive bay nouvo rezilta sa a.

Rekonesans

Konesans ki retounen nan tèt yon moun apre anpil tan te pase depi moun nan te pèdi konesans la. Apresyasyon yon moun montre pou yon bagay yon lòt moun fè. Konpliman yon moun resevwa pou yon bon bagay li fè.

Rekonèt

Rekonèt: Itilizasyon ansyen konesans pou sonje yon bagay. Sonje resanblans yon bagay.

Rekonstwi

Konstwi yon bagay yon dezyèm fwa. Mèt yon ansyen kay kapab mande yon bòs pou li rekonstwi kay la pou li.

Rèl

Rèl: Yon liy nan mitan do yon èt vivan kote zo ki pi ansyen nan kò a rankontre. Eta yon moun ki ap kriye fò pou fè lòt moun konnen li bezwen èd.