Diksyonè
Diksyonè Kreyòl.
Tape yon mo, yon definisyon, oswa yon egzanp. Aksan pa obligatwa: «lekol» jwenn «lekòl».
- C
-
C: Twazyèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la. Li kapab ranplase lèt "K" ou byen lèt "S" pou ekri yon mo.
- Cadillac
-
Yon konpayi, yon mak machin ameriken moun te konsidere tankou yon gwo mak lè li te premye rantre sou mache mondyal la. Non an toujou rete gwo paske pa gen lòt machin ki ranplase Cadillac tout bon vre.
- Canada
-
Yon gwo peyi nan Amerik Nò a e nan nò Etazini. Li divize an de pati: Kebèk avèk Montreal. Moun Montreal pale Fransè e moun Kebèk pale Anglè. Peyi sa gen yon gouvènman rwayalis; konsa yo pa gen prezidan. Se yon premye minis ki gouvène peyi a.
- Cap-Haïtien
-
Cap-Haïtien: Gade Kap-Ayisyen.
- chache
-
Fouye nan mitan plizyè bagay pou rive jwenn yon bagay. Gade plizyè bagay byen pou rive jwenn yonn, pou pi piti, nan li.
- chadèk
-
Yon gwo grenn yon pye bwa donnen e ki sanble avèk zoranj anpil. Yon chadèk pi gwo pase zoranj, li won menm jan avèk zoranj e yo gen menm koulè, jón. Li difisil pou yon moun ki pa konnen de fri yo byen pou fè diferans ant gou ji yo de a.
- chak
-
Yonn pa yonn. Yonn nan yon pozisyon pou kont li.
- chalè
-
chalè: Yon wotè tanperati a monte ki fè moun santi lè a cho. chalè fè moun swe, esoufle e malad. Nan peyi Etazini, chalè konnen touye moun ki gen pwoblèm sante.
- chapèl
-
Yon ti legliz katolik nan yon ti kominote. Yon legliz katolik nan yon seksyon-riral nan peyi Ayiti.
- chapit
-
Yonn nan chak gwo divizyon, pati yon liv kote ekriven an pale de yon sijè ki sanble li diferan de lòt pati nan liv la. Travay yon bòkò fè pou yon moun ki vini kote li pou chache konnen yon verite.
- chat
-
Yon bèl ti bèt ki gen zòrèy kanpe, tèt won, ki fè yon son nan gòj li tankou: miyaw, miyaw, … Gen yon lòt son san rete e endepandan de volonte chat la ki toujou ap fèt nan gòj li tou. Moun ki soufri maladi, Las, gen menm son sa a nan gòj yo tou. Koko fi.
- chavire
-
Pran yon pozisyon tankou lè tèt la vini anba epi pye yo ale anlè. Yon machin ki kouche sou yon kwen li, tèt anba, nan yon falèz.
- chèch
-
chèch: Eta yon bagay, yon moun, ki piti devan gwosè nòmal moun sipose li te dwe ye. Yon moun anpil nan zo kò li vizib. Mèg.
- chèf
-
chèf: Moun ki gen pouvwa e fòs pou gouvène tankou yon prezidan, yon wa, e latriye. Nenpòt militè. chèf Seksyon, Non moun ki te reponsab seksyon riral nan peyi Ayiti yo te genyen. chèf seksyon yon te gen anpil pouvwa nan men yo paske yo te milisyen tou.
- chèk
-
chèk: Yon moso papye yon bank bay yon kliyan li pou fè konnen moun sa a te fè yon biznis avèk bank la pou kenbe lajan pou li epi peye nenpòt moun ki parèt devan bank la avèk moso papye sa a ki gen non moun nan, yon motan kòb la an chif e an lèt, dat jou a ou byen nenpòt dat rezonab, siyati kliyan bank la.
- chemen
-
Wout. Nenpòt mwayen moun itilize pou rive yon kote, jwenn yon bagay. Jezi Kris.
- chemiz
-
Yon rad gason mete sou yo pou kouvri kò yo soti nan kou yo pou rive nan senti yo. Yon chemiz gen yon kòlèt, de manch kout ou byen long, yon pòch (pou pi piti) sou bò goch la e sou lestomak gason a. Yon chemiz fann sou devan epi li gen bouton pou fèmen li kote li fann nan.
- chemizèt
-
Yon rad gason mete sou yo e anba chemiz yo. chemizèt pa genyen manch menm jan avèk chemiz e yo pa ouvri devan tou.
- cheri
-
Yon non yon moun bay yon lòt moun ki enpòtan nan lavi li tankou mennaj, mari, madanm, frè, sè e latriye. Nan anpil sosyete se moun ki gen sèks opoze yo ki di lòt la cheri.
- cheval
-
Yon gwo bèt ki gen ke long, kat pye, gwo tèt. Moun fè cheval rale, pote chay e moun monte li tou. cheval kapab kouri vit anpil; se sa ki fè gen anpil teren kote moun prepare pou fè kous cheval. Yon femèl cheval kapab fè yon pitit ki rele milèt lè li kwaze avèk yon mal bourik. chwal.
- cheve
-
Plim. Plim ki grandi nan tèt, anba zèsèl moun, toupre koko fi, zozo gason e sou kò anpil bèt tankou poul, cheval, e latriye.
- Chevrolet
-
Yon konpayi, mak machin ameriken ki gen yon senbòl ki senble avèk de rektang, yonn kwaze sou lòt la.
- chèz
-
Yon moso planch ou byen yon kadran ki trese avèk kòd palmis, latanyen e latriye e ki gen kat pye avèk yon dosye pou moun chita.
- chifonnen
-
Eta yon bagay ki gen anpil mak sou li, ki pate egziste lè li te nèf. Eta yon rad ki pa pase.
- chimi
-
Etid syantifik konpozisyon avèk reyaksyon tout eleman nan lanati. Yon syans.
- chimik
-
Yon materyèl ki gen pou pi piti yonn nan eleman chimi yo nan li.
- chin
-
Pi gwo peyi nan kontinan Azi a e li gen fontyè avèk pliske dis peyi. Kapital peyi sa a rele Bejin e moun la pale anpil lang. Yon pa itilize alfabèt tankou alfabèt lang Kreyòl la. Yo itilize senbòl ki sanble avèk sa yo vle di a pou ekri yon mo. Moun ki ap li tèks lang sa kòmanse li a dwat pou rive a goch. Gen plis pase 1.008.175.288 moun ki ap viv nan peyi chin.
- chire
-
Dekole moso nan yon bagay san pran prekosyon kijan bagay la ap dekole. Aksyon yon gason ki fòse zozo li rantre nan koko yon ti fi. Kreve.
- chita
-
Eta yon moun ki plwaye kò li yon fason pou li kapab fè dèyè li rive sou yon bagay tankou yon chèz kote li kapab lage tout rès kò li desann.
- cho
-
Eta yon bagay ki resevwa chalè. Pèfòmans, yon moun, yon atis tankou yon chantè. Aksyon yon moun ki ap chache montre sa li genyen, kò li, yon bagay li posede.
- chodyè
-
Resipyan moun itilize pou mete manje bouyi sou dife.
- chofe
-
Eta yon bagay nan moman li ap resevwa chalè. Eta yon ti gason, yon ti fi ki anvi gen mennaj. Moun panse timoun sa gen anpil chalè (anvi fè lanmou) ki ap grandi andedan li.
- chòfrèt
-
Malkadi. Manifestasyon yon maladi kèk moun genyen ki fè yo pèdi konesans, tranble anpil epi rele pandan bouch yo ap fè kim.
- chose
-
Pati nan yon wout ki nan mitan de liy kote yon machin kapab pase a. Yon ri kapab genyen de ou byen plizyè choche.
- chosèt
-
Yon ti sak moun mete nan pye yo pou anpeche soulye fwote dirèkteman nan pye yo.
- chou
-
Yon vejetab ki bon pou mete nan bouyon e legim. Yon pati nan pye palmis ki kouvri avèk anpil tach. Tach ki poko rèk pou parèt deyò. Ti gou sikre li genyen an fè li fè bon legim tou.
- chouk
-
Rès dèyè yon bagay tankou yon pye bwa ki kase. Rès yon dan ki kase nan bouch yon moun, yon bèt.
- choukèt
-
Yon ti chouk. Yon moun ki pa grandi tankou moun nòmal grandi.
- Chrysler
-
Yon konpayi, mak machin ameriken.
- chwa
-
Libète yon moun genyen pou li kapab chwazi. Plizyè bagay ki disponib pou yon moun pran nenpòt nan yo li vle.
- chwal
-
cheval. Yon gwo bèt ki gen ke long, kat pye, gwo tèt. Moun fè cheval rale, pote chay e yo monte li tou. cheval kapab kouri vit anpil; se sa ki fè gen anpil teren kote moun prepare pou fè kous cheval. Yon femèl cheval kapab fè yon pitit ki rele milèt lè li kwaze avèk yon mal bourik.
- chwazi
-
Travay yon moun ki itilize libète li genyen pou pran nenpòt nan plizyè bagay ki disponib.
- chyen
-
Yon bèt ki bon zanmi moun lè moun nan trete li byen. Yon chyen gen kat pye, yon ke long, bouch long. chyen kapab mechan pou moun li pa konnen. Li toujou vle pwoteje mèt li kont moun li kwè ki ap ale atake mèt. Kèk chyen byen avèk tout moun menmsi se premye fwa yo wè moun nan. Lè yon mal chyen ap kwaze yon femèl, li ap kole avèk femèl la pou jis li fini voye. chyen zanmi chat.
- CPU
-
Yonn nan sen pati ki fòme yon òdinatè (ekran, òdinatè, sourit, klavye, enprimè). Abrevyasyon CPU a soti nan non Anglè a pou Central Processing Unit. An reyalite CPU a se li menm menm ki òdinatè a. Tout lòt pati yo sèlman ede moun avèk òdinatè kominike.
- Croix-des-Bouquets
-
Yon vil nan peyi Ayiti ki tou pre kapital peyi a, nan direksyon nò-lwès e sou wout pou ale nan depatman Sant la. Gade Kwadèboukè.
- Croix-des-Missions
-
Gade Kwadèmisyon.