Diksyonè
Diksyonè Kreyòl.
Tape yon mo, yon definisyon, oswa yon egzanp. Aksan pa obligatwa: «lekol» jwenn «lekòl».
- D
-
D: Katriyèm lèt nan alfabèt Kreyòl la. Li bay menm son avèk chif "2" ki ekri "De".
- Dam
-
Fi ki nan yon bal. Yon ki abiye yon fason respektye ki fè depi moun wè li yo deja devine li se yon madanm. Yon fanm ki respekte tèt li.
- Damye
-
Yon jwèt ki jwe avèk 20 pyon pou chak nan de jwè yo. chak fwa opòtinite prezante pou yon jwè jwenn yon espas vid dèyè yon pyon opozan li a epi pase pyon pa li a lòt bò pyon opozan an, li retire yon pyon opozan an nan jwèt la. Jwèt la kontinye konsa jis pyon yon jwè fini pran tout pyon lòt Jwè a anvan. Jwè sa a pèdi. chak fwa pyon yon opozan rive nan liy ki pi pre lòt jwè a, jwè sa a fèt pou li mete yon lòt pyon sou pyon ki rive nan liy sa. Tou de pyon sa yo kapab deplase ansanm pou retire yon lòt pyon nan nenpòt distans sou yon liy dwat.
- Damyen
-
Yon zòn nan nò Pòtoprens kote pi gwo lekòl agwonomi peyi a sitiye. Tout moun rele lekòl la Damyen tou.
- Dan
-
Yon kantite zo ki grandi andedan bouch. Yon moun kapab genyen trant-de dan nan bouch li lè li fini granmoun. Yon timoun kapab genyen venn-kat dan nan bouch li pou yon bon bout tan anvan li rive gen rès yo.
- Danje
-
Yon obstak sou wout yon moun ki kapab kòz yon mal tankou lanmò.
- Dans
-
Aksyon moun ki ap danse. Dans chèz, Yon dans kote moun ki ap danse yo a fè wonn plizyè chèz, men gen yon dansè an plis ke kantite chèz ki genyen an. chak fwa mizik la sispann jwe, tout moun gen pou yo chache yon chèz pou chita. Moun ki pa jwenn yon chèz pou li chita a ap soti nan dans la ansanm avèk yonn nan chèz yo. Sa kontinye konsa jis yon sèl moun rete nan dans la epi li genyen.
- Danse
-
Yon fason moun souke kò yo nan ton yon mizik. Souke kò pandan mizik ap jwe. Souke kò tankou lè mizik ap jwe, menmsi pa gen mizik ki ap jwe.
- Danti
-
Jan dan ranje nan bouch. Moun ki gen bèl ranje dan, gen bèl danti. Si dan yon moun fè ès (S), moun sa gen move danti.
- Dantis
-
Doktè ki te ale lekòl pou etidye dan e ki kapab analize, netwaye dan, mete fo dan pou moun.
- Dantisyon
-
Jan dan grandi nan bouch yon moun. Yon etap nan lavi moun kote dan ti bebe ap parèt nan jansib yo yonn apre lòt anvan yon gen venn-kat dan nan bouch yo.
- De
-
chif ki vini apre en an. En ogmante sou en. Yonn plis yon lòt. Yon ti aparèy koutiryè mete nan pwent dwèt yo pou koud; konsa egiy la pa kapab pike dwèt yo.
- Debake
-
Retire chay sou yon bagay. Eta yon bagay, yon moun ki desann soti yon kote.
- Dechay
-
Yon likid ki soti andedan yon gason, yon mal bèt lè li voye andedan yon fi, yon femèl bèt. Likid sa a gen plizyè milyon spèmatozoyid nan li.
- Dechennen
-
Demare yon bagay, yon moun ki te mare avèk chèn. Yon moun ki aji yon fason ki fè lòt moun panse pa gen anyen ki te kapab anpeche li fè bagay sa a, menm chèn.
- Dechouke
-
Retire yon chouk nan tè. Retire yon moun nan yon pozisyon. Mo sa te popilè anpil nan peyi a nan moman kriz politik ane 1985-90 yo.
- Defèt
-
Defèt: chanje fòm yon bagay ki te fèt deja. Kraze yon bagay.
- Defini
-
Bay yon bagay, yon mo yon definisyon.
- Definisyon
-
Lide ki esplike kisa yon bagay, yon mo vle di; konsa lè moun wè mo sa, bagay sa yo kapab kole lide sa a sou mo a, bagay la.
- Degobe
-
Yon ti kouch lè ki soti nan bouch yon moun paske moun nan te kite tan pase apre li te santi grangou anvan li manje. Reyaksyon gaz kabonik nan vant moun ki ap chache kote pou yon soti e lè yo soti, yo fè yon bri moun rele gaz tou.
- Degre
-
Nivo yon moun, yon bagay rive. Dènye klas yon moun te pase nan yon disiplin lekòl. Yon mezi moun itilize pou kontwole tanperati. Gen twa mezi konsa: Celcius, Fahrenheit, Kelvin.
- Dekòde
-
Dekòde: Defèt yon kòd yon fason pou dekole de branch ki rantre nan konstitisyon kòd la.
- Dekorasyon
-
Ogmante bèl bagay tankou kèk koulè remakab, flè pou fè yon bagay vini bèl tou. Bagay ki kontribye pou dekore yon lòt bagay.
- Dekoud
-
Retire kouti ki te kenbe yon moso twal ou byen nenpòt lòt bagay ki kapab koud.
- Dekouvri
-
Enfòme moun sou egzistans yon bagay yo pate janm konnen. Retire kouvèti sou yon bagay ki te kouvri.
- Dekrase
-
Retire kras ki sou yon bagay, yon kò.
- Delivre
-
Retire yon gwo chay, yon responsablite , yon akizasyon sou do yon moun. Eta yon manman ki fini pouse yon pitit soti nan vant li.
- Demisyon
-
Aksyon yon mouun ki retire tout responsablite yon djòb sou do li. Aksyon yon moun ki kite yon djòb, ki remèt patwon li yon lèt pou di li retire tèt li nan pozisyon li te okipe a.
- Demisyone
-
Kite yon djòb, bay yon patwon yon lèt demisyon.
- Demoli
-
Pèdi yon fòm solid pou kraze e vini plat atè.
- Demolisyon
-
Jan yon bagay pèdi fòm li epi kraze plat atè. Etap yon bagay pase lè li ap demoli.
- Demonstrasyon
-
Montre potansyalite yon bagay. Montre kisa yon bagay kapab akonpli, kapab fè. Montre kijan yon bagay fonksyone. Mete yon bagay devan je moun, kote pou moun kapab wè li.
- Demwazèl
-
Demwazèl: Yon fi ki sanble avèk yonn ki gen tout kalite yon fi bezwen pou li genyen mennaj epi marye. Yon laj lè yon jèn fi rive nan li, moun kwè li kapab gen mennaj, marye. Madmwazèl.
- Depatcha
-
Rache yon bagay moso pa moso; konsa li ap pèdi fòm orijinal li te genyen an.
- Depatman
-
Yon seksyon, yon pati nan yon bagay ki diferan de rès bagay la, lòt pati nan bagay la. Depatman Grandans, Yonn nan nèf depatman peyi Ayiti yo. Li sitiye an fas Gòlf Lagonav la e nan sid-lwès peyi a. Depatman Latibonit, Yonn nan nèf depatman peyi Ayiti yo e yonn nan twa depatman ki nan mitan peyi a tou. Se la ayisyen kiltive plis diri e gen anpil zòn istorik nan depatman sa a. Depatman Lwès, Yonn nan nèf depatman peyi Ayiti e yon lòt nan twa depatman ki nan mitan peyi a. Se la kapital Ayiti a, Pòtoprens, ye. DepatmanNò, Yonn nan nèf depatman peyi a kote dezyèm vil peyi a, Kap-Ayisyen, ye. Se la pi gwo moniman peyi a, Sitadèl-Laferyè, ye. Depatman Nò-Lès, Yonn nan nèf depatman peyi Ayiti ki sou kote lès Depatman Nò a. Depatman Nò-Lwès, Yonn nan nèf depatman peyi Ayiti yo ki sou kote lwès Depatman Nò a. Pòdepè, kapital depatman sa a, se yonn nan pi ansyen vil nan peyi a. Depatman Sant, Yonn nan nèf depatman nan peyi Ayiti yo e se yonn tou nan twa depatman ki nan mitan peyi a. Se la baraj flèv Latibonit la ye, yon baraj ki bay kapital peyi a elektrisite. Kèk vil ki sou wout kote fil kouran yo pase benefisye ti kras nan elektrisite baraj sa a bay la tou. Depatman Sid, Yonn nan nèf depatman peyi Ayiti yo ki sou yon prèskil nan sid peyi a. Gen anpil bèl plaj nan zòn sa a. Depatman Sid-Lès, Yonn nan nèf depatman Peyi Ayiti yo e se yonn nan twa depatman ki fòme prèskil kote Depatman Grandans avèk Depatman Sid la ye a. Li kole avèk Repiblik Dominikèn e li gen anpil bèl plaj tankou tout lòt depatman nan peyi a ki sou kote lanmè.
- Depite
-
Yon enplwaye leta, dapre konstitisyon peyi a, moun nan yon komin eli pou ale reprezante komin nan nan chanm peyi a kote tout depite rankontre pou diskite pwoblèm komin yo avèk lwa. Nan moman diktati yo, gwo chèf nan depatman yo, nan kapital peyi a te konnen fè magouy pou nonmen moun pa yo nan pozisyon sa a.
- Depo
-
Yon chanm nan yon kay, yon ti kay nan lakou yon gwo kay, kote moun sere afè yo pou jwenn li lè yo bezwen li. Kote mèt yon boutik, yon magazen, yon machann mete machandiz li pou jwenn lè gen anpil demand.
- Deposede
-
Retire bagay yon moun posede nan men li.
- Depoze
-
Mete yon bagay chita nan yon pozisyon. Elimine yon lyen avèk yon moun, yon zanmi. Mete kòb sou yon kont nan bank.
- Depozit
-
Yon bagay yon moun mete chita nan yon pozisyon. Travay yon moun ki mete kòb an plis sou yon kont nan bank.
- Deraye
-
Soti sou yon chemen dwat pou pran yon direksyon ki pa rantre nan wout nòmal la. Aksyon yon tren ki kite ray li pou pran wout san ray.
- Desè
-
Desè: Yon bagay tankou konfiti, fri moun manje apre yo fini manje yon gwo repa.
- Desepsyon
-
Eta yon moun santi li lè espwa li te genyen sou yon lòt moun disparèt, pa kapab kontinye egziste.
- Desi
-
Eta yon moun santi li apre yon desepsyon.
- Desinatè
-
Moun ki fè desen, moun ki gen don pou fè desen. Yon moun ki desine yon pwogram òdinatè.
- Desine
-
Fè desen. Ranje tout fenèt, bouton, liy sèvis, kòmand nan yon pwogram òdinatè anvan pwogramè a ekri liy ki koresponn avèk desen sa yo.
- Desizyon
-
Dènye analiz yon moun fè anvan li jwenn yon konklizyon. Jan yon moun deside.
- Destinasyon
-
Kote yon bagay gen pou li rive a.
- Destinatè
-
Destinatè: Moun, nan entansyon moun ki ap voye yon bagay, ki ap resevwa bagay la. Pou moun ki ap voye yon bagay, se moun ki ap resevwa bagay la.
- Destine
-
Jan lanati te deja ranje pou yon bagay pase.