77 mo ki kòmanse ak «F»

F

F: Sizyèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la.

Fa

Yonn nan sèt nòt mizikal yo: do, re, mi, fa, sòl, la, si.

Fache

Move. Eta yon moun ki pa kontan. Eta yon moun ki pa kapab jwenn bagay li bezwen e ki pa vle satisfè avèk sa li genyen.

Faks

Yon moso papye avèk ekriti sou li ki soti kote yon moun itilize yon machin ki kapab kominike avèk yon lòt machin pou voye tèks nan machin sa a. Faks machin, Yon machin ki kapab itilize yon liy telefòn pou voye mesaj bay lòt machin. Yon aparèy elektwonik ki andedan yon òdinatè e ki mete ansanm avèk yon pwogram pou voye mesaj bay anpil lòt machin.

Falèz

Falèz: Yon tou sou kote yon wout tankou anba yon mòn.

Famasi

Yon boutik kote ki gen medikaman pou vann pou tout maladi.

Fanm

Femèl e manman. Depre Bib la, fanm se yon moun Bondye te fè avèk yon zo kòt Adan pou kapab kenbe gason konpayen. Yon fanm fèt pou li toujou gen cheve long, gwo ou byen tete long, gwo dèyè avèk koko nan fant janb li. Yon fi kapab mete zanno nan zòrèy li, wòb sou li, e latriye. Li gen règ chak mwa.

Fanmòt

Yon fanm ki pa gen tay nòmal yon moun sipoze genyen. Yon ti fi.

Fann

Koupe yon bagay nan direksyon longè li.

Fant

Espas ant de bagay, nan mitan de bagay.

Fantastik

Yon bèl bagay pyès moun pa kapab meprize bote. Yon bagay ki bèl anpil.

Farin

Poud. Yon poud ki soti nan fri kèk pye bwa tankou bannann, manyòk. Poud ble. Farin frans, Yon farin blan ayisyen itilize pou fè anpil manje tankou labouyi, bòy e latriye.

Farinay

Anpil ti moso nan nenpòt bagay. Yon lapli ki ap tonbe tou piti san li pa janm bay anpil, gwo gout lapli.

Farinen

Aksyon yon lapli ki ap tonbe tou piti san li pa janm bay anpil, gwo gout lapli yon sèl kou. Aksyon yon moun ki kite krache soti nan bouch li pandan li ap pale.

Fatra

Bagay ki san valè. Tout bagay moun pa gen bezwen pou li.

Favè

Favè: Yon sèvis yon moun rann yon lòt men moun nan pa merite sèvis la.

Fay

Bagay ki pa gen fòs ditou e nenpòt ti van kapab leve li epi pote li ale depoze yon lòt kote. Feblès. Fèb.

Fè

Fè: Yon eleman chimik. Yon metal ki di anpil. Yon aparèy chofaj moun itilize pou, repare, retire pli sou rad.

Fèb

Fèb: Yon bagay ki pa gen fòs. Fay.

Feblès

Feblès: Eta yon bagay ki fèb. Yon moun ki pa gen konfyans nan tèt li e ki pa gen konfyans nan pyès lòt fòs etranje.

Fèmen

Fèmen: Elimine yon ouvèti. Anpeche yon machin kontinye fonksyone. Etèn.

Fen

Yon bagay ki sanble li piti anpil pou longè li. Yon pye cheve nan tèt yon moun se yon bagay ki fen.

Fenèt

Fenèt: Yon ti pòt nan yon machin, yon kay ki pèmèt lè sikile. Yon tit nan liy sèvis yon pwogram òdinatè ki pèmèt operatè a wè tout dokiman ki ouvri yo menmsi tout pa parèt sou ekran an.

Ferari

Yon konpayi machin italyen ki te konnen fè ti machin, kèk fwa, ki pran de moun sèlman.

Fèt

Fèt: Kote yon gwoup moun reyini pou yo pran plezi yo, pou selebre yon okazyon. Yon moman kote tout moun byen abiye, mizik ap jwe, yo ap bwè, yo ap danse. Selebwasyon yon evènman ki te pase nan menm jou sa, pou pi piti, yon ane anvan dat sa. Jou yon moun te soti andedan vant manman li.

Fete

Patisipe nan yon fèt. Selebre yon evènman ki te pase nan menm jou sa, pou pi piti, yon ane anvan dat sa a. Selebwe jou yon moun te soti nan vant manman li.

Fevriye

Dezyèm mwa nan yon ane. Sèl mwa nan yon ane ki pote ventsuit ou byen ventnèf jou.

Fèy

Fèy: Pati nan yon pye bwa ki parèt apre yon boujon fini soti nan yon pwent nan yon pye bwa. Fèy chak pye bwa gen yon fòm diferan ki depann de pye bwa. Fèy papye, Yon moso papye ki kapab mezire 8 ½ pous nan lajè avèk 11 pous nan longè konsa. Gen anpil lòt dimansyon fèy.

Feyaj

Yon kantite fèy ou byen nenpòt bagay ki gen rapò avèk fèy. Itilizasyon fèy pou medikaman.

Feye

Yon bagay ki gen anpil fèy nan li tankou yon pye bwa.

Fi

Yon femèl moun, yon fanm, yon manman, yon madanm, yon sè, yon kouzin, yon bèlsè. Yon moun ki gen yon koko nan fant janb li.

Fig

Yon bannann, lè li mi, moun kapab manje li san kwit li e li gen bon gou, gou dous. Anpil moun kwè fig bon pou sante moun.

Fikse

Mete yon bagay nan plas li. Ranje yon bagay jan li te dwe ye a, jan li sipoze ye a.

Filaman

Yon ti materyèl andedan yon anpoul elektrik ki fè li bay limyè lè elektrisite pase andedan anpoul la.

Filè

Filè: Yon moun ki ap file, ki konnen file. Yon kadriyaj moun mete sou teren pou jwe volebòl, pingpong avèk tenis.

Filipin

Yon peyi nan lanmè Pasifik la, an fas chin, ki te pase anpil tan anba diktati yon prezidan tankou peyi Ayiti.

Filyè

De ti kanal ki separe avèk yon ti tras ki sanble avèk fil andedan tou ki andedan yon boulon. Pwent vis gen filyè tou.

Fini

Eta yon bagay ki rive nan bout li. Fè tout sa ki te gen pou fèt nan yon travay ki te kòmanse.

Finisman

Dènye moman nan nenpòt bagay. Dènye etap nan yon travay. Dènye pwent nan yon wout, yon distans. Dènye moman anvan yon moun mouri. Dènye jou nan yon gè, nan yon ane.

Fiyansay

Moman, jou, seremoni ki òganize pou de moun ki te renmen e ki ap fiyanse.

Fiyanse

De moun ki renmen, yon gason avèk yon fi, ki deja pran desizyon pou yo marye epi yo reyini tout moun nan antouraj yo pou fè konnen dat maryaj la.

Fizi

Yon zam long avèk dèyè laj ki kapab tire ale lwen.

Fizik

Yon bagay ki gen kò menmsi moun kapab ou byen pa kapab touche. Syans ki etidye kijan tout bagay fonksyone, relasyon yon bagay avèk yon lòt, mouvman bagay, enèjy ki gen nan chak bagay, e latriye. Jan yon bagay fèt.

Fizisyen

Moun ki etidye, fè rechèch, fè eksperyans nan syans fizik la.

Fizye

Tire sou yon moun, yon bagay avèk yon fizi.

Flamab

Eta yon bagay ki limen gwo dife byen vit lè li rankontre avèk yon ti kras dife.

Flè

Flè: Yon bèl boujon ki soti nan kèk pye bwa, nan kèk zèb. Yon flè kapab gen yon sèl koulè ou byen plizyè koulè. Yon bagay ki bèl. Flè Disè, Yon zèb nan galèt larivyè ki kapab santi lè yon bagay touche li epi tout fèy li kouche pandan yon bon bout tan. Ouvè-fèmen. Wonte.

Flèch

Flèch: Dènye pwent, pwent ki pi wo a, nan wotè yon bagay. Bal yon zam moun lontan yo te konnen itilize pou touye bèt nan sovaj, nan lagè.

Fleri

Eta yon bagay ki gen flè nan li. Eta yon bagay ki vini bèl. Lè yon moun di fleri, li kapab ap pale de bote yon bagay tou.

Flèv

Flèv: Yon gwo rivyè ki soti nan yon gwo sous dlo dous. Yon gwo rivyè ki rive fòme paske anpil lòt ti rivyè ale rankontre menm kote pou yo kapab chache chemen lanmè. Yon rivyè laj ki sanble avèk lanmè, men dlo li pa sale. Nan peyi Ayiti, gen Flèv Latibonit ki nan Depatman Sant la ant Mibalè avèk Tomond.