Not signed in

Lang · Istwa · Syans · Teknoloji

Eksplore konesans an kreyòl: atik, diksyonè, gid pratik

Nou mete istwa, syans, teknoloji, ak diksyonè kreyòl ansanm pou ede w konprann, aprann, epi pataje konesans nan lang pa nou.

Syans anviwònman Istwa Karayib Teknoloji ak solisyon pratik Mo ak diksyonè kreyòl

Mo cho nan diksyonè a

Siklòn

Siklòn: Yon gwo chanjman nan fonksyónman nòmal lanati ki bay anpil van fò ki ap vire nan yon sèl plas. Siklòn bay gwo lapli ki kapab detri anpil bagay nan yon tan kout. Van yon siklòn kapab vire nan yon sèl plas avèk yon vitès pi vit pase 150 kilomèt chak inèdtan pandan li ap deplase avèk yon vitès 10 kilomèt chak inèdtan konsa.

Parasòl

Parasòl: Onbwèl. Yon bagay ki fèt pou moun mete sou tèt yo pou pare solèy. Yon bagay ki fèt avèk saten e tou won tankou yon moso boul. Moun itilize li pou bare solèy e pare lapli tou. Dlo lapli a tonbe sou onbwèl la epi li sib fòm won a pou ale tonbe atè.

Kouvri

Mete yon bagay laj sou yon lòt epi bagay laj la anpeche li rete vizib. Bouche yon tou.

Pote

Deplase yon bagay soti nan yon plas pou ale nan yon lòt san bagay la pa touche tè depi kote li soti pou jis kote li gen pou li rive a.

Digo

Yon pwodui chimik ki kapab bay koulè ble. Anpil lesivè nan peyi Ayiti mete li nan rad yo ap lave.

Pak

Yon fèt pou selebre Jezi Kris ki leve soti nan lanmò apre li te mouri jou Vandredi-Sen an. Kretyen yo selebre fèt sa a jou dimanch apre Vandredi-Sen an. Kote moun bare bèt pou yo pa ale flannen. Kote ki gen anpil frechè, pye bwa, bèl zèb pou moun chita pran bon van, flannen avèk mennaj yo.

Sèjan

Sèjan: Yon grad nan yon gwoup militè ki gen plis pouvwa pase yon kaporal. Yon sèjan kèk fwa responsab pou antrene moun ki ap rantre nan yon kò militè.

Diksyon

Jan yon moun ranje bouch li pwononse mo ki ap soti nan bouch li.

Seleksyon resan

Atik sot pase yo

Gade tout kategori →

Pa gen atik pou moman an.

Kategori

Pa gen kategori.

Kapòt alèz ak konesans

Tcheke diksyonè a ak atik yo chak semèn pou nouvo mo, istwa, ak eksplikasyon syantifik ki ekri an kreyòl.