42 mo ki kòmanse ak «N»

N

N: Katòzyèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la.

Naje

Fè mouvman nan dlo pou rete sou dlo a, san plonje.

Nan

Andedan. Okipe mitan, mwatye yon bagay. Okipe nenpòt pozisyon andedan yon bagay.

Nanm

Pati envizib nan tout manb kò moun ki ede moun fè tout sa moun kapab fè tankou viv. Potansyalite ki disponib nan yon moun. Kwayans moun gen nan yon bagay, nan Bondye.

Nannan

Bagay ki andedan yon bagay, yon fri tankou mango, zaboka, zoranj e latriye. Se pati sa a moun manje nan fri yo.

Nasyon

Yon peyi endepandan ki gen fontyè li e ki gen pwòp leta li avèk gouvènman li. Tout bagay ki rantre nan konstitisyon yon peyi.

Nasyonal

Tout bagay ki gen rapò avèk yon nasyon. Rekonesans pitit yon peyi genyen pou li tankou ale nan lagè. Patriyotism. Tout bagay ki andedan yon nasyon, tout bagay ki fèt nan yon peyi.

Nasyonalite

Tout kalite moun genyen ki idantifye yo avèk yon peyi. Santiman andedan yon moun ki fè li fasil pou moun rekonèt nan ki peyi li soti. chanjman santiman, kont yon peyi, pou yon nouvo peyi yon moun adopte pou peyi li.

Nati

Fason yon bagay ye. Tout bagay ki egziste. Yon bagay moun pa janm kapab chanje. Jan tout planèt yo vire sou kote solèy la.

Natirèl

Natirèl: Eta yon bagay ki rete tankou lè li te apèn parèt nan la nati. Bagay ki gen rapò avèk nati a, lanati.

Ne

Kote de ou plis bagay mare ansanm. Yon mezi moun ki ap kondi bato yo itilize pou di nan ki zòn sou lanmè a yo ye.

Nèf

Nèf: Dizyèm chif nan nonb pozitif yo. Kat plis senk. Yuit plis en. 9. Yon bagay ki apèn fini fèt e moun poko janm itilize.

Nèg

Nèg: Tout moun koulè nwa yo. Moun sa yo te premye parèt sou kontinan afriken an, gen moun nwa nan tout peyi sou tè a konnye a.

Negatif

Yonn nan de pòl elektrisite yo (avèk pozitif) kote kouran rantre nan sous elektrisite a ankò. Yon siy mwens operasyon (-) ki montre gen yon kantite ki ap ale soti nan yon lòt kantite.

Nègès

Nègès: Yon jèn fi ki gen anpil enèji nan kò li. Vrè laj pou rele yon fi nègès, pou mojorite fi, se sèz ane. Wanga Nègès, Yon ti zwazo ki gen bèk long e ki toujou ap manje polèn nan flè ki apèn ouvri.

Nèj

Nèj: Yon poud blan ki soti nan espas e ki tonbe sou tè a nan peyi ki fè frèt anpil yo. Pou nèj tonbe, tanperati a oblije rete pi wo ke zewo degre Celcius (0ºC) ou byen trant-de degre Fareinheit (32ºF). Lè nèj tonbe sou yon bagay tanperati li pi wo pase 0ºC, li fonn pou bay dlo; kidonk anpil nèj kapab bay anpil dlo. Dlo nèj la ap transfòme an glas si wotè tanperati nan zòn nan pa janm monte. Se sa ki fè moun nan peyi fredi yo konnen oblije mache sou glas nan sezon ivè.

Nen

Yon pati nan figi moun ki ant de je yo avèk bouch la e ki gen de tou nan li pou pèmèt respirasyon fèt san pwoblèm. Krèt. Pati devan yon machin e devan anpil lòt bagay tou.

Nesesè

Nesesè: Yon bagay ki oblije egziste pou yon lòt bagay fèt. Yon bagay moun pa kapab viv san li tankou lè.

Nesesite

Eta yon bagay ki nesesè. Eta yon bagay ki oblije egziste pou yon lòt bagay kapab egziste, pase, rive, pou yon kondisyon akonpli. Eta yon bagay ki gen twòp enpòtans.

Netwayaj

Aksyon yon moun pou fè yon bagay, yon kote vini pwòp. Netwaye yon bagay, yon kote.

Netwaye

Fè yon kote vini pwòp. Retire tout bagay ki sal, ki fè yon kote sanble avèk bagay sal. Mete pwoprete nan yon bagay, yon kote.

New York

New York: Kapital komèsyal peyi Etazini. Pi gwo vil nan yonn nan senkant divizyon nan peyi Etazini an ki pote menm non avèk divizyon sa a. Kapital politik leta New York se Albany.

Nikaragwa

Yon peyi nan kontinan Amerik la e nan Amerik Santral kote moun yo pale Espanyòl. Kapital peyi sa se Managwa.

Nissan

Yon konpayi machin Japonè ki fè ti machin, mwayèn machin e gwo machin.

Nò

Nò: Yonn nan kat direksyon kadinal yon ki pèpandikilè a lès avèk lwès. Si yon moun ap ale nan direksyon nò, lès sou bò dwat li e lwès sou bò goch li; konsa sid dèyè li.

Nòmal

Nòmal: Jan tout moun espere yon bagay, yon moun dwe ye.

Nòmalize

Mete yon bagay nan eta nòmal li.

Non

Yon mo ou byen plizyè mo ansanm ki ede moun idantifye yon moun. Yon mo moun itilize pou fè yon lòt moun konnen yon bagay pa posib pou li reyalize, pou rive, pou regle e latriye. Yon repons negatif pou yon kesyon ki te merite yonn nan de repons sa yo: Non ou byen Wi.

Nòt

Nòt: Lajan papye. Yon moso papye ki fè konnen ke yon moun gen kòb li te prete yon lòt moun. Moun ki posede moso papye sa a kapab resevwa lajan kach pou li. Tèks yon moun ekri nan yon kaye ou byen nenpòt lide yon moun mete sou papye pou konsève li.

Nou

Yon pwonon ki ranplase yon yon gwoup moun. Plizyè moun ansanm. Moun ki di, Nou, rantre nan gwoup moun nan tou.

Nouri

Bay yon nenpòt èt vivan manje. Travay granmoun ki bay timoun, ti bebe manje paske yo pa kapab manje pou kont yo.

Nouris

Moman apre yon femèl fini pouse yon pitit mete deyò vant li e kantite tan li pran pou repran fòm li te genyen anvan gwosès la.

Nouriti

Nenpòt repa moun manje e ki bay enèji, gwosè, kwasans.

Nouvèl

Nouvèl: Yon emisyon nan radyo, televizyon ki pale de tout sa ki ap pase nan yon peyi, nan lemond. Enfòmasyon sou yon bagay, yon moun. Nouvèl Jenerasyon, Yon tip mizik ayisyen ki parèt nan ane katreven yo. Gwoup ki fè mizik sa yo chante an Kreyòl yon fason pou separe nouvo stil mizik yo a avèk ansyen mzik yo chantè te konnen chante nan lang Fransè.

Nouvo

Nenpòt bagay yon moun apèn konnen. Yon bagay yon moun rankontre, wè premye fwa. Yon bagay ki apèn fèt.

Novanm

Yonn nan kat mwa nan yon ane ki gen trant jou nan li e se li ki onzyèm mwa nan yon ane tou.

Nòvèj

Yon peyi sou kontinan Ewòp la ki sou kote Suèd.

Nwa

Yon koulè ki idantifye moun ki soti sou kontinan afriken an. Yon koulè ki sanble avèk koulè lannwit. Yon koulè ki kòmanse idantifye tout bagay ki negatif avèk eksperyans esklavaj la. Nwa te reprezante yon koulè gwo notab tankou wa yo, bondye nan antikite yo te konnen mete sou yo pou rad.

Nwasi

Fè yon bagay vini gen koulè nwa. Moman lè klate jounen an ap disparèt pou bay lannwit plas.

Nwaye

Eta yon bagay ki rete fè twòp tan anba dlo epi li toufe.

Nwèl

Nwèl: Selebrasyon jou nesans Jezi Kris ki tonbe jou vennsenk nan mwa Desanm chak ane. Se pi gwo fèt nan yon ane paske tout moun, nan tout klas, nan tout sosyete selebre li.

Nyaj

Yon gwo kantite lè moun sou tè a kapab gade nan lespas e ki sanble yo toujou ap deplase.