Diksyonè
Diksyonè Kreyòl.
Tape yon mo, yon definisyon, oswa yon egzanp. Aksan pa obligatwa: «lekol» jwenn «lekòl».
- Tirivyè
-
Yonn nan vil ki pi ansyen nan peyi Ayiti kote ki te gen yon gwo kay ki te gen 365 pòt. Kay sa a fini kraze, men mi yo toujou la. Kay sa se te palè yon prezidan ayisyen.
- Tit
-
Yon non ki dekri pozisyon yon moun okipe san li pa dekri moun nan. Gen anpil tit tankou, majistra, kontab, prezidan e latriye.
- Titanic
-
Yon bato ki te soti nan peyi Angletè epi li te ap ale nan peyi Etazini epi li fè aksidan e prèske tout moun ki te nan bato sa a te mouri. Bato a te gen 2220 moun nan li ki te soti nan Peyi Angletè, men 1513 te mouri nan aksidan an. Yon sinema sou aksidan bato ki te rele Titanic la ki te soti nan ane 1999. Aksidan bato a te pase nan ane 1912. Malgre moun ki te fè bato sa a te di li pa gen dwa janm fè aksidan, sou premye vwayaj li, bato a te koule anba lanmè. Titanic se yon mize li ye konnye a kote moun kapab ale vizite li anba lanmè a.
- Titato
-
Yon jwèt ki jwe avèk twa ou byen dis pyon. Nan jwèt sa, moun pyon li yo fini anvan pèdi pati a. Pou yon jwè pèdi yon pyon fò li gen yon pyon an fas pyon lòt jwè a e gen yon plas dèyè pyon pa li a pou pyon lòt jwè a travèse ale.
- Tivoudra
-
Yon pou majik bòkò prepare pou yon fi ou byen yon gason pou li bay yon lòt moun nan manje avèk espwa moun sa ap vini renmen li. Poud sa pa touye moun ki manje li a vit, men li touye moun ki manje li a tou dousman avèk doulè vant, vomisman e latriye.
- Tiwa
-
Yon bwat ki gen senk kwen. Fas anlè a, ki te ap sizyèm kwen an pa kouvri; konsa bwat sa a kapab rantre nan yon tou pou moun rale li, mete bagay nan li epi pouse li rantre nan tou sa a ankò.
- Tiyo
-
Nenpòt bagay tankou yon moso fè long ki gen yon kanal andedan li pou likid pase avèk anpil lòt bagay pase pou ale jis kote dènye pwent bagay sa a rive.
- Tizán
-
Tizán: Yon medikaman ayisyen prepare avèk fèy, rasin, po kèk fri tankou zoranj-sirèt e latriye.
- Tomasik
-
Yon vil nan Depatman Sant la ki toupre fontyè Dominikani an avèk Ayiti. Moun nan zòn sa konnen ale achte sa yo bezwen nan peyi vwazen an. Thomassique.
- Tomat
-
Yon grenn yon ti plant donnen. Li gen koulè vè lè li vèt e li gen koulè wouj lè li mi. Grenn sa gen likid avèk ti grenn nan plizyè chanm ki andedan li. Moun manje tomat nan salad e nan anpil lòt manje tankou konfiti-tomat.
- Tomond
-
Yon vil nan Depatman Sant la e sou Wout Nasyonal Nimewo Twa a. Se dènye vil anvan yon moun rive nan kapital depatman an, Ench. Thomonde.
- Ton
-
Jan yon moun chwazi pou li pale, chante tankou wotè vwa li, vitès li ap di mo yo e chanjman nan wotè vwa li.
- Tonbe
-
Soti anlè pou rive atè avèk libète. Lè yon bagay ap tonbe gravite rale li desann vit. Trip bèt moun manje yo ayisyen bouyon avèk li.
- Tonmtonm
-
Yon manje moun Jeremi fè avèk lamveritab. Yo bouyi gonbo a ansanm avèk lamveritab la. Lè tout bagay fini kwit, yo mitonnen yo ansanm epi yo mete enpe dlo - nan dlo ki te bouyi lamveritab la avèk gonbo a - nan lamveritab la avèk gonbo a pou yo pa rete twò di. Tonmtonm nan bon pou manje.
- Tonnè
-
Tonnè: Pati nan yon loray ki gen anpil elektrisite mache avèk li. Loray. Bagay kèk ayisyen konnen rele pou touye yo, nan sèman, si yon moun pa vle kwè yon pawòl yo di.
- Tonton
-
Frè manman, frè papa yon moun. Mo anpil jèn ayisyen itilize pou rele yon moun ki pi gran pase yo; konsa yo kwè yo bay moun nan anpil respè pou moun sa. Moun sa a pa frè manman yo ou byen papa yo.
- Tòt
-
Tòt: Yonn nan twa zwazo ki sanble anpil: toutrèl, ranmye.
- Tòti
-
Tòti: Yon bèt ki viv nan dlo, ki kapab viv dèyò dlo pandan anpil tan tou e ki mache dousman anpil. Eta pa yon moun ki mache dousman.
- Tòtòt
-
Yon bagay ki gen yon tou nan li pou yon moun, yon bèt rale likid ki andedan li. Travay yon moun ki kraze yon mango epi fè yon ti tou nan pwent li pou rale ji mango a.
- Tou
-
Yon ouvèti nan yon bagay ki pa nòmal nan fòm bagay sa. Kote yon moso soti nan yon bagay.
- Touche
-
Resevwa lajan pou yon travay apre kontra, kòmansman, finisman yon travay. Kole yon pati nan yon kò sou menm kò a, sou yon lòt kò. Travay yon doktè fèy lè li ap pase men li sou tout kò yon malad pou jwenn kote yon maladi ye, pou preskri medikaman pou maladi a. Manyen.
- Toufe
-
Eta yon èt vivan lè pa kapab rantre e soti andedan li pou jis li mouri.
- Toumante
-
Eta yon moun ki gen anpil bagay ki ap pase nan lespri li epi bagay sa yo fè moun nan pa konnen ki bagay pou li fè anvan nan tout sa li gen pou li fè. Yon moun ki kòmanse pèdi konsyans anvan li vini fou.
- Tounvis
-
Yon moso fè ki gen fòm tèt vis e moun itilize li pou ede moun kenbe yon vis pou vise li nan yon bagay. Tounvis Plat, Yon tounvis ki gen fòm pou li rantre nan tèt vis ki gen yon ti tras nan tèt yo. Tounvis Etwal, Yon tounvis ki kapab rantre nan tèt vis ki gen yon ti kwa nan tèt yo.
- Toupre
-
Eta yon bagay ki pa lwen yon lòt bagay. Toupre se yon konsepsyon, li pa reprezante menm distans la pou tout moun. Sa ki lwen nan yon sitiyasyon kapab pre nan yon lòt sitiyasyon. Eta yon bagay ki prèske rive tankou yon nouvèl, yon mesaj.
- Touse
-
Eta yon bagay ki te long epi yon moun pliye pou li vini kout epi li vini gen pli. Yon bri ki soti tanzantan nan gòj yon moun ki gripe.
- Tout
-
Kantite yon bagay, yon gwoup san retire nan bagay la, gwoup la.
- Toutrèl
-
Toutrèl: Yonn nan twa bèl zwazo ki sanble anpil yo: ranmye, tòt.
- Touye
-
Retire lavi nan yon èt vivan. Fè bagay ki kòz yon moun, nenpòt lòt bagay mouri.
- Toyota
-
Yon mak machin yon konpayi Japonè fè. Se yon machin ki dire anpil tan. Toyota fè tout gwosè machin.
- Trafik
-
Eta bagay ki ap avanse nan yon direksyon, plizyè direksyon tankou anpil moun nan yon ri, machin sou yon wout.
- Traka
-
Difikilte moun rankontre pou yo fè yon travay, nenpòt bagay. Bagay ki reprezante yon pwoblèm.
- Tranble
-
Eta yon bagay ki ap souke tankou gen yon gwo van ki ap souke li. Eta yon moun ki pè yon bagay, yon moun.
- Tranch
-
Yon moso ki koupe soti nan yon bagay moun kapab manje.
- Tranche
-
Koupe tranch nan yon bagay. Yon moso bagay ki te koupe soti nan yon bagay tankou yon moso kasav, yon moso pen e latriye.
- Tranpe
-
Aksyon dlo tankou lapli lè li tonbe sou yon bagay epi dlo a mouye bagay la, rantre nan li. Eta yon bagay, yon moun ki rantre nan mitan dlo epi li rete nan dlo a pandan lontan.
- Transfere
-
Fòse, pran yon bagay epi mete li yon lòt kote, nan yon lòt pozisyon. Fòse, fè yon moun ale yon lòt kote. Retire yon moun nan yon djòb, yon travay epi mete li nan yon lòt travay pandan li toujou ap travay pou menm patwon an.
- Trant
-
Trantyèm nonb nan nonb pozitif yo. Twa miltipliye pa dis. Dis plis dis, plis dis ankò. 30. Ven plis dis.
- Travay
-
Nenpòt bagay yon moun fè ki itil nenpòt sosyete sou tè a. Kontribisyon yon moun bay pou yon bagay rive fèt nan yon biznis, yon òganizasyon e nenpòt lòt kote moun nan ye.
- Travayè
-
Travayè: Moun ki ap travay, ki gen kouray pou travay e ki renmen travay.
- Tray
-
Pwoblèm yon moun rankontre nan yon travay li ap fè epi moun sa dekouraje lè li rankontre avèk pwoblèm nan. Pwoblèm yon moun genyen e li ap rakonte lòt moun li paske li panse pwoblèm nan twòp pou li.
- Tren
-
Yon machin ki long anpil e ki deplase sèlman sou ray. Yon tren sanble avèk yon koulèv ki ap trennen sou vant li paske wou li yon kache. Tren kapab pote anpil moun, anpil chay tankou vwati avèk kamyon.
- Trepase
-
Deplase soti nan lavi. Moman lè yon moun ap pèdi tout fòs ki te disponib andedan li pou li kapab mouri. Anpil moun gen yon gwo òkèt ki diminye piti piti pou jis moun nan mouri epi òkèt la disparèt.
- Très
-
Très: chak branch nan yon bagay ki trese. chak gwo branch cheve nan tèt yon moun ki gen twa ti gwoup cheve.
- Trese
-
Aksyon plizyè bagay tankou twa branch fil, cheve ki ap deplase soti a dwat epi ale a goch san rete pandan yonn ap rantre nan lòt la.
- Tretman
-
Etap yon moun pase anvan maladi li rive trete, geri. Jan yon moun viv avèk yon lòt moun.
- Trèz
-
Trèz: Katriyèm nonb nan nonb pozitif yo ki gen de chif nan li: en (1) avèk twa (3). 13.
- Tribilasyon
-
Pwoblèm moun genyen e ki sanble yo pa ap janm rezoud. Moun ki gen pwoblèm konsa ap vini abitye avèk li tankou li pa yon vrè pwoblèm pou moun nan.
- Tribinal
-
Yon kay leta kote jijman fèt. Kote yon jij, yon jiri, de avoka ou plis, avèk yon gwoup moun reyini pou fè yon jijman. Tout moun sa yo pa oblije patisipe nan yon jijman, men lè yo tout la gen mwens chans pou gen magouy fèt nan jijman an.
- Trip
-
Tiyo vyann moun avèk anpil lòt bèt gen andedan vant yo kote manje gen pou yo pase anvan yo ale nan poupou. Manje ki pa ale nan poupou yo ap rete andedan vant moun nan ou byen bèt la, nan kèk trip, anvan yo rantre nan vyann kò a.