133 mo ki kòmanse ak «S»

Sosyete

Gwoup moun ki antann yo pou yo viv ansanm; konsa yo fè lwa pou esplike dwa avèk devwa chak moun. chak moun fèt pou konnen kijan pou yo konpòte yo pou pyès moun pa anniye moun ki ap viv sou kote yo. Kapab gen plizyè sosyete nan yon peyi, men nòmalman yon peyi se yon sosyete.

Sòt

Sòt: Eta yon moun entelijans li pa devlope, ki pa gen menm konesans moun ki gen menm laj avèk li genyen.

Soti

Kite andedan yon bagay epi ale. Sib chemen pou ale deyò yon bagay tankou yon kay. Aksyon yon moun ki pran wout ale kite yon espas fèmen, andedan yon bagay kote li te ye tankou dlo.

Sou

Okipe pozisyon anlè yon bagay, men toupre bagay la e kèk fwa kole anlè bagay la. Bwè bwason ki gen alkòl nan li e ki fè moun nan pèdi ekilib mache li. Yon moun ki sou pa gen bon konsyans e li pale anpil. Sou Do, Yon langaj moun itilize pou di yo ap pote yon bagay, yon responsablite sou do yo.

Soudan

Yon peyi nan lès e mitan kontinan afriken an. Kapital peyi sa rele Katoum.

Souf

Sous lavi. Yon bagay envizib nan kò moun ki kenbe li nan lavi. Yon pwodui chimik lè li boule ki disparèt e ki pa men kite sann. Yon pati andedan kèk bèt. Souf kapab evapore nan dife.

Soufrans

Eta yon moun ki ap soufri. Yon soufrans kapab fizik, imajinè e latriye. Doulè.

Soufri

Eta yon moun ki santi yon pati nan kò li tankou men li, pye li, pozisyon yon pò ap fè li mal. Lè se kè yon moun ki ap fè li mal soufrans moun nan kapab imajinè paske nenpòt pati nan kò yon moun kapab transmèt yon doulè, menmsi li pa vrè bay kè moun nan. Moun ki pè pou li pa gen yon maladi kapab santi li vini gen maladi a.

Soulaje

Eta yon moun soufrans li, doulè li pase. Eta yon moun ki sispann soufri. Jan yon moun santi li lè responsablite li te genyen soti sou do li, ale kite li.

Soulajman

Bagay moun itilize pou retire doulè, soufrans, chay ki te sou do yo.

Souliye

Pase yon liy anba yon bagay tankou yon mo nan yon tèks.

Soulye

Yon bagay moun itilize pou kouvri pati anba nan pye yo pou li pa touche atè e evite frape pati sa a ki enpòtan anpil pou yo mache. Gen plizyè diferan soulye: kèk nan yo kout, kèk nan yo wo e yo kouvri plis pati nan pye moun pou pwoteje li plis.

Soupe

Yon repa tankou labouyi, banana, avwán ayisyen manje lannwit anvan yo ale kouche pou nwit la.

Soupoudre

Yon bagay ki sanble avèk sosis machann vyann ki vann vyann kochon prepare. Li bay manje bon gou. Machann sa yo prann trip kochon apre yo fini touye li, yo prepare epis pou mete nan li, yo melanje li avèk kèk ti moso vyann avèk trip ki pi piti yo pou mete andedan yon branch trip ki pi gwo. Malgre soupoudre a pa andedan refrijeratè pou konsève, ayisyen panse li pi bon e tout tan li pi santi anpil ayisyen pi renmen li nan manje.

Sourit

Yon ti bèt tèt koupe avèk rat ki gen ke long, fèy zòrèy kanpe, bouch long. Li renmen viv nan tou tè e li renmen anpil nan manje moun renmen yo. Syantis nan branch medikal yo itilize ti bèt sa a pou eseye medikaman anvan yo bay moun li paske konstitisyon kò moun menm jan avèk kò li. Yonn nan senk pati yon òdinatè operatè a itilize pou chwazi yon bagay sou ekran an epi kòmande òdinatè a. Moun deplase li menm jan avèk yon sourit ki ap mache.

Sous

Premye kote yon bagay soti. Rasin, orijin yon bagay. Tou kote dlo ki fòme yon rivyè soti. Tout rivyè soti nan yon sous.

Souse

Mete pwent yon bagay andedan bouch pou rale yon likid ki andedan li tou dousman. Mete pwent yon bagay, yon bagay nan bouch epi fè tankou li gen likid andedan li ki ap soti tou dousman pandan krache ap mouye bagay la.

Sousi

Yon ti liy cheve ki anlè je moun, men li pa cheve. chak moun gen sousi sou tou de je li. Eta yon moun ki santi li gen yon responsablite sou do li.

Soustraksyon

Yonn nan kat operasyon aritmetik yo: adisyon, soustraksyon, miltiplikasyon, divizyon. Soustraksyon de nan kat ap bay de (4 - 2 = 2).

Souvan

Eta yon bagay repetisyon li fèt avèk rapidite. Mè yo priye pi souvan pase tout relijye.

Spèmatozoyid

Yonn nan plizyè milyon ti bèt ki nan dechay yo gason, yon mal bèt. Lè yon spèmatozoyid rankontre avèk yon ovil andedan yon fi, li fòme yon ze ki ap ale vini yon timoun.

Spò

Spò: Anpil disiplin kote moun sib kèk prensip pandan yo ap fè egzèsis pou ogmante enèji nan manm kò yo. Moun fè spò anpil pou ede yo kontinye jwe anpil jwèt tankou foubòl, volebòl, bezbòl e latriye.

Spòtif

Eta yon moun ki fè spò. Nenpòt bagay ki gen rapò avèk spò.

Stil

Jan yon moun ye, jan li abiye, jan li fè tout bagay li konnen fè. Mwayen yon moun itilize pou li fè yon bagay.

Suiv

Gade sib.

Suzuki

Yon konpayi machin Japonè.

Swasant

Swasantyèm nonb pozitif la. 60. San-ven divize pa de. Senkant plis dis. Swasant Dis, Swansant-dizyèm nonb pozitif la. 70. Senkant plis ven. San mwens trant. San-karant divize pa de.

Swe

Eta yon moun ki rete anpil nan solèy, ki ap fè anpil egzèsis avèk kò li epi yon likid sale vini ap soti nan pò nan kò li. Eta yon moun ki kanpe devan yon odyans pou premye nan lavi li epi, menmsi likid sale pa ap soti nan pò li yo, li santi likid la ap soti.

Swis

Yon peyi nan kontinan Ewòp la, nan nò-lwès Nòvèj e ki gen yon konstitisyon tankou tout peyi kote ki gen wa yo. Kapital li rele Stokòlm e lang moun nan peyi sa rele Swis tou.

Syans

Konesans ki chita sou reyalite. Yon branch konesans byen defini. Konesans sou lwa lanati. Tout kò ki pre fas tè a ap toujou tonbe sou li; sa a a se yon lwa lanati ki rele gravite.

Syantifik

Tout bagay ki gen rapò avèk syans. Travay yon syantis tankou yon rechèch.

Syèk

Syèk: Yon kantite san ane ki pase. San ane.

Syèl

Syèl: Espas vid moun kapab wè anlè a kote zetwal, lalin avèk tout lòt planèt yo ye.