Diksyonè
Diksyonè Kreyòl.
Tape yon mo, yon definisyon, oswa yon egzanp. Aksan pa obligatwa: «lekol» jwenn «lekòl».
- Seremoni
-
Fèt moun fè pou fè sonje, selebre yon evènman ki te pase nan yon dat. Nenpòt fèt pou nenpòt rezon.
- Sereyal
-
Kèk manje ki fay anpil e ki pa kapab plen vant moun pou anpil tan paske yon ale nan vant moun pi vit pase manje ki lou yo. Pwodiktè yo fè sereyal avèk bagay tankou mayi, ble e latriye epi yo pase li nan fou anvan yo mete li nan bwat.
- Seriz
-
Yon grenn yon pye bwa donnen e ayisyen fè ji, konfiti avèk li. Grenn seriz gen koulè vè lè li vèt e li gen koulè wouj lè li mi.
- Sèt
-
Sèt: Setyèm chif nan nonb pozitif yo. 7. Katòz divize pa de. Dis mwens twa. Sis plis en.
- Sètifika
-
Sètifika: Yon moso papye avèk ekriti sou li ki montre yon moun te etidye nan yon lekòl e li te fini etid la pou kantite tan nesesè a. Dènye klas nan lekòl primè nan peyi Ayiti.
- Setyèm
-
Setyèm: Yon plas, pozisyon ki rive nan menm nivo avèk sèt. Pou rive nan setyèm, moun ki ap di pozisyon yo soti nan premye, dezyèm, twazyèm, katriyèm, senkyèm epi sizyèm.
- Sèvant
-
Yon moun ki ap sèvi lòt moun. Yon moun ki gen pou djòb netwaye, fè manje, lave e pase rad pou tout moun ki ap viv nan kay la.
- Sèvi
-
Sèvi: Fè travay yon moun pou li san touche pou sa. Fè yon travay pou yon moun. Travay yon moun ki bay yon lòt moun bagay pou li bwè, manje pandan moun sa andedan kay li.
- Sèvis
-
Sèvis: Aksyon yon moun ki sèvi yon lòt moun. Aksyon yon moun ki fè yon travay, yon lòt moun te gen pou li fè, san li pa touche pou sa.
- Sèvitè
-
Yon moun ki itilize yon moso tan, tout tan nan lavi li pou sèvi lòt moun. Yon moun, yon bagay ki ap sèvi moun. Yon gwo òdinatè ki gen anpil lòt ti òdinatè ploge sou li pou pèmèt tout ti òdinatè sa yo itilize resous, tankou pwogram avèk memwa, gwo òdinatè a gen sou li.
- Sèvyèt
-
Sèvyèt: Yon moso twal ki kapab resevwa anpil dlo anvan li kòmanse mouye e moun itilize twal sa a pou siye kò yo lè yo fini benyen, pou siye nenpòt pati nan kò. Gen gwo sèvyèt e gen ti sèvyèt pou tout pati nan kò moun.
- Sèz
-
Sèz: Disetyèm nonb pozitif ki gen de chif nan li: en (1) avèk sis (6). 16.
- Si
-
Eta yon bagay ki gen anpil asid nan li. Sik kapab chanje gou yon bagay ki si. Mo yon moun itilize pou rantre yon kondisyon nan lide li. Yonn nan sèt nòt mizikal yo: do, re, mi, fa, sòl, la, si.
- Sid
-
Yonn nan kat pwen kadinal yo. Li opoze a nò.
- Sik
-
Yon preparasyon, konsantrasyon ji kann ki fè likid sa a vini fè yon poud tankou sab, men li dous e li fonn nan likid. Nenpòt poud dous.
- Siklòn
-
Siklòn: Yon gwo chanjman nan fonksyónman nòmal lanati ki bay anpil van fò ki ap vire nan yon sèl plas. Siklòn bay gwo lapli ki kapab detri anpil bagay nan yon tan kout. Van yon siklòn kapab vire nan yon sèl plas avèk yon vitès pi vit pase 150 kilomèt chak inèdtan pandan li ap deplase avèk yon vitès 10 kilomèt chak inèdtan konsa.
- Sikre
-
Eta yon bagay ki vini dous paske li gen sik ki fonn nan yon li. Yon bagay ki gen sik nan li.
- Siksesyon
-
Eta nenpòt bagay, moun ki ranplase, ki vini apre yon lòt bagay, moun.
- Silans
-
Absans bri, son avèk pale. Eta yon moun ki pa vle reponn yon kesyon.
- Silvouplè
-
Silvouplè: Ekspresyon nan bouch yon moun ki vle montre li pa merite yon sèvis li ap mande. Mo moun itilize pou sipliye yon lòt moun pou rann li yon sèvis. Yon moun ki vle mande yon asasen pou li pa touye li kapab di asasen an: silvouplè pa touye mwen.
- Siman
-
Yon poud koulè gri mason itilize pou yo fè mòtye ki ap vini di anpil lè li sèch. Yon lakòl kòdonye itilize pou yon kole moso kui nan semèl soulye.
- Simante
-
Mete mòtye ki gen siman nan li sou yon moso tè, andedan chanm yon kay.
- Simetyè
-
Yon plas kote ki gen anpil kavo pou moun mouri avèk moso tè pou antere moun mouri. Dènye plas kote yon moun ki sou tè a gen pou yo ale. Dènye plas kote moun mennen fanmiy yo pou ale pran dènye repo yo.
- Sinema
-
Plizyè sèn teyat ki kole ansanm e anrejistre sou yon band-mayetik pou bay imaj sèn yo menm jan yo te anrejistre a sou yon gwo ekran. Gwo ekran sa yo bay tout gwosè aktè avèk aktris yo nòmalman tankou nan lavi reyèl. Film. Yon kay ki gen anpil chanm nan li kote gen yon film ap jwe nan chak chanm yo.
- Sinistre
-
Kantin. Manje gwo peyi tankou Etazini te konnen voye bay peyi pòv yo pou separe bay moun ki pa kapab achte manje pou swen tèt yo, pitit yo. chèf peyi pòv yo te konnen vann manje sa yo pou yon montan lajan ki pi piti pase kantite lajan yo kapab achte manje nan mache. Eta moun nan yon zòn kote yon siklòn fini pase.
- Sipliye
-
Mande yon moun yon sèvis yon fason pou montre moun nan grandè li avèk respè li kapab jwenn si li rann sèvis sa.
- Sipò
-
Sipò: Yon fòs etranje ki nesesè pou yon moun jwenn yon nivo satisfaksyon. Aksyon yon moun ki dakò avèk yon bagay yon lòt moun fè. Bagay ki nesesè pou yon bagay, yon moun kapab kenbe yon pozisyon. Konvèsasyon yon moun gen avèk yon lòt moun ki gen yon moun nan fanmiy li, pwòch li mouri.
- Sipòte
-
Sipòte: Aksyon yon moun, yon bagay ki bay sipò. Bay sipò.
- Sis
-
Sizyèm chif nan nonb pozitif yo. 6. Senk plis en. Twa miltipliye pa de.
- Sispann
-
Moman kote yon bagay kanpe pou rekòmanse ankò yon lòt lè. Kanpe.
- Sitadèl-Laferyè
-
Pi gwo moniman nan peyi Ayiti ki nan nò peyi a e sou yon mòn nan do vil Sen-Rafayèl. Ayisyen te konstwi li sou gouvènman Anr Kristòf ki te yon wa nan zòn sa a. Kote batiman sa a sitiye a te ede wa a defann wayòm li kont lòt peyi e lòt pati nan peyi Ayiti a menm ki te gen yon lòt gouvènman nan tèt li. Jodia, Sitadèl la se yonn nan pi gwo mèvèy nan lemond.
- Sitiye
-
Kote yon bagay tankou yon moso tè, ki pa janm deplase, ye.
- Sitwayen
-
Moun ki pote nasyonalite yon peyi. Moun ki te fèt nan yon peyi e ki rete kenbe nasyonalite li te genyen nan menm peyi sa.
- Sitwon
-
Grenn yon pye bwa ki gen anpil asid nan li. Yon grenn sitwon gen prèske menm fòm avèk yon ze poul. Sitwon gen koulè vè anvan li mi e apre sa li vini gen koulè jón. Yon pye sitwon gen anpil pikan sou li e li pa grandi tou dwa apre li fini rive yon wotè.
- Sitwonad
-
Limonad. Yon ji ki gen dlo, sitwon avèk sik nan li. Li pote non sitwonad la paske li gen sitwon nan li.
- Sitwonnen
-
Fwote moso sitwon sou yon bagay tankou vyann epi mete ji sitwon nan li.
- Siv
-
Yon epis ki gen koulè vè e ki bay manje bon gou. Ayisyen itilize siv anpil nan manje, men li pa bon pou moun manje anpil siv lè moun nan kòmanse granmoun.
- Sivik
-
Nenpòt bagay ki gen rapò avèk yon sitwayen yon peyi tankou vote, ale nan lagè, patisipe nan jiri e latriye.
- Sivil
-
Tout moun ki pa oblije mete inifòm sou yo pou abiye, fè travay yo, patisipe nan yon òganizasyon. Moun ki pa lye avèk yon gwoup militè.
- Siviv
-
Kontinye viv malgre tout danje, tribilasyon ki te kapab kòz lanmò.
- Siwo
-
Nenpòt likid ki gen anpil sik nan li. Likid syantis nan branch medikal yo prepare pou kèk maladi tankou grip. Nenpòt bagay ki dous anpil. Siwo Myèl, Yon siwo myèl mete nan lasi yo epi moun separe lasi a avèk siwo a.
- Siye
-
Fwote yon bagay sèch sou fas yon bagay ki gen yon likid pou retire likid la sou fas bagay sa a. Pase yon bagay tankou papye, twal sou pati nan yon bagay ki gen pousyè pou netwaye li, retire pousyè yo.
- Siyen
-
Travay yon moun ki ekri non li anba yon ekriti pou fè nenpòt moun ki ap li tèks sa a konnen ki moun ki te ekri li, menmsi non moun ki anba tèks la pate ekri tèks la, li aksepte pran tout responsablite tèks la lè li siyen anba li. Anpil moun chache envante yon senbòl yo panse lòt moun pa kapab imite pou ranplase non yo nan sitiyasyon konsa.
- Sòl
-
Sòl: Yonn nan sèt nòt mizik yo: do, re, mi, fa, sòl, la, si.
- Somèy
-
Somèy: Dòmi. Eta kote yon pa konnen anyen ki ap pase sou kote e li kapab fè rèv. Somèy prèske menm jan avèk lanmò. Yon moun ki sou kapab rantre nan yon somèy ki pre lanmò anpil paske li difisil pou moun sa a reveye.
- Somye
-
Yon matla ki gen resò an fè e eponj sou tèt resò yo pou pèmèt matla a fè resò lè moun kouche sou li. Tout kote kò moun nan fè vant matla ap pouse eponj pou sipòte pati sa a nan kò moun nan.
- Son
-
Nenpòt bagay zòrèy kapab tande.
- Sonnen
-
Eta yon bagay ki fè yon gwo son ki twò fò pou moun koute. Son yon klòch fè.
- Sòs
-
Sòs: Manje likid moun fè pou yo mete sou lòt manje ki di pou ede manje di sa yo desann pi fasil nan gòj. Sòs ogmante gou manje di yo ki pa kapab kenbe bon gou pou anpil tan menm jan avèk sòs.
- Sosis
-
Vyann moulen ki ranje nan yon moso trip, nan kèk ti sak ki prepare avèk materyèl ki gen prèske menm gou avèk trip bèt. Sosis kapab long anpil, men machann koupe yo nenpòt longè moun ki ap achte yo vle machann nan koupe yo. Gen sosis ki fèt avèk vyann anpil diferan bèt.