133 mo ki kòmanse ak «S»

S

S: Dizuityèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la. Li pwononse menm jan avèk mo, ès, ki vle di avanse nan yon direksyon, men pa janm rete nan yon liy dwat.

Sab

Anpil poud, kraze ti wòch ki sou kote lanmè, larivyè e mason itilize yo pou fè mòtye pou kontriksyon.

Sachè

Yon ti sak ki pa gen lans e ki fèt avèk papye ou byen plastik.

Sadik

Eta moun ki pran plesi nan fè sa ki fè lòt moun mal. Eta anpil kriminèl.

Saint Marc

Saint Marc: Gade Sen-Mak.

Sak

Nenpòt bagay fon avèk lans ki fèt pou moun pote bagay yo pa vle pote nan men yo.

Sal

Yon gwo chanm kote moun nan yon kominote selebre gwo okazyon, evènman avèk fèt. Eta yon bagay ki gen malpwoprete sou li tankou pousyè. Eta yon rad ki gen kras swè moun, labou, pousyè kole sou li.

Salad

Plizyè varyasyon nan bagay ki akonpaye manje sou yon tab. Li kapab yon konbinezon leti, tomat, kawòt avèk yon melanj dlo, sèl, lwil. Li kapab yon konbinezon bèt-wouj, pòmdetè, ze bouyi, mayonèz, zonyon. Gen anpil diferan salad.

Sale

Yon bagay ki gen yon kantite sèl ki depase gou tout lòt bagay ki rantre nan konstitisyon li.

Salon

Yon chanm nan yon kay ki pote menm non avèk yon gwoup mèb andedan li. Nan kèk kay chanm sa sèvi pou resevwa moun ki pa rete nan kay la. Moun ki rete nan kay la itilize li pou divètisman tankou gade televizyon.

Salte

Bagay ki fè yon lòt bagay sal. Malpwoprete. Pousyè ki rasanble, tonbe sou yon kò, fas yon bagay.

Samdi

Setyèm e dènye jou nan yon semèn. Apre jounen samdi a, yon lòt semèn kòmanse. Se jou sa tout moun nan legliz Advantis yo ale legliz pou priye e bay Bondye glwa.

San

Yon likid ki toujou ap sikile nan venn moun avèk èd kè moun ki sèvi tankou yon ponp pou rale e pouse san an nan tout venn yo. San an, vrèman, divize an de pati: san wouj avèk san blan an. 100. Yon kantite ki gen san inite nan li. Senkant miltipliye pa de. Mil divize pa dis bay san. San De, 102. Sandezyèm inite nan nonb pozitif yo. San plis de. Desan-kat divize pa de. San Dis, 110. Sandizyèm inite a. Kat-san-ven divize pa de. San plis dis. San En, 101. San plis en. De-san-de divize pa de. San inyèm inite nan nonb pozitif yo.

Sandal

Yon soulye plat moun mete nan pye yo pou pye yo pa touche atè, men tout pye a pa fèmen andedan li; konsa van kapab pase pou anpeche pye a vini cho. Sandal pi ansyen pase anpil soulye ki fèmen nèt yo. Moun nan antikite te konnen mete sandal nan pye yo.

Sandwich

Yon manje moun prepare avèk plizyè bagay tankou pen, leti, mayonèz, tomat, fwomaj avèk kèk ti moso vyann plat.

Sann

Yon poud tout bagay ki fini boule kite nan plas kote yo te ap boule a. Tè.

Sans

Konprann moun gen de yon bagay. Direksyon yon bagay sib pou li ale yon kote. Sans Inik, Sèl direksyon yon bagay tankou yon wout, yon ri genyen. Relasyon ki gen ant de moun kote yonn nan moun yo toujou montre li enterese a lòt la, men yonn nan moun yo montre li pa enterese a lòt la.

Sansi

Yon moun ki pa vle travay e ki toujou ap mande lòt moun pou jis li santi moun nan pa genyen ankò pou bay li. Yon bèt ki viv nan dlo epi ki renmen rale san moun pou li bwè. Lè yon sansi ap rale san moun, li ap sispann rale sèlman lè vant li plen epi li soule.

Sant

Mitan. Yon kote ki enpòtan anpil pou yon gwoup moun e moun toujou reyini kote sa a pou diskite anpil bagay. Enfòmasyon moun kapab resevwa nan nen li pou idantifye yon bagay. Bon Sant , Yon sant moun renmen. Move Sant, Yon sant moun pa renmen, yon sant moun rayi.

Sante

Eta yon moun tout òganism nan kò li ap fonksyone san pwoblèm. Yon moun ki an sante gen kouraj pou li fè tout sa li vle fè avèk tout manb nan kò li. Yon moun ki pa an sante kabap fèb ou byen yon manb nan kò li kapab fèb.

Santi

Eta yon bagay ki bay yon sant moun pa renmen, yon sant ki move. Eta yon move kominikasyon ant plizyè manb nan kò yon moun. Si yon bagay touche yon moun, pati sa a nan kò a ap kominike enfòmasyon an bay yon lòt pati nan kò a; konsa moun nan ap konnen gen yon bagay ki touche li, moun nan santi bagay la.

Santiman

Kominikasyon ki genyen ant tout pati nan kò yon moun avèk kè li. Nenpòt bagay yon moun santi pou yon lòt tankou lide pou fè byen, mal.

Santimantalite

Eta yon moun ki gen santiman.

Santre

Mete yon bagay nan sant, nan mitan. Voye yon boul bay yon jwè nan mitan yon teren.

Satan

Yon frè Bondye ki envizib e ki ap viv sou tè a avèk moun apre Bondye te fini kouri dèyè li nan syèl la. Mal.

Satanik

Tout bagay ki mal, move. Nenpòt bagay ki gen rapò avèk Satan.

Saten

Yon twal swa moun itilize pou fè parasòl, onbwè. Tayè itilize twal sa a anpil pou mete andedan rad ki fèt avèk lòt twa lou pou kouti twal sa yo pa fè mak sou moun ki mete yo. Saten fè yon rad lou gen mwens fwotman avèk kò moun.

Savann

Yon kokenchenn teren ki pa gen anpil gwo pye bwa sou li nan kèk peyi twopikal. Zèb prèske pa grandi sou teren sa yo paske yo twò cho. Gen anpil pousyè nan savann yo. Savann Djann, Yon savann nan Depatman Latibonit la ki ant Mayisad avèk Sen-Michèl, yon vil tou pre Gonayiv. Savann Sahara, Pi gwo savann nan tout lemond e li sitiye nan nò kontinan Afrik la.

Se

Men kisa yon bagay ye. Mo moun mete devan yon lòt mo pou di kisa mo a vle di.

Sèch

Sèch: Eta yon bagay ki pa gen pyès dlo nan li.

Segond

Yon swantantyèm nan yon minit, yon kantite tan ki egal a kantite tan yon minit genyen divize pa swasant.

Segondè

Segondè: Yon bagay ki vini apre, ki gen priyorite an dezyèm pozisyon. Yon nivo lekòl nan peyi Ayiti ki vini apre lekòl primè.

Sèjan

Sèjan: Yon grad nan yon gwoup militè ki gen plis pouvwa pase yon kaporal. Yon sèjan kèk fwa responsab pou antrene moun ki ap rantre nan yon kò militè.

Sekle

Dechouke zèb sou yon moso tè pou fè tè a bèl. Kiltivatè sekle tè pou yo kapab plante grenn nan li. Dechouke zèb nan mitan ti plant ki ap grandi pou bay yo libète pou yo grandi. Travay yon kiltivatè fè pou kenbe plant li an sante.

Sekou

Rèl yon moun pou mande èd lè moun nan konnen li pa kapab defann tèt li san asistans yon lòt moun. Yonn nan lis yon moun ki ap itilize òdinatè kapab sib pou jwenn enfòmasyon li ap chache. Tout pwogram gen mo sekou a nan lis sèvis yo.

Seksyon

Yon moso, yon pati nan yon bagay. Seksyon Riral, Pi piti divizyon politik nan zòn peyi Ayiti yo.

Seksyone

Divize yon bagay an plizyè seksyon.

Sèl

Sèl: Yon materyèl ki gen nan lanmè e moun retire li nan lanmè, netwaye li pou yo kapab itilize nan preparasyon manje, fonn nèj avèk glas nan peyi ki fè frèt yo. Sèl gen yon eleman chimik ki rele sodyòm nan li. Yon bagay ki gen fòm do bèt tankou cheval e ki pèmèt moun, ki antrene pou sa, chita sou do yon bèt san li pa tonbe.

Sele

Mete sèl nan yon bagay. Mete sèl sou do yon bèt tankou cheval pou moun monte.

Seleksyon

chwazi nan mitan plizyè bagay pou pran sa ki bon an. Yon travay kèk òganism nan kò moun fè pou yo chwazi manje ki fèt pou rete andedan vant moun e ki kontribye pou fè moun gwosi epi voye sa ki pa bon pou kò a deyò.

Seleksyone

Aksyon yon bagay, yon moun ki ap fè yon seleksyon. Pran sa ki bon yo epi kite rès la.

Semèl

Semèl: Pati anba yon bagay, tankou soulye, ki anpeche pye moun touche avèk tè a lè pye moun rantre nan li.

Sen

Moun ki te sakrifye tout lavi yo ap sèvi moun sou tè a e legliz katolik bay yo glwa, kèk tan apre lanmò yo. Yon moun ki pa fè pyès peche. Yon bagay ki pa gen pyès pati nan kò li ki gate. Sen Domeng, Ansyen non tout il kote peyi Ayiti avèk Dominikani an ye a. Lè peyi Espay te vini pran pati lès il la, li te bay pati sa yon non espanyòl (Santo Domingo) e Ayiti pote yon non fransè paske peyi Frans te kontinye kolonize li pou jis rive nan ane 1803 yo. Sen Espri, Yonn nan twa pati Bondye yo sou kote papa a avèk piti. Yon espri ki monte moun nan kèk legliz e fidèl legliz sa yo kwè se lespri Bondye ki monte moun sa yo. Yon espri ki sen, ki soti nan Bondye. Sen Mak, Yon vil nan Depatman Latibonit la kote Wout Nasyonal Nimewo En an pase pou ale nan nò peyi Ayiti. Saint Marc. Non yon pwofètè. Sen Michèl, Yon vil nan Depatman Latibonit la ki tou pre Gonayiv. Non yon pwofèt.

Senbòl

Senbòl: Yon siy ki reprezante siyfikasyon, imaj yon bagay.

Senk

Sizyèm chif nan nonb pozitif yo. 5. Dis divize pa de. Kat plis en.

Senkant

Senk miltipliye pa dis. 50. San divize pa de.

Sentiwon

Yon moso kui kèk pwodiktè fè pou moun kapab mare rad nan senti yo. Gason pase sentiwon nan pasan pantalon epi boukle sentiwon an; konsa li anpeche pantalon an desan nan pye yo.

Septanm

Nevyèm mwa nan yon ane e twazyèm mwa vankans pou elèv lekòl nan peyi Ayiti.

Seramik

Travay yon atizan ki kreye imaj yon bagay avèk ajil. Yon travay seramik kapab gwo tankou estati yon moun ou byen piti tankou bijou pou dekorasyon andedan kay.

Sere

Mete yon bagay yon kote pou pyès lòt moun pa kapab jwenn li. Anpeche moun wè yon bagay. Mare yon bagay pi di avèk yon kòd.