Diksyonè
Diksyonè Kreyòl.
Tape yon mo, yon definisyon, oswa yon egzanp. Aksan pa obligatwa: «lekol» jwenn «lekòl».
- Pibliye
-
Fè yon bagay vini disponib pou piblik. Eta yon bagay anpil moun vini konnen. Ekri yon liv epi peye yon konpayi pou fè anpil kopi liv la pou mete li vann nan librèri. Eta yon jounal ki disponib pou moun achte.
- Pikan
-
Yon ti pwent file ki nan branch anpil pye bwa. Se yonn nan bagay peyizan ayisyen pi pè lè yo ap mache nan raje san soulye nan pye yo paske pikan kapab rantre nan pye yo.
- Pike
-
Pouse pwent yon bagay, yon pikan nan yon pati nan kò yon moun jis pwent la rantre nan kò moun nan. Sansasyon yon moun santi nan bouch li ki tankou yon bagay ki ap rantre nan vyann bouch li lè li gen yon bagay tankou piman andedan bouch li.
- Pil
-
Anpil bagay, moun, ki rasanble ansanm. Batri.
- Pilon
-
Yon twons bwa atizan ayisyen fouye yon bèl tou nan li epi moun itilize li pou kraze kèk grenn tankou mayi, pistach, kafe, pitimi e latriye.
- Pilonnen
-
Frape pye sou yon bagay avèk espwa li ap ale kraze. Aksyon moun ki mete plat pye yo sou do pye yon moun pandan anpil moun, yon foul moun kanpe nan yon espas ki twò piti pou kantite moun yo.
- Pilòt
-
Pilòt: Moun ki kondi, pilote avyon. Moun ki fè avyon, elikoptè vole.
- Pilote
-
Kodi, fè yon avyon, elikoptè vole.
- Pilye
-
Anpil bagay ki reyini, rasanble ansanm. Plizyè pil ansanm.
- Piman
-
Grenn yon ti pye bwa kout ki kapab pike anpil. Gen plizyè piman tankou piman-zwazon, piman-dous avèk piman-bouk. Piman Bouk, Yon piman ki pi gwo pase piman-zwazo, men li pi piti pase piman-dous e li pike tou; yon ti kras mwens pase piman-zwazo. Piman Dous, Yon piman ki pa pike, men moun ki ap fè manje renmen itilize li pou bay manje bon gou. Moun manje piman-dous nan salad tou. Piman Zwazo, Yon ti piman wouj e piti ki pike anpil.
- Pini
-
Fè yon moun soufri pou yon move bagay li fè tankou vyole lalwa, fè yon krim e latriye. Mete yon moun nan prizon.
- Pipi
-
Yon likid jón ou byen gri ki soti nan koko, zozo yon moun, yon bèt paske kò li pa bezwen likid sa pou ede kò a devlope, rete an sante.
- Pipirit
-
Yon bèl ti zwazo, mal la avèk femèl la kapab bo pandan yo ap vole. Yonn toujou ale tout kote li gen pou li ale avèk parèy li.
- Pistach
-
Yon plan ki bay yon rasin ki divize an de pati: yon pati fen e yon pati pwès. Pati pwès la gen grenn andedan li e moun manje grenn sa yo. Moun fè manba, bè avèk grenn nan.
- Pitimi
-
Yon plant peyizan ayisyen kiltive sou plantasyon yo. Li bay yon grap ki gen anpil ti grenn nan li. Gen de varyete pitimi: yonn pye li pi kout e li gen pi bon gou pase lòt la ki pi wo. Sa pye li pi wo a, moun ki ap kwit li gen pou yo mete anpil bagay nan li pou jwenn gou li.
- Pitit
-
Yon moun manman li avèk papa li te mete ansanm pou fè li nan moman manman an te ap ovile. Pitit Fèy, Nenpòt moun lwa ki monte yon bòkò te trete maladi li, te touye yon moun pou li e moun oblije patisipe nan seremoni vodou bòkò a chak ane pou peye yon pati nan dèt li.
- Pitza
-
Yon manje ki fèt avèk farin e li kòmanse fèt tankou jan moun fè pat pen, men pat sa a pa gen leven nan li. Lè moun nan fini plati pat la li mete sòs tomat sou li avèk kèk lòt bagay anvan li mete li nan fou.
- Piyajè
-
Piyajè: Moun ki patisipe nan yon piyay. Moun ki pran plezi nan resevwa bagay nan men lòt moun.
- Piyay
-
Yon moman kote anpil moun resevwa libète pou yo pran tout kantite yo kapab pote nan yon kantite bagay. Libète anpil moun pran pou yo kòmanse pran bagay lòt moun posede san moun nan pa bay otorizasyon pou pran bagay sa yo.
- Piye
-
Moman anpil moun pran anpil bagay yon moun te posede san moun nan pa bay otorizasyon pou pran bagay sa yo.
- Piyon
-
Yon vil nan Depatman Nò peyi Ayiti ki toupre Mayisad; anviwon 18 kilomèt konsa.
- Plak
-
Yon moso materyèl ki sanble avèk jansiv moun, ki gen dan nan li e ki kapab chita sou jansiv yon moun pou ranplase jansiv avèk dan moun. Yon moso plastik tou won avèk ti tras sou ki gen mizik anrejistre sou li. Nan ane 1980 yo konpakdis vini epi li ranplase plak.
- Plan
-
Preparasyon ki fèt pou konnen, anvan yon bagay rive, kijan li ap ale pase. Desen sou papye pou montre kijan yon kay e anpil lòt bagay ap ale fèt.
- Plane
-
Aksyon yon bèt ki soti anlè pou desann anba, men li kite de zèl li ouvri pou ralanti vitès jan kò a ap tonbe sou tè a. Plizyè moun te eseye plane nan fè eksperyans pou vole tankou zwazo e se eksperyans sa yo ki fè moun konprann kijan pou yo fè pou desann avyon atè. Se zwazo avèk avyon ki vrèman kapab plane. Aksyon yon moun ki bay yon bagay li posede nan yon biznis pou mèt biznis la kapab prete li lajan. Moun sa ap resevwa bagay la lè li pote lajan avèk enterè retounen.
- Planèt
-
Planèt: Plizyè kò nan lespas ki pa kole avèk tè a, ki pa gen limyè sou yo e ki ap vire fè wonn solèy la.
- Planifye
-
Prepare yon bagay pou li rive menm jan yon moun vle li rive. Fè yon plan.
- Plant
-
Yon pye bwa ki piti, kout e ki kapab rete kout pou jis li seche, mouri. Gen anpil ti pye bwa kout tankou pye pwa, pye piman, mayi, pitimi e latriye peyizan kiltive nan jaden. Apre sezon jaden yo pase, plant la mouri epi kiltivatè yo sekle tè a pou plante menm grenn plant sa ankò.
- Plantasyon
-
Yon tè kote moun fè jaden. Kote ki gen plant nan tè kiltivatè ap tann yo donnen.
- Plante
-
Mete grenn yon plant nan tè pou li gèmen epi grandi. Mete yon ti plant nan tè pou li kontinye grandi.
- Plas
-
Nenpòt kwen ki egziste sou tè a. Yon kote nan yon vil ki gen bèl flè, ban pou nenpòt moun chita nan kèk lè rezonab tankou soti nan sisè nan maten pou rive nan disè lannwit.
- Plat
-
Asyèt. Eta yon bagay ki pa gen gwosè. Eta yon bagay ki gen fòm fas dlo ki pa ap souke. Plat Pye, Pati nan pye yon moun ki touche tè a lè li ap mache san soulye nan pye li.
- Plati
-
Fòse yon bagay vini plat.
- Plato Santral
-
Yonn nan nèf divizyon nan peyi Ayiti yo e ki nan mitan peyi a avèk yon kwen li kole avèk Dominikani, yonn avèk Depatman Lwès la, yon lòt kwen avèk Depatman Latibonit e dènye kwen an kole avèk Depatman Nò a. Kapital depatman sa a se Ench.
- Plen
-
Mete bagay andedan yon lòt bagay pou jis anyen pa kapab antre andedan li ankò.
- Plenn
-
Moman lè yon bèt ap pote pitit andedan vant li. Gwosès. Kantite tan sa varye pou chak fanmiy bèt. Yon kote ki gen anpil pye bwa, anba yo imid e li fè nwa tout tan.
- Plenyen
-
Travay yon moun ki ap rakonte mizè li, tribilasyon li bay yon moun avèk espwa moun sa a ap ede li rezoud pwoblèm sa yo. Lamante. Fè yon bri ki soti nan gòj san kite yon vrè mo soti. Plenyen egzije anpil enèji.
- Plezi
-
Yon bagay yon moun renmen fè e li gen kè li kontan lè li ap fè bagay sa a. Jwisans.
- Pli
-
Tras, mak kote yon bagay te vlope, pliye. Tout rad ki fini lave gen pli sou li anvan moun pase li.
- Plim
-
Kèk ti branch fil ki parèt soti nan kò moun avèk bèt. Kèk lè tou yo grandi long sou kò moun ou byen bèt. Sa ki pi long nan kò moun yo parèt nan tèt yo, anba zesèl yo, nan pati entim yo. Kèk bèt tankou mouton gen anpil plim sou kò yo.
- Plis
-
Diferans, pi wo, ant kantite yon bagay te dwe ye e kantite li ye a. Kantite ki ogmante sou yon bagay. Ogmante de kantite, de nonb yonn sou lòt.
- Plizyè
-
Plizyè: Anpil bagay ansanm e ki kapab menm bagay la ou byen diferan ant yo.
- Ploge
-
Rantre yon bagay nan pwent yon lòt pou kontinye distribye yon bagay tankou dlo, eltektrisite bay yon lòt zòn, yon lòt aparèy. Danse avèk yon lòt moun yon fason pou tou de kò yo kole e deplase ansanm san dekole pou jis mizik la fini.
- Plonje
-
Pouse, fòse yon bagay rantre anba dlo. Aksyon yon moun ki lage kò li nan dlo tankou yon rivyè, lanmè, pisin. Yon moman kote yon avyon, yon zwazo, yon elikoptè kite wotè li te ap vole a pou desann pi ba e vit.
- Pò
-
Pò: Yon kwen nan lanmè kote bato rete pou yon debake e anbake machandiz. Anpil ti tou, kanal ki sou tout kò moun pou ede respirasyon kò a fèt.
- Pòch
-
Pòch: Yon tou yon koutiryè, yon tayè fè nan yon rad pou moun ki mete rad la kapab mete sa yo bezwen itilize vit tankou yon kle kay, yon bous, lajan.
- Pòdepè
-
Yon vil e kapital Depatman Nò Lwès peyi Ayiti. Port-de-Paix.
- Poetik
-
Travay yon ekriven ki ekri tèks tankou poezi.
- Poezi
-
Yon fason kèk ekriven ekri plizyè ti moso tèks pou esplike yon ti moman, yon ti istwa, yon bagay imajinè. Yon poezi sonnen tankou yon chante lè moun ap koute li.
- Pokè
-
Pokè: Yon jwèt kat kote jwè yo mize lajan yon premye fwa pou kòmanse jwèt la. Apre sa a, chak jwè ki panse yo gen kat pou genyen pati a mete plis kòb. Jwè ki pa kapab mete plis kòb e ki konnen yo pa genyen gwo pwen nan men yo oblije kite jwèt la. Konsa jwè ki gen anpil kòb avèk gwo pwen kapab kontinye mete plis kòb. Kèk fwa tou moun ki gen plis kòb la konnen blofe lòt jwè a epi dekouraje li avèk lajan. Jwè ki genyen an pa menm oblije montre kat ki te nan men li.
- Poko
-
Eta yon bagay ki bezwen plis tan pou li rive. Yon mo ki ale devan lòt mo pou esplike yon bagay, yon chanjman ki ap ale fèt, rive, regle e latriye.