Diksyonè
Diksyonè Kreyòl.
Tape yon mo, yon definisyon, oswa yon egzanp. Aksan pa obligatwa: «lekol» jwenn «lekòl».
- Mitrayèz
-
Mitrayèz: Yon zam otomatik militè itilize nan lagè pou tire sou moun pi vit.
- Mitsubichi
-
Yon konpayi machin Japonè ki fè machin prèske tout gwosè. Li fè vwati e li fè kamyon.
- Mize
-
Mete espwa sou yon bagay. Mete kòb nan yon jwèt kote plizyè moun mete kòb e se yon sèl ki ap gen dwa pran tout kòb la lè li genyen jwèt la. Yon plas kote ki gen ansyen bagay moun kapab ale vizite pou konnen, wè bagay ki te pase lontan. Yon kay kote ki gen anpil bagay moun kapab ale gade.
- Mizik
-
Rezilta travay plizyè enstriman mizikal ki ap jwe ansanm pandan yo ap sib prensip do, re, mi, fa, sòl, la, si a.
- Mizikal
-
Nenpòt bagay ki bay yon son tankou mizik ou byen ki fè moun panse gen mizik ki ap jwe.
- Mizisyen
-
Moun ki konnen jwe yon enstriman mizikal. Yon pwofesyonèl ki konnen jwe mizik.
- Mòd
-
Mòd: Yon bagay tout moun ap fè nan yon epòk. Yon fòm rad tout moun mete sou yo nan yon epòk. Jan yon moun chwazi pou li fè yon bagay.
- Mòde
-
Mòde: Kole de ranje dan sou yon bagay epi peze de ranje dan yo sou li.
- Modi
-
Move chans ki sib yon moun pandan tout lavi li paske li pa gen respè pou moun ki pi gran pase li.
- Mòn
-
Mòn: Kote yon moso tè leve wo. Pati sou tè a ki pi wo pase lòt pati sou tè a.
- Moniman
-
Yon bagay moun konstwi pou reprezante yon bagay ki te egziste nan yon moman ki pase; konsa piti yon peyi, yon zòn kapab wè, toujou sonje bagay sa a. Yon moniman kapab reprezante yon moun tou, menm yon moun vivan.
- Monitè
-
Monitè: Yon elèv ki gen responsablite pou kenbe lòd nan yon klas lè pa gen pwofesè nan klas la. Yon aparèy ki sanble avèk yon televizyon e ki pèmèt moun li bagay ki ap pase andedan yon òdinatè e pase òdinatè a lòd tou.
- Monnen
-
Lajan ki fèt avèk metal tankou lajan avèk kuiv.
- Monseyè
-
Monseyè: Yon chèf nan legliz katolik ki reponsab legliz nan yon depatman nan peyi Ayiti.
- Monte
-
Soti anba pou ale anwo. Travay yon avyon ki kòmanse vwayaje. Pase pye sou yon cheval, yon bisiklèt, yon motosiklèt.
- Montre
-
Mete dwèt endèks la nan direksyon yon bagay pou yon moun kapab wè li. Mete yon bagay kote pou moun wè li.
- Monwi
-
Yon vil sou Wout Nasyonal Nimewo En an e ki tou pre Sen-Mak, anviwon swasant kilomèt de Pòtoprens. Machin ki ap vwayaje soti, ale nan nò peyi a toujou kanpe Monwi pou achte griyo, fig, e latriye.
- Mòpyon
-
Mòpyon: Yon ti tach blan dechay fè lè li rete sou pwèl yon moun pou anpil tan. Li pi bon si yon moun pa kite dechay rete sou pwèl li pou plis ke 24 èdtan.
- Motivasyon
-
Rezilta konsèy yon moun resevwa ki fè li panse li kapab fè yon bagay li pate ap janm panse li kapab fè si li pate janm resevwa konsèy sa yo.
- Motosiklèt
-
Motosiklèt: Yon machin ki gen de wou avèk yon motè. chofè yon motosiklèt chanje vitès avèk pye li e li bay gaz avèk men dwat li.
- Mòtye
-
Mòtye: Yon melanj ant plizyè bagay tankou lacho, sab, siman, ajil epi dlo.
- Mouch
-
Yon ensèk ki gen zèl pou vole, ki gen sis pye e ki renmen bagay sal. Mouch kapab transpòte maladi bay moun lè li fini pran mikwòb yon kote epi vini poze sou moun, manje moun.
- Mouchwa
-
Yon moso twal pou siye figi ou byen mare tèt. Se fi ki mare tèt yo nan sosyete ayisyen yo.
- Moulen
-
Yon machin peyizan ayisyen fè pou kraze kann e retire dlo ki nan nannan kann yo. Yo fè bèf rale zèl moulen pou vire li. Yon machin avèk motè pou kraze pistach, mayi, pitimi. Yon machin ki kale diri.
- Moun
-
Kretyen. Yon èt vivan ki kòmanse viv sou tè a depi plizyè milye ane, ki gen de men, de pye e ki mache sou de pye yo. Yon moun kapab pale, reflechi, li, ekri, e viv nan sosyete.
- Mouri
-
Eta yon èt vivan, yon moun ki sispann respire, sispann viv.
- Mouton
-
Yon moun ki pa konnen kijan pou li defann tèt li. Inosan. Yon bèt nan fanmiy kabrit ki pa gen kòn. Se premye bèt syantis rive fè nan repwodiksyon atifisyèl, yon eksperyans ki te fèt nan finisman ane 1990 yo.
- Mouye
-
Eta yon bagay ki gen yon likid tankou dlo sou li, andedan li.
- Mov
-
Yon koulè ki sanble avèk koulè ble ki melanje avèk koulè wouj.
- Move
-
Fache. Yon moun ki gen pli nan mitan fon li, ki pa kontan e ki pa ap ri pou pyès rezon.
- Mozayik
-
Bèl ti moso beton ki pase nan fou lè yo te ap fèt e konstriktè kay mete atè a andedan chanm yon kay.
- Mwa
-
Yonn nan douz pati nan yon ane. Gen sèt mwa nan yon ane ki gen tranteen jou nan yo: Janvye, Mas, Me, Jiyè, Out, Oktòb, Desanm. Gen yon sèl mwa, Fevriye, ki gen 28 ou byen 29 jou nan yon ane. Gen 4 mwa ki gen trant jou: Avril, Jyen, Septanm, Novanm. Malgre diferans ki gen nan kantite jou nan mwa yo, chak trant jou nan yon ane se yon mwa.
- Mwatye
-
Nenpòt nan de pati ki sou chak de bò mitan yon bagay. Yonn nan de pati yo lè yon bagay divise an de pati egal.
- Mwayen
-
Posiblite ki gen disponib pou itilize. Lajan moun posede pou li depanse nan sa li vle.
- Mwayènaj
-
Yon epòk ant senkyèm e kenzyèm syèk la. Gen anviwon mil-kat-san ane depi moman sa pase.
- Mwen
-
Yon pwonon ki ranplase moun ki ap pale a.
- Mwens
-
Retire nan… Absans yon kantite nan yon lòt kantite ki pi gwo, laj. Siy sa a, -.
- Myèl
-
Myèl: Yon ti bèt ki viv an koloni e tout ti bèt sa yo se mal eksepte yonn nan yo, rèn nan. Ti bèt sa yo fè yon nich pou ponn, kove ze yo. Andedan nich sa li lage yon siwo ki rele myèl tou. Siwo sa gen anpil vitamin nan li e moun renmen li.