Diksyonè
Diksyonè Kreyòl.
Tape yon mo, yon definisyon, oswa yon egzanp. Aksan pa obligatwa: «lekol» jwenn «lekòl».
- Mazda
-
Yon konpayi machin ki te konnen fè ti machin sèlman e ki fè mwayèn machin konnye a.
- Me
-
Senkyèm mwa nan ane e moman nan ane a lè tout bèl flè nan tout pye bwa parèt, fleri.
- Mechan
-
Eta yon moun, yon bèt ki toujou anvi fè lòt moun, lòt bèt bagay ki ap fè yo mal, soufri.
- Medam
-
Plizyè fi an gwoup ou byen ki reyini ansanm.
- Mèg
-
Mèg: Eta yon moun, yon bèt anpil zo nan kò li vizib. chèch. Yon bagay ki piti, an ti kantite.
- Megri
-
Yon bagay kantite li ap diminye, bese. Yon moun, yon bèt ki ap vini mèg, chèch.
- Mèkredi
-
Mèkredi: Jou ki nan mitan yon semèn. Katriyèm jou nan yon semèn e twazyèm jou travay nan yon semèn.
- Meksik
-
Yon peyi sou kontinan Amerik la, nan sid Etazini kote moun yo pale Espanyòl. Etazini nan nò li epi Beliz avèk Gwatemala nan sid li.
- Melankoli
-
Eta yon moun tankou yon ekriven ki pase anpil move moman nan lavi li e ki pale de tout bagay sa yo nan liv li ekri. Ekspresyon yon ekriven ki pale de tribilasyon moun nan liv li.
- Melankolik
-
Travay yon ekriven kote li ap esplike mizè li, povrete li, tribilasyon li. Eta yon bagay ki gen melankoli nan li.
- Memorize
-
Mete enfòmasyon nan memwa. Itilize memwa pou sonje bagay ki pase.
- Memwa
-
Yon kote andedan tèt moun ki enrejistre tout sa yon moun kapab sonje. Abilite pou moun sonje konesans yo fè. Memwa Kout, Pati nan memwa moun ki kenbe enfòmasyon pou yon tan kout tankou kèk segond konsa. Apre de moun fini rankontre epi yonn bliye non lòt la apre kèk segond, se paske moun nan te itilize memwa-kout yo pou kenbe enfòmasyon sa a. Memwa Long, Pati nan memwa moun itilize pou kenbe enfòmasyon pou yon tan long, men yo ap bliye bagay sa yo apre kèk jou, kèk semèn konsa. Yon elèv lekòl bliye yon leson li te aprann apre kèk jou pase leson an te nan memwa long li. Memwa Pèmanan, Pati nan memwa moun ki kenbe enfòmasyon moun pa janm bliye tankou non moun nan menm, ane moun nan te fèt e latriye.
- Men
-
Dènye pwent nan de manb yon moun ki kole nan zepòl yo kote senk dwèt yo ye a. Pati nan kò yon moun li itilize pou kenbe tout sa li bezwen. Pran sa a. Apre yon vigil, nan yon fraz, Men vle di: Poze aksyon sa a e evite yon lòt aksyon.
- Menm
-
De ou byen plis bagay ki pa gen diferans ant yo. Men'm, Men ki nan kò kò yon moun ki ap pale.
- Menmsi
-
Ekspresyon moun itilize pou diminye valè yon bagay, rezilta, konsekans ki kapab genyen nan yon bagay.
- Mennen
-
Kontwole yon moun, yon bèt, yon bagay ki soti yon kote pou jis li rive yon lòt kote.
- Mercedes
-
Yon mak machin liksye.
- Mesaj
-
Pawòl yon moun di yon lòt moun pou li ale di yon lòt moun ki pa te kapab tande lè premye moun nan te ap di pawòl la. Yon mesaj kapab ekri sou papye tou.
- Mesaje
-
Moun ki pote yon mesaj ale bay yon lòt moun.
- Mèsi
-
Mèsi: Mo moun di moun pou montre yo renmen yon bagay yon moun fè, yon bagay moun nan bay.
- Mestin
-
Yon medikaman moun pran pou li kapab fè yo gen dyare e poupou tout manje ki pase twòp tan andedan vant yo e òganis la, kò a pa bezwen yo.
- Mesye
-
Mo moun itilize pou montre respè devan yon gason ki pi gran pase yo. Yon gwoup gason, plizyè gason ansanm.
- Mèt
-
Mèt: Yon inite pou mezire distans ki pa twò long. Yon mèt gen twa pye ventsuit, trant-nèf pous trant-sèt nan li. Moun ki posede yon bagay, yon bèt, yon moun.
- Mete
-
Depoze, rantre yon bagay, yon moun, yon kote.
- Meteyoloji
-
Syans ki etidye tan avèk chanjman nan tan an.
- Mètrès
-
Mètrès: Yon fi ki gen relasyon entim avèk mari yon lòt fi. Mèt kay kote yon restavèk rete.
- Mi
-
Eta yon fri apre li fini chanje koulè e li vini gen yon bon gou tankou gou dous. Anpil fri vini gen koulè jón, men gen kèk lòt ki gen lòt koulè tou. Yonn nan sèt nòt mizik yo: do, re, mi, fa, sòl, la, si.
- Miba
-
Aksyon yon bèt ki nouris, fini pouse pitit li mete deyò vant li. Fè pitit (pou bèt sèlman).
- Mibalè
-
Mibalè: Yon vil nan Depatman Sant la kote Wout Nasyonal Nimewo Twa a pase. Mirbalais.
- Microwave
-
Maykwowev, Yon mo nan lang Anglè pou yon aparèy chofaj ki chofe bagay moun manje e byen vit. Yon Microwave kapab chofe yon plat manje glase nan mwens ke twa minit.
- Mikwo
-
Yon ti aparèy elektrik ki mete ansanm avèk yon opalè pou fè vwa moun grandi anpil pou moun ki lwen yon moun ki ap pale kapab tande moun ki ap pale a san pwoblèm.
- Mikwòb
-
Mikwòb: Yon kantite ti bèt moun pa kapab wè avèk je yo san yon mikwoskòp, men ki egziste tout kote sou tè a. Anpil syantis kwè mikwòb se premye èt vivan ki te egziste sou tè a.
- Mikwoskòp
-
Yon aparèy ki gen loup ranje nan li yon fason pou ede moun wè anpil bagay je pa kapab wè san yon aparèy tankou mikwòb e latriye.
- Mil
-
Yon chif en avèk twa zewo dèyè li. 1.000. San miltipliye pa dis. Senk-san plis senk-san.
- Milat
-
Pitit yon kolon, yon blan avèk yon fi nwa, kèk fwa, yon esklas. Kèk ansyen esklav nan tan Sendomeng (Ayiti) ki te benefisye libète nan men kolon yo paske yo te pitit yon kolon avèk yon fi nwa. Yon ti gwoup ayisyen ki se desandan pitit kolon nan tan koloni Sendomeng la.
- Milèt
-
Milèt: Pitit yon femèl cheval avèk yon mal bourik. Gen mal milèt e gen femèl milèt, men milèt pa fè pitit.
- Milisyen
-
Yon gwoup militè yon prezidan pou-tout-tan nan peyi Ayiti te kreye pou ede li kenbe pouvwa paske li pate kapab konte sou lame peyi a pou bay gouvènman li a tout sekirite li te bezwen. Makout. Milisyen yo te konnen abiye avèk yon inifòm koulè ble maren. Milisyen te kraze nan ane 1986 lè pitit prezidan ki te kreye yo a te oblije kite pouvwa a.
- Militè
-
Militè: Plizyè òganizasyon leta nan yon peyi ki regle afè sekirite avèk pwoteksyon moun e mete lòd. Gen òganizasyon tankou Polis ki mete lòd nan vil andedan yon peyi. Lame ki siveye fontyè yon peyi kont envazyon lòt peyi. Si gen lagè, se lame ki ale nan lagè. Gen plizyè ti gwoup nan chak gwoup miltè yo. Gwoup moun ki travay avèk leta, ki abiye avèk inifòm pou travay yo e ki toujou gen zam pou bay yo fòs pou fè travay yo.
- Militon
-
Yon vejetab ki gen anpil dlo nan nannan li e ayisyen itilize pou fè legim, bouyon.
- Miltiplikasyon
-
Yonn nan kat operasyon aritmetik yo. De, se miltiplikasyon de pa en (2 X 1 = 2), e latriye.
- Milya
-
Yon en avèk nèf zewo dèyè li. Mil miltipliye pa yon milyon. 1.000.000.000.
- Milye
-
Yon kantite ki gen mil (1.000) ou byen plizyè mil nan li.
- Milyon
-
Yon en avèk sis zewo dèyè li. 1.000.000. Mil miltipliye pa mil.
- Milyonè
-
Yon moun ki posede yon milyon dola.
- Minit
-
Yonn nan swasant init yo ki gen yon lè.
- Minorite
-
Yon ti gwoup tankou mil moun konsa nan yon gwo gwoup tankou sis milyon moun konsa nan yon sosyete. Yon gwo gwoup moun nan yon sosyete ki pa gen pyès dwa paske yon ti gwoup moun nan menm sosyete sa a kontwole e abize tout rès moun nan sosyete a.
- Mirbalais
-
Gade Mibalè.
- Mit
-
Yon ti ensèk ki fèt nan mayi lè grenn sa a rete fèmen twòp e pandan anpil tan andedan yon bagay tankou yon barik. Pati blan andedan yon pen.
- Mitan
-
Yon pwen ki divize yon bagay an de pati egal. Yon lide imajinè pou di: lwen andedan yon bagay tankou mitan lanmè.
- Mitonnen
-
Frape yon bagay sou yon vejetab, yon legim pou kraze li. Kraze bagay pou fè yon legim.