Diksyonè
Diksyonè Kreyòl.
Tape yon mo, yon definisyon, oswa yon egzanp. Aksan pa obligatwa: «lekol» jwenn «lekòl».
- Machandiz
-
Bagay yon machann achte pou li revann.
- Machann
-
Moun ki gen machandiz pou vann.
- Mache
-
Yon plas kote machann mete machandiz yo pou yo vann e achtè ale la pou yo achte. Leve pye goch e pye dwat yonn apre lòt epi depoze li pi devan pou deplase yon kò. Avanse nan menm direksyon fas, je ap gade. Mache Nwa, Yon moman lè machann ki gen yon machandiz pwofite monte pri machandiz la nenpòt wotè yo vle paske pa gen anpil nan machandiz sa a e anpil moun bezwen achte li.
- Machin
-
Nenpòt aparèy mekanik, elektwonik ki kapab fè yon travay tankou kraze kann, kraze mayi, woule yon kasèt, e latriye. Yon aparèy ki sèvi pou transpòtasyon moun e ki kapab genyen kat, sis, dis, menm dizuit wou.
- Malè
-
Malè: Yon move bagay ki rive san moun ki koz li a pate planifye li.
- Malere
-
Moun nan yon klas nan yon sosyete ki travay di e ki pa kapab fè anpil kòb vit. Moun ki pa gen anpil kòb.
- Malfezan
-
Moun ki renmen fè bagay ki mal.
- Malfezans
-
Aksyon yon malfesan. Fè yon moun, ki pa konnen kijan pou li defann tèt li, mal.
- Malis
-
Koken. Eta yon moun ki pa janm kite tras pou moun kenbe li lè li fè yon move bagay, yon bagay mal. Entelijan.
- Malkadi
-
Manifestasyon yon maladi kèk moun genyen ki fè yo pèdi konesans, tranble anpil e rele pandan bouch yo ap fè kim.
- Malpwoprete
-
Tout bagay moun konsidere tankou bagay ki sal. Nenpòt bagay sosyete a panse moun pa dwe fè devan lòt moun tankou mache san rad nan lari.
- Maltrete
-
Bay move tretman tankou bat yon moun pou jis li pèdi konesans, tout kouraj li e menm mouri.
- Malveyan
-
Yon moun ki pran plezi nan fè moun ki pi fèb pase li sa ki mal.
- Mamit
-
Yon bwat long an metal e won avèk kouvèti solid kole nan de pwent li.
- Manba
-
Pistach ki kraze pou jis li fè labouyi. Lè li kraze byen, li fè grès. Bè pistach.
- Manbo
-
Yon fi ki sèvi lwa e ki bay lwa itilize kò li lè yo bezwen kominike avèk lòt moun, fè remèd pou pitit fèy yo, e danse nan seremoni lwa tankou vodou. Yon bòkò fi.
- Manch
-
Yon pwent, yon branch nan yon bagay. De tou nan yon rad kote moun rantre ponyèt yo.
- Manchèt
-
Yon ti manch. Yon kouto laj, long ki fèt pou koupe gwo bagay yon ti kouto pa kapab koupe.
- Manda
-
Yon pèmisyon sèlman yon jij kapab bay polis pou rantre andedan kay yon moun menmsi moun nan pa vle yo rantre.
- Mande
-
Reklame yon bagay nan men moun pou kado san moun nan pate pran desizyon anvan pou bay bagay la. Pran desizyon pou resevwa yon bagay.
- Mandyan
-
Moun ki renmen mande e ki mande kado pou siviv nan lavi.
- Mango
-
Fri yon pye bwa ki gen yon gwo grenn, ji, kèk fwa fil tou e ki gen menm non avèk pye bwa ki donnen li. Gen anpil mango tankou blan, doudous, janmari, miska, grennsi, fil, fransik e latriye.
- Manje
-
Mete yon bagay nan bouch, mastike li epi vale.
- Manke
-
Pèdi yon chans, yon benefis. Rate. Anvi pou wè yon moun.
- Manman
-
Yon fi, yon femèl bèt ki fè piti. Lanati. Yon peyi. Yon fi ki adopte yon timoun.
- Mannivèl
-
Mannivèl: Kat branch bagay ki menm longè a sou do yon elikpotè pou ede li vole e rete anlè san li pa tonbe. Plizyè moso plastik ou byen metal ki nan yon vantilatè e ki kreye van lè yo ap vire.
- Mantal
-
Bagay ki gen rapò avèk sa ki ap pase nan tèt moun, men ki pa oblije gen pyès lyen avèk reyalite a. Gen moun ki toujou santi yo malad, men doktè pa ap janm kapab jwenn maladi yo paske maladi moun sa yo mantal. Yon maladi mantal kapab vini reyèl.
- Mantè
-
Mantè: Moun ki renmen e ki bay pran plezi nan bay manti. Moun ki toujou di wi pou bagay yo te fèt pou di non.
- Manti
-
Bagay moun di moun pou verite, men ki pa vrè.
- Manyen
-
Touche yon bagay avèk men. Touche. Travay yon doktè fèy lè li ap pase men li sou tout kò yon malad pou jwenn ki kote yon maladi ye pou preskri tretman pou maladi a.
- Manyòk
-
Manyòk: Yon ti pye bwa kiltivatè ayisyen plante e ki bay de rasin diferan: yonn pwès, blan, dous e yon lòt anmè. Moun bouyi manyòk dous la e yo manje li. Manyòk anmè a bay lanmidon avèk kasav.
- Mare
-
Vlope yon kòd byen di sou kò yon moun, yon bèt, yon bagay avèk espwa moun nan, bèt la, bagay la pa ap kapab demare tèt li.
- Mari
-
Yon gason ki marye avèk yon fi. Manman Jezi Kris.
- Mark
-
Yon mak machin GMC (General Motor Company), yon konpayi machin ameriken fè. Yon kamyon. Yonn nan douz disip Jezi Kris yo lè li te sou tè a. Mak.
- Maryaj
-
Yon desizyon yon gason avèk yon fi pran anba lalwa pou yo viv ansanm e pou yo chak pran tout responsablite pou lòt la. Yon desizyon yon gason avèk yon fi pran devan Bondye pou yo pase tout lavi yo ansanm nan nenpòt ki kondisyon. De bagay, de moun, de bèt ki mare ansanm.
- Marye
-
Pran yon angajman devan lalwa e devan Bondye pou viv avèk yon madanm ou byen yon mari pandan tout lavi madanm nan ou byen mari a. Pran yon angajman.
- Mas
-
Twazyèm mwa nan yon ane e dezyèm mwa ki gen 31 jou nan yon ane.
- Masak
-
Touye, ansanm, anpil moun ki pa kapab defann tèt yo.
- Masakre
-
Touye anpil moun nan yon masak. Gate yon bon travay yon moun te ap fè.
- Mason
-
Yon moun ki espesyalise nan chache konprann espri natirèl yo pou kontwole lanati. Yon moun ki prepare mòtye pou fè kay e ki, kèk fwa, aprann fè kay tou paske li toujou ap sib travay moun ki ap fè kay.
- Masonn
-
Yon mòtye ayisyen fè avèk lacho e ajil pou yo bouche tou ant palisad e klisay kay.
- Masonnen
-
Mete masonn sou yon palisad ou byen yon klisay.
- Matematik
-
Nenpòt bagay ki gen rapò avèk syans Matematik Yo.
- Matematik Yo
-
Plizyè syans ki etidye anpil bagay ki pa fè sans e ki eksplike relasyon ki egziste ant tout bagay sa yo. Yon syans matematik di si A se menm avèk B, B se menm bagay avèk C, A avèk C se menm bagay la ou byen si A=B, B=C, konsa: A=C
- Matla
-
Pati nan yon kabann ki fè kabann nan mou pou kò moun kapab kole avèk kabann nan.
- Mawon
-
Yon koulè ki sanble avèk chokola. Nenpòt moun ki ap viv nan kache. Eta esklav ki pate vle rete nan esklavaj e ki te pati ale nan mòn kote yo konnen kolon yo pate kapab monte ale chache yo. Esklav sa yo te konnen desann sou plantasyon kolon yo lannwit pou touye yo, brile plantasyon yo.
- Mawonaj
-
Eta moun ki ap viv nan kache. Eta esklav nan tan koloni Sen-Domeng (Ayiti) ki te konnen viv nan kache pou atake blan gouvènè yo lannwit.
- Mayi
-
Yon grenn jón, wouj, yon plant donnen e moun manje li. Moun fè yon poud avèk mayi (mayi-mounlen). Lè grenn mayi a kraze li bay yon poud ki gen de poud diferan nan li: farin mayi a, mayi-moulen an.
- Mayisad
-
Yon vil nan Depatman Sant la ki toupre kapital depatman an, Ench. Maïssade.
- Mayonèz
-
Mayonèz: Yon bagay ki fèt avèk jón ze, sitwon, vinèg, lwil e moun itilize pou prepare anpil manje, mete sou lòt manje pou bay yo pi bon gou.