58 mo ki kòmanse ak «L»

Lètyè

Rezilta travay yon moun mete anpil tan avèk prekosyon pou fè li avèk entansyon travay sa a ap siperyè tout lòt travay, menm jan avèk li, lòt moun fè.

Leve

Kite yon pozisyon kouche pou pran pozisyon chita ou byen kanpe. Soti anba pou monte anwo. Eta solèy la lè li kòmanse klere tè a. Soti nan yon pozisyon orizontal pou pran yon pozisyon vètikal.

Lexus

Yon mak machin liksye. Yon gwo mak machin ki gen yon senbòl L pou lejand li.

Li

Yon pwonon moun itilize lè yo ap pale avèk yon moun de yon lòt moun pou evite repete non lòt moun nan plizyè fwa. Pase je sou yon tèks pou konprann sans li.

Lib

Endepandan. Eta peyi yo ki te soti anba esklavaj peyi kolonizatè yo. Eta yon moun ki posede pouvwa pou pran desizyon sou bagay ki ap pase nan lavi li. Eta moun ki kapab fè sa yo vle avèk lavi yo.

Libète

Libète: Eta yon moun, yon peyi, ki lib. Endepandans. Aspirasyon tout pèp pou yo patisipe nan desizyon peyi yo. Anpil moun kwè libète se yon bagay moun pran se pa yon bagay moun bay moun.

Librèri

Librèri: Yon biznis kote ki gen liv pou vann, anpil liv.

Lil

Il. Yon moso tè ki gen dlo antoure li nan tout kwen li.