58 mo ki kòmanse ak «L»

Lache

Kite yon bagay ale nan yon direksyon san kontinye kontwole kijan li ap kontinye ale.

Lacho

Yon poud wòch blan. Pou ayisyen prepare poud sa a, yo ranje yon pil moso bwa yonn sou lòt epi yon mete wòch blan sou bwa yo. Yo limen dife nan bwa yo pou yo boule e chofe wòch yo anpil. Lè bwa yo fini boule moun vide dlo fwèt sou wòch cho yo. Wòch yo fonn pou bay lacho.

Lanfè

Lanfè: Yon plas kote moun panse ki gen anpil tribilasyon e se Satan ki ap gouvène kote sa a. Yon plas tout moun relijye yo kwè ki egziste e se la tout moun ki pa sib prensip Bondye yo ap ale pou yo kapab pase penitans epi boule. Kwayans kèk moun genyen de lavi kèk moun ap viv sou tè a.

Lang

Yon moso vyann ki nan mitan bouch anpil èt vivan tankou moun. Lang ede moun pwononse mo ki ap soti nan bouch li e li kondi manje ale anba ranje dan moun. Yon konbinezon ant lèt, mo e son tout moun nan yon kominote, yon peyi konprann e yo itilize li pou kominike ant yo. Yon pati nan kle yon pòt ki rantre yon kote pou kenbe pòt la fèmen.

Langèt

Langèt: Yon ti lang. Krèt.

Lanmè

Lanmè: Yon kantite likid ki anpil e ki okipe plis espas pase tout espas tè tout peyi nan lemond okipe. Likid sa sale e li gen anpil bèt, gwo tankou piti, ki ap viv nan li. Bato kapab soti de yon peyi a yon lòt pandan li ap deplase sou lanmè. Dlo lanmè nan kèk zòn tèlman sale, pyès bagay pa kapab koule nan li si bagay sa pa lou anpil.

Lanmen

Kole de men ansanm epi vlope yonn avèk lòt la pandan yo ap souke. Yon fason pou salye yon gason. Yon mwayen énmi yon ayisyen itilize pou mete yon pwazon, yon zonbi, nan kò énmi an.

Lanmidon

Yon poud ki soti nan manyòk e ki kapab prepare pou kole kèk bagay tankou papye sou papye. Pou fè poud sa a, moun yo kraze manyòk la epi yo retire likid li bay la. Lè likid sa poze, gen yon bagay ki fòme anba resipyan kote li ye a. Yo mete bagay sa seche nan solèy. Se lanmidon an sa.

Lanmò

Lanmò: Moman kote yon moun soti nan lavi. Yon ka. Yon gwo pwoblèm anpil moun, fanmiy avèk zanmi yon moun genyen lè yonn ou plizyè pwòch moun sa yo mouri.

Lanmou

Bon santiman yon moun, yon bèt gen nan kè li pou yon lòt moun, yon lòt bèt.

Lanmourèz

Yon moun, yon bèt ki gen bon santiman nan kè li pou yon lòt moun, yon lòt bèt.

Lans

Yon bagay moun kapab vlope avèk men li, men ki solid anpil e ki kenbe de bò yon sak, panyen e ki kenbe de bò yo an balans; konsa moun kapab tranpòte panyen an, sak la.

Lantouray

Baraj nan tout kwen yon moso tè pou fè li difisil pou moun, bèt rantre sou moso tè sa a. Lantouray fè moun konnen gen yon lòt moun ki posede yon moso tè ki antoure.

Lapè

Lapè: Yon eta pasifik kote tout bagay ap fèt nan lòd e pa gen vyolans, bri, detounman politik.

Lapenn

Yon santiman ki anvayi kè yon moun e ki anpeche moun sa eksprime kontantman. Yon moun ki nan lapenn kapab kriye si li kontinye panse de sa ki anpeche li eksprime kontantman li a. Prezans lòt moun ki ap pale de lòt bagay ki bay kontantman kapab fè moun nan bliye lapenn li.

Lapli

Yon kantite gout dlo ki soti nan espas e ki tonbe nenpòt kote sou fas tè a. Lapli kapab tonbe pandan yon ti tan kout; konsa li kapab tonbe pandan plizyè jou.

Laponyèt

Yon moman kote yon gason vlope zozo li avèk men li epi li ap fè yon mouvman soti devan ale dèyè avèk men li. Mouvman sa bay gason an yon sansasyon ki sanble avèk sansasyon yon zozo ki ap rantre soti nan yon koko bay, epi dechay soti nan zozo li.

Lapòs

Lapòs: Yon biwo leta nan anpil peyi kote moun bay lèt, bwat, anpil lòt komisyon pou anplwaye biwo sa a voye bay destinatè pou yo.

Larivyè

Larivyè: Yon kouran dlo dous ki soti nan yon sous epi ki sib tout nivo tè ki pi ba pase nivo kote li soti a pou jis li rive nan lanmè. Rivyè.

Las

Yon fèy kat ki gen lèt, A, nan li pou idantifye li. Nan kèk jwèt li reprezante yon gwo kat, nan kèk jwèt li fèb. Yon maladi kèk moun soufri ki anpeche yo respire nòmalman. Kèk moun fèt avèk maladi sa, kèk moun vini genyen li pandan lavi yo. Ayisyen itilize lalwa pou trete timoun ki fèt avèk li.

Lasi

Nich kote myèl ponn, fè pitit, epi mete siwo. Yon kras ki fèt nan je moun, bèt.

Latanyen

Fèy yon plant atizan ayisyen itilize pou trese makout, baskèt, panyen, djakout. Li reziste anba domaj dlo ki mouye li pandan anpil tan.

Laten

Yon lang moun pa pale ankò pou lang ofisyèl peyi yo, men se li ki manman anpil lang nan anpil peyi e legliz katolik nan tout peyi kontinye itilize lang sa nan kèk seremoni. Anpil mo nan prèske tout lang kapab jwenn rasin yo nan laten.

Latibonit

Yon flèv nan Depatman Sant la ki gen yon baraj sou li pou bay kapital peyi a elektrisite e menm flèv sa bay kont dlo pou kiltivatè nan Depatman Latibonit la wouze plantasyon diri yo.

Latitid

Yon plas syantis konsidere pou distans de liy ki divize nò avèk sid tè a.

Latriye

Anpil lòt bagay ki vini, ki kapab vini apre san bay non yo. Bagay ki sib lòt bagay ki devan yo.

Lavalas

Yon gwo mouvman yon rivyè fè kote dlo nan rivyè sa monte depase wotè dlo ki te konnen toujou ap pase nan chemen li. Yon mouvman politik Jean-Bertrand Aristide te mete sou pye lè li te aksepte poze kandidati li pou prezidans peyi Ayiti.

Lavant

Vann anpil nan yon kantite machandiz ki te ap tann achtè pou achte yo. Vann machandiz.

Lave

Mete, pase dlo sou yon bagay pou retire salte sou li. Mete rad nan machin avèk dlo e savon pou yo vini pwòp. Mete rad nan dlo fwote savon sou yo epi fwote yo pou jis yo vini pwòp.

Lavi

Pati ki pi enpòtan nan egzistans yon èt vivan. Li se orijin tout èt vivan, li grandi avèk kò a epi li kite kò a pandan lanmò a vini.

Lavil

Vil. Yon vil ki pi enpòtan pou moun ki ap viv nan antouraj vil sa. Yon zòn nan yon vil kote ki gen tout gwo boutik, magazen avèk mache kote machann vann machandiz yo e achtè ale chache sa yo bezwen achte.

Lè

Lè: Yon konpozisyon plizyè eleman, men majorite kantite a se oksijèn ki nan lanati e ki pèmèt moun viv. Oksijèn pou kont li nesesè pou moun rete nan lavi. Yonn nan 24 inite yon jounen. Pou moun di yon Lè, li pa bezwen itilize lèt L la devan è. Men tout lè nan yon jounen: Inè pou 1 lè, Dezè pou 2 lè, Twazè pou 3 lè, Katrè pou 4 lè, Senkè pou 5 lè, Sizè pou 6 lè, Setè pou 7 lè, Yuitè (uitè) pou 8 lè, Nevè pou 9 lè, Dizè pou 10 lè, Onzè pou 11 lè, Douzè (midi) pou 12 lè, Trèzè pou 13 lè, Katòzè pou 14 lè, Kenzè pou 15 lè, Sèzè pou 16 lè, Disetè pou 17 lè, Dizyuitè (dizuitè) pou 18 lè, Diznevè pou 19 lè, Ventè pou 20 lè, Venteinè pou 21 lè, Venndezè pou 22 lè, Venntwazè pou 23 lè e Vennkatrè pou 24 lè. Yon poud pwazon énmi yon ayisyen mete yon kote énmi an ap ale pase pou touye li.

Legal

Nenpòt bagay ki rantre anba kouvèti lwa. Tout bagay moun nan yon peyi, yon soyete fè nan obeyisans, avèk respè pou lwa ki kontwole sa yo ap fè a.

Legalizasyon

Fè lwa pou yon bagay ki te deja egziste si pate gen lwa ki gouvène bagay sa a deja. Fè chanjman nan yon lwa pou rantre yon bagay moun deja ap fè anba lwa sa a.

Legim

Vejetab. Yon bagay moun prepare avèk vejetab, vyann, kawòt, lwil pou akonpaye yon manje ayisyen tankou mayi moulen, diri, ansanm avèk pwa, sòs pwa e latriye.

Legliz

Kote yon pè ou byen yon pastè avèk anpil moun ki nan yon menm relijyon rankontre pou yo priye, chante, bay Bondye glwa. Yon kay kote yon pè ou byen yon pastè avèk anpil fidèl konnen rankontre pou yo chante, priye, bay Bondye glwa. Yon òganizasyon relijye tankou legliz katolik, legliz pwotestan e latriye.

Lejand

Istwa moun nan yon sosyete toujou ap rakonte tout jenerasyon, men ki pa vrè. Kèk lejand sanble avèk yon istwa ki te pase tout bon vre. Bagay ki pa vrè. Siy ki reprezante yon konpayi.

Lekti

Travay yon moun ki ap li yon ekriti tankou yon tèks, yon liv.

Lemond

Tout sa ki egziste sou planèt tè a: tout moun, tout peyi, tout dlo, tout tè avèk tout sa ki nan tout peyi, sou tout tè, nan tout dlo.

Lendi

Dezyèm jou nan yon semèn e premye jou travay nan semèn nan.

Lenmò

Yon kadav, yon mò. Nenpòt bagay ki sanble avèk yon kadav ou byen yon mò. Yon moun ki endispoze se yon lenmò menmsi li pa yon kadav.

Lenno

Nenpòt bagay ki pa nan yon gwoup. Yon bagay ki pou kont li.

Lès

Lès: Ès. Yonn nan kat pwen kadinal yo ki nan direksyon kote solèy la leve a.

Lesiv

Travay yon moun ki ap lave rad nan machin ou byen avèk men.

Lesivè

Lesivè: Moun ki fè lesiv. Moun ki pran rad sal, mete dlo avèk savon nan yo pou fè rad yo vini pwòp pandan li ap fwote yo, yon machin ap fwote rad yo.

Lespri

Yon fòs envizib ki kapab aji sou bagay ki vizib. Espri. Yon degre entelijans yon moun fèt avèk li e ki bezwen devlope pandan moun nan ap grandi. Lwa. Lespri-sen. Lespri sen, Lespri ki pran nesans li nan Bondye. Yonn nan twa pèsonalite Bondye yo: Papa a, Pitit la, Lespri-sen an.

Lestomak

Pati nan kò yon moun ki anba tete moun nan e sou andedan kote manje pase anvan li ale nan vant moun nan.

Lèt

Lèt: Yonn nan chak inite ki fòme alfabèt yon lang. Senbòl ekriven itilize pou ekri tèks. Yon mwayen moun itilize pou kominike sou papye san yo pa rankontre. Yon likid blan ki soti nan tete kèk femèl bèt e tout moun ki nouris. Lèt elektwonik, Yon mwayen moun itilize pou yo ekri nan òdinatè epi voye ekriti a bay destinatè li nan òdinatè li nenpòt ki kote nan lemond òdinatè lòt moun nan ye a.

Leta

Yon sistèm envizib nan yon peyi ki regle tout afè peyi a. Nan anpil peyi gouvènman avèk leta peyi a fè yon sèl kò. Konfizyon sa a anpeche peyi konsa pwogrese paske moun nan peyi sa a pa kwè nan melanj de kò sa yo (leta avèk gouvènman).

Leti

Yon vejetab, fèy vè yon plant moun manje pou salad.