Diksyonè
Diksyonè Kreyòl.
Tape yon mo, yon definisyon, oswa yon egzanp. Aksan pa obligatwa: «lekol» jwenn «lekòl».
- Koutye
-
Yon moun ki konnen kèk pwopriyetè kay ki gen kay pou lwe e ki konnen kèk lokatè tou ki ap chache kay pou lwe epi li ede yon rankontre pou yo fè biznis. Yon pwofesyonèl ki patisipe nan ranje biznis pou moun e ki touche pou sèvi li.
- Kouve
-
Aksyon anpil femèl zwazo ki kapab kouche sou ze li pandan anpil jou pou chak ze rive bay yon ti zwazo. Lè yon femèl zwazo ap kouve, li leve sou ze yo sèlman pou ale chache manje.
- Kouvreli
-
Yon ti dra mens moun mete sou kabann nan peyi twopikal yo. Yo itilize kouvreli tou pou kouvri paske li pa fè fredi nan peyi sa yo.
- Kouvri
-
Mete yon bagay laj sou yon lòt epi bagay laj la anpeche li rete vizib. Bouche yon tou.
- Kouwòn
-
Kouwòn: Yon siy pou montre grandè yon moun tankou yon wa, yon rèn. Flè ki ranje an won pou mete sou kavo, tonm kadav.
- Kouwonnen
-
Fè wonn yon bagay. Mete, aliye yon bagay sou tout kwen yon lòt bagay. Antoure yon bagay. Mete kouwòn sou yon bagay, tèt yon moun.
- Kouzen
-
Pitit gason yon sè ou byen yon frè papa ou byen manman yon lòt moun.
- Kouzin
-
Pitit fi yon sè ou byen yon frè papa ou byen manman yon lòt moun.
- Kòve
-
Kòve: Travay kolon yo te konnen fè esklav yo fè nan tan koloni yo. Konbit. Travay san touche pou travay ki fèt la. Refè yon travay plizyè fwa san yon bon rezon pou refè.
- Koyo
-
Yon gason ki pa devlope seksyèlman, kont pou konprann lè yon fi vle fè lanmou avèk li. Gason sa a pèdi anpil tan li pate ap janm bezwen pèdi pou koutize fi a si li te konprann fi. Tan yon koyo pran pou li koutize yon fi fè fi a deja konprann li ap ale oblije montre gason sa a sa pou li fè anvan li jwenn sa li vle a; konsa li meprize avans yo lè yo vini.
- Koze
-
Pale avèk yon zanmi de plizyè bagay ki pase san rete sou yon sèl sijè. Konvèsasyon abityèl ant plizyè zanmi chak fwa yo rankontre. Pale avèk yon zanmi de yon bon ou byen yon move eksperyans. Travay de moun ki ap pale.
- Krab
-
Yon bèt ki rete nan yon tou kote ki gen dlo. Li gen de kwòk dan ki sanble avèk de pye devan, men dan yo pa janm touche a tè. Dèyè chak de pye yo yon krab gen twa pye sou chak bò. Pou pechè kenbe krab yo oblije foure men yo nan tou a. Krab konnen mòde pechè yo. Krab bay legim avèk bouyon bon gou.
- Krapo
-
Yon bèt ki renmen viv nan imidite, kote ki mouye, kote ki gen dlo. Bèt sa kapab viv lontan kote ki pa gen imidite tou. Gen krapo ki viv nan dlo e yo manje ti pwason avèk ti koulèv. Sa ki viv sou tè yo manje ti ensèk.
- Kras
-
Pousyè ki poze sou yon kò epi ki kole sou kò sa a tankou li kontribye nan konstitisyon kò a. Kras kapab chanje koulè yon lòt bagay. Kras sou kò moun sanble avèk yon tach nwa. Ti Kras, Yon ti pati nan yon bagay.
- Kraze
-
Monte sou yon bagay epi fè li pèdi fòm orijinal li te genyen an. Sa depan de materyèl ki antre nan konstitisyon yon bagay, lè li kraze, moso yo kapab separe ou byen rete ansanm. Mete yon bagay lou sou yon bagay ki pi fay.
- Krèm
-
Krèm: Kèk medikaman mou pwodiktè yo mete nan yon bwat mou pou moun kapab peze bwat la lè yo bezwen yon ti kras nan medikaman an soti nan bwat la. Yon desè ki fèt avèk lèt e plizyè fri. Kim ki soti nan anpil pati nan kò tankou bouch moun ki pale anpil.
- Krèt
-
Krèt: Yon pwent ki monte dwat anlè. Yon do mòn gèrye itilize pou yo kapab wè énmi ki ap pwoche sou yo. Yon ti pwent ki sanble avèk yon ti do mòn sou anlè ouvèti koko yon femèl, yon fi.
- Kreten
-
Moun ki pa vle fè egzèsis ki ap ede yo devlope entelijans yo.
- Kretyen
-
Moun. Tout moun nan yon sosyete. Tout èt vivan ki gen entelijans, ki kapab devlope entelijans li e ki kapab reflechi. Moun ki sib tout prensip Jesi Kris yo.
- Kreve
-
Rantre pwent yon bagay nan yon kò. Fouye yon tou nan yon bagay ki te fèt pou rete san tou sa a. Fòse zozo yon gason rantre nan koko yon femèl pou premye fwa nan lavi femèl la. chire.
- Kreyatè
-
Moun ki kreye yon bagay, Bondye.
- Kreyati
-
Tout bagay Bondye, moun kreye.
- Kreye
-
Fè yon bagay vini egziste pou premye fwa. Envante yon bagay.
- Kreyòl
-
Kreyòl: Moun ki fèt e grandi nan yon peyi. Plizyè lang moun pale nan plizyè peyi ki te pase anba esklavaj nan ansyen koloni yo. Esklav yo pate kapab konprann lang mèt yo, kolon yo te ap pale; konsa yo di mo yo nan fason pa yo e tout esklav parèy yo entèprete mo yo menm jan moun ki di mo a te konprann li. Yonn konprann lòt yo kontinye pale konsa. Kreyòl Ayisyen, Yon lang ki soti nan defòmasyon mo twa lòt lang: Anglè, Espanyòl, Fransè. Prèske chak santèn moun nan popilasyon peyi Ayiti a pale Kreyòl, men lang sa a se yonn nan de lang ofisyèl peyi a, sou kote Fransè.
- Kribich
-
Yon ti bèt ki viv nan dlo, ki kapab gen koulè blan, wouj, vè e li soti nan menm fanmiy avèk krab, oma. Li itilize senk pye dèyè li yo pou mache. Li bay manje bon gou e moun itilize li pou kwit anpil manje tankou sòs.
- Krim
-
Move aksyon yon moun, tankou touye yon lòt moun, vòlè bagay yon lòt moun posede, ki ale nan direksyon opoze avèk lalwa.
- Kritik
-
Opinyon yon moun sou rezilta travay yon lòt moun. Yon kritik kapab pozitif ou byen negatif. Yon moun ki kritike rezilta travay yon lòt moun ede moun nan fè travay la, yon lòt travay pi byen.
- Kritike
-
chache mete verite rezilta travay yon moun klè pou tout lòt moun kapab konprann li. Bay yon opinyon sou travay yon moun. Pale byen, mal de pèsonalite yon moun.
- Kriye
-
Moman yon moun gen dlo ki ap soti nan je li. Gen anpil reson ki fè yon moun kriye tankou lapenn, doulè, kontantman e latriye.
- Kuis
-
Pati anlè nan yon janb ki ale kole nan senti yon moun, yon bèt e ki kole nan jenou moun nan, bèt la.
- Kwa
-
Mete de bagay long yonn an travè sou lòt la. Pozisyon yon moun, yon bagay ki bare chemen yon moun pou anpeche li kontinye wout li.
- Kwadèboukè
-
Yon vil nan peyi Ayiti ki toupre kapital peyi a nan direksyon nò-lès e sou wout pou ale nan Depatman Sant la. Croix-des-Bouquets.
- Kwadèmisyon
-
Yon vil nan nò kapital peyi Ayiti, anvan Kwadèboukè, toupre kote de gran wout pou ale nan nò peyi a rankontre: Wout Nasyonal Nimewo En avèk Wout Nimewo De. Croix-Des-Missions.
- Kwasan
-
Yon varyete pen ki sanble avèk mwatye yon wonn. Yonn nan fòm Lalin nan ki parèt chak mwa e pandan plizyè jou nan yon mwa.
- Kwasans
-
Eta yon bagay ki te piti, kout e ki ap vini gwo grandi. Eta yon bagay ki ap soti nan yon kantite ki pi piti pou ale nan yon kantite ki pi gwo. Konte tankou soti nan en, de, twa… pou ale pi wo.
- Kwaze
-
Eta yon bagay ki pase, kouche an travè sou, wout, yon lòt bagay. Lè yon mal bèt monte sou do yon femèl bèt pou rantre ògán seksyèl li nan pa femèl la.
- Kwen
-
Kote. Yon fas nan yon bagay tankou yonn nan kat fas yon bwat. Yon pozisyon kote yon bagay ye.
- Kwenn
-
Po kò yon èt vivan melanje avèk vyann kole nan li. Yon pati nan kochon machann vyann kochon itilize pou fè griyo.
- Kwit
-
Itilize chalè, dife pou chofe yon bagay pou moun manje pou jis li vini mou. Tranpe yon bagay pou moun manje nan dlo cho pou jis li vini mou.