239 mo ki kòmanse ak «K»

Kay

Kote moun rete pou pwoteje yo kont chanjman tanperati e pou pwoteje bagay yo posede.

Kaye

Yon ti liv san ekriti nan paj li yo ki fèt pou moun ekri.

Kayèt

Yon moso tach ki vlope tou won e ki koud yon fason pou kenbe rapadou moun mete andedan li.

Kayiman

Yon gwo bèt ki sanble avèk mabouya anpil e ki viv nan dlo. Yon kayiman kapab pase anpil tan san fè mouvman, tankou li mouri.

Kayimit

Fri yon pye bwa ki gen koulè vè lè li vèt, ki gen koulè mov lè li mi. Fri sa gen yon gonm nan li ki kole nan bouch moun ki ap manje li.

Ke

Yon pwent long ki nan dèyè anpil bèt. Yon mo moun mete nan diskou li pou mete plis aksan sou mo ki ap vini apre mo, Ke, a.

Kèk

Kèk: Yon pati nan yon bagay, men li pa tout kantite ki egziste nan bagay sa a. Pati sa pa menm plis pase mwatye nan bagay sa a.

Kèktan

Yon tan ki te pase depi anpil tan. Yon bagay ki kòmanse, men ki bezwen plis tan pou li fini.

Kenbe

Travay yon moun ki pase dwèt men li sou kote yon bagay, chak dwè nan yon kwen diferan, epi pese dwèt yo tankou yo ap ale kraze bagay la pou yo rankontre.

Kenkay

Machandiz yon machann ki gen anpil ti kantite machandiz diferan nan chak bagay li gen pou vann.

Kenskòf

Yon zòn sou tèt yon mòn nan kapital Ayiti a, Pòtoprens, ki frèt anpil malgre Ayiti pa yon peyi frèt.

Kenz

Sizyèm nonb pozitif ki gen de chif nan li: en (1) avèk senk (5). 15.

Kès

Kès: Yon bwat, yon tiwa kote moun mete lajan pou pran lè yo bezwen li. Yon tiwa nan yon boutik.

Kesyon

Jan yon moun mande pou sa li bezwen. Yon entèwogasyon pou chache yon repons.

Kesyonè

Kesyonè: Yon lis kesyon pou bay moun avèk espwa moun nan ap reponn kesyon yo.

Kèt

Kèt: Yon moman nan mès, sèvis yon legliz lè responsab nan legliz la ap mache resevwa kòb nan men fidèl yo ou byen moman lè fidèl yo ap mache ale depoze kòb nan yon baskèt. Moman lè yon moun ap mache mande plizyè lòt moun kòb.

Keyi

Rache grenn yon pye bwa soti nan kòlèt li, nan pye bwa.

Ki

Yon mo entèwogatwa moun mete devan yon lòt mo pou poze yon kesyon. Yon mo moun itilize pou mete aksan sou mo ki vini apre a.

Kilbite

Eta yon moun ki pèdi balans li pandan li ap mache, kouri epi ki pati pou li ale tonbe. Pouse yon moun pou li ale tonbe.

Kilomèt

Kilomèt: Yon inite pou mezire distans ki long anpil. Yon kilomèt gen mil mèt nan li, twa-mil-de-san katreven-en pye, tran-nèf-mil twa-san-swasant-dis pous.

Kilòt

Kilòt: Yon ti rad kout fi mete sou yo pou bare koko yo, pwèl yo, avèk de bò dèyè yo. Gen yon kilòt ki pase nan fant dèyè fi e ki pa kouvri de bò dèyè yo.

Kiltivatè

Kiltivatè: Moun ki kiltive tè.

Kiltive

Sekle, plante e rekòlte an menm tan nan yon jaden. Etap sa yo pran anpil tan pou reyalize. Pou kiltive mayi, li kapab pran karant-senk jou. Kann kapab pran yon ane pou pi piti. Pye bwa kapab pran anpil ane.

Kim

Ti boul dlo avèk lè andedan yo kèk likid fè lè yo boulvèse anpil. Bav ki soti nan bouch kèk moun, bèt. Rezilta pat yon moun ap fwote nan bouch li avèk yon bwòs.

Kimen

Travay yon bagay ki fè kim.

Kisa

Yon mo entèwogatwa moun itilize pou idantifye yon bagay nan yon gwoup lè moun konnen li pa ap chache idantifye yon lòt moun. Yon mo moun itilize pou ranplase yon lòt mo.

Kite

Vire do bay yon bagay epi ale. Yon mo moun itilize pou mande yon moun pou vire do bay li. Sispann. Pati, ale lwen yon moun, yon bagay.

Kiyès

Yon mo entèwogatwa moun mete devan yon mo pou idantifye yon moun, yon bagay nan yon gwoup. Moun toujou itilize kiyès lè yo konnen yo ap chache idantifye yon moun nan yon gwoup moun. Yon fanmiy mo, Ki, pou idantifye yon bagay nan yon gwoup.

Kizin

Yon chanm nan yon kay kote kizinyè fè manje. chanm sa gen tout sa ki gen rapò avèk fè manje nan li tankou yon fou, chodyè, asyèt e latriye. Nan ti vil yo, yon ti kay ki gen yonn ou byen plizyè chanm kote kizinyè fè manje. Ti kay sa gen yon recho, yonn ou plizyè twa-pye-dife e plizyè lòt bagay ki gen rapò avèk manje, fè manje.

Klaksonn

Yon ti aparèy ki andedan yon machin e chofè a gen yon bouton li kapab peze pou fè li fè bri lè li bezwen evite yon danje.

Klaksonnen

Fè yon bri avèk yon klaksonn.

Klasik

Bagay ki gen rapò avèk klas, wotè moun ki pase lekòl okipe nan yon sosyete. Yon epòk nan tan lontan lè te gen anpil règleman yon ekriven te oblije obeyi pou yo ekri yon tèks.

Klate

Eta yon bagay ki klè. Travay limyè fè sou fènwa, lannwit.

Klavye

Yonn nan senk pati yon òdinatè ki gen anpil bouton ki reprezante lòd yon operatè kapab pase yon òdinatè. Tout lèt alfabetik yo, chif yo soti nan zewo pou rive nan dis avèk tout siy ponktiyasyon yo.

Kle

Yon moso materyèl ki gen menm fòm avèk yon tou kote li kapab rantre pou pouse ou byen rale lang sekirite yon pòt.

Klere

Eta yon bagay ki anvayi avèk limyè. Travay yon bagay ki anvayi yon lòt bagay avèk limyè. Eta yon anpoul ki gen kouran ap pase nan li.

Kleren

Yon bwason koulè gri ki gen anpil alkòl nan li. Kann se yonn nan pi gwo kontitisyon kleren. Genyen anpil kote nan peyi Ayiti ki fè kleren. Anpil moun nan peyi a renmen bwè bwason sa tou e li fè yo sou tou.

Klewon

Yon enstriman misikal ki bay son lè yon kantite van yon moun ap kontwole avèk bouch li pase andedan enstriman sa a. Yon klewon gen twa bouton ki sèvi pou chanje nòt mizikal yo: do, re, mi, fa, sòl, la, si.

Kò

Kò: Pati enpòtan nan yon bagay. Yon pati ou byen tout pati ki rantre nan konstitisyon yon bagay, yon èt vivan.

Kòb

Kòb: Lajan. Lò, lajan e anpil lòt metal leta prepare yon fason moun nan yon peyi, yon sosyete kapab achte, chanje li pou bagay yo bezwen. Nenpòt moso papye leta yon peyi mete an sikilasyon pou moun chanje kont sa yo bezwen.

Kochon

Yon bèt ki gen bouch long e ki gen anpil grès nan kò li. Ayisyen fè yon manje ki rele griyo avèk vyann kochon.

Kòd

Kòd: Plizyè bout nan yon bagay ki vlope ansanm yon fason chak fwa dènye bout la te ap ale fini yon lòt pwent te gentan kòmanse vlope. Lè pa gen lòt bout ki ogmante sou dènye bout la, kòd la fini, rive nan bout li.

Kòk

Kòk: Yon bèl zwazo, mal nan fanmiy li e ayisyen itilize li nan gagè pou fè de nan yo batay. Lè de kòk ap batay nan gagè, gason ayisyen parye sou kòk yo panse ki ap genyen batay la.

Koke

Aksyon yon kòk ki monte sou do yon poul pou rantre zozo li andedan koko,dèyè, poul la. Aksyon nenpòt mal èt vivan ki mete zozo li andedan koko yon femèl. Pandye yon bagay, pou moun nan Depatman Latibonit la.

Koken

Eta yon moun ki kapab kache nenpòt sa li pa vle lòt moun konnen. Eta moun ki montre yon ekspresyon sou vizaj li pou fè moun kwè pawòl ki ap soti nan bouch li menmsi pawòl sa yo pa vrè.

Kokennchenn

Anpil nan yon bagay. Abondans. Anpil.

Kokèt

Kokèt: Eta yon fi ki toujou fè gason panse li renmen yo e moun kwè li ap kouche avèk anpil gason san li pa janm kouche avèk anpil gason tout bon vre.

Kokoye

Grenn yon pye bwa ki sanble avèk pye palmis. Kokoye gen yon bon dlo andedan li avèk yon pati blan ki gen anpil grès nan li. Ayisyen prepare anpil manje avèk kokoye tankou dous, labouyi, e latriye.

Kòlèt

Kòlèt: Pati nan yon chemiz ki kouwonnen kou yon moun. Yon fil ki kenbe yon grenn pou li kapab pandye nan yon pye bwa. Gwo Kòlèt, Moun ki vle montre li gen fòs pou konbat nenpòt lòt moun. Moun ki pa janm vle obeyi lòd, lòt moun.

Kolizyon

Eta de bagay fas yo tou de a frape nan yon aksidan.