Diksyonè
Diksyonè Kreyòl.
Tape yon mo, yon definisyon, oswa yon egzanp. Aksan pa obligatwa: «lekol» jwenn «lekòl».
- Grandi
-
Eta yon bagay, yon moun ki ap pase etap li gen pou li pase pou li vini wo.
- Grandizè
-
Moun ki pale anpil yon fason pou chache bay tèt li plis bon kalite, bonte, valè, grandè li pa genyen avèk espwa lòt moun ap bay li menm bagay sa yo tou.
- Grangou
-
Eta yon moun santi li lè li anvi manje. Egzitans yon vid nan lestomak yon èt vivan. Jan yon moun santi li chak twa èd tan apre li fini manje.
- Granmesi
-
Avèk sekou… Avèk èd…
- Granmoun
-
Nenpòt moun ki, fè pitit, rive nan laj lè li te dwe deja fè pitit. Yon moun ki gen anpil ane an plis yon lòt.
- Grann
-
Yon granmoun fi ki manman manman ou byen manman papa yon lòt moun. Madanm yon gran-papa a. Grann Nanna, Yon granmoun fi ki gen yon mennaj, yon mari ki te kapab pitit li pou gwo diferans ant laj yo de a.
- Grannivyè
-
Yon vil nan Depatman Nò a. Grande Rivière du Nord.
- Granvensan
-
Yon bannann moun kapab manje lè li vèt ou byen lè li mi. Lè li mi yo rele li fig.
- Grap
-
Grenn yon pye palmis ki soti andedan djagwasil yo. Kochon nwa yo te konnen manje grap paske li dous. Grenn sa a te konnen angrese bèt sa tou.
- Gravite
-
Yon fòs ki rale tout kò ki toupre fas tè a tonbe sou li. Syantis mezire fòs sa e yo jwenn li rale tout kò tonbe sou tè a avèk yon vitès ki mezire 9,8 mèt pou chak segond ki pase lè yon bagay ap tonbe.
- Grèk
-
Grèk: Yon ti sak ki gen fòm yon triyang e ayisyen itilize li pou yo koule, fè kafe. Yon lang moun pale nan peyi Grès. Moun ki fèt nan peyi Grès.
- Grenadya
-
Yon lyann ki kapab pase plizyè ane ap grandi pandan li ap donnen anpil grenn prèske chak jou. Fri grenadya a sanble avèk yon ti boul. Li gen yon ji andedan li ki si anpil avèk kèk ti grenn tou. Li fè bon ji e ayisyen renmen bwè ji sa a anpil.
- Grenn
-
Fri yon pye bwa ki pèmèt pye bwa a kontinye egziste. Grenn yon pye bwa gen yon ti grenn andedan li. chak ti grenn sa yo kapab bay yon pye bwa pou kont yo lè yo gèmen, men gen anpil grenn pye bwa ki pa gèmen.
- Grip
-
Yon maladi kontajye yon mikwòb bay. Moun ki gen grip toujou santi yon bagay nan gòj yo ki fòse yo ouvri bouch yo pou pouse yon kouch lè soti. Kèk fwa malad la kòmanse anrime anvan li gen grip. Lè yon moun gen yon grip ki dire anpil tan li fèt pou li ale wè yon doktè pou konsiltasyon.
- Gripe
-
Eta yon moun ki soufri maladi ki rele grip.
- Griye
-
Kwit yon bagay avèk chalè dife e san dlo. Yon bagay ki ap griye gen kontak dirèk avèk dife a.
- Gwatemala
-
Yon peyi sou kontinan Amerik la nan yon zòn ki rele Amerik Santral, nan Sid Meksik. Moun nan peyi sa pale Espanyòl.
- Gwayamouk
-
Mo sa a soti nan lang Espanyòl la: guayamunco. Se yon rivyè ki pase sou kote kapital Depatman Sant la, Ench. Gen de rivyè enpòtan ki tonbe nan Gwayamouk, Yofri avèk Kanno epi yo tout ale tonbe nan flèv Latibonit la.
- Gwayav
-
Yon pye bwa ki bay yon fri won, ki fè bon konfiti, bon ji.
- Gwo
-
Yon dimansyon laj. Eta yon moun ki gen anpil popilarite. Près. Anpil. Yon fason machann vann machandiz yo genyen pou fè pri inite yo vini pi piti.
- Gwonde
-
Fè yon bri andedan gòj pou entimide lòt moun, bèt. Yon bri chyen fè anvan yo kòmanse jape. Bri yon loray fè e ki dire plizyè segond.
- Gwòs
-
Gwòs: Rezilta yon spèmatozoyid ki rankontre avèk yon ovil andedan yon fi, yon femèl. Rankont sa bay yon ze ki ap ale bay yon timoun, yon ti bèt. Devlopman yon timoun dire nèf mwa, pou yon fi, anvan li akouche.
- Gwosè
-
Gwosè: Dimansyon egzat yon bagay genyen.
- Gwosès
-
Gwosès: Moman lè yon fi ap pote yon pitit andedan vant li. Yon fi pote yon pitit andedan vant li pandan nèf mwa. Plenn.
- Gwoswòch
-
Yon plaj nan Depatman Latibonit nan Nò Sen-Mak.
- Gwoup
-
Plizyè an menm tan. Rasanbleman, reyinyon plizyè moun.