76 mo ki kòmanse ak «G»

G

G: Setyèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la ki pwononse menm jan avèk pati nan kò moun ki pèmèt li wè a, je.

Gade

Fikse je sou yon bagay san pyès entansyon. Obsève.

Gadjèt

Yon ti pwent fè nan yo zam moun itilize pou fè yonn, plizyè bal soti nan zam nan.

Gagè

Gagè: Yon plas kote gason ayisyen ale pou fè kòk batay pou yo parye lajan. Gen fi ki ale nan plas sa tou, men yo ale la pou sèvi gason ki a parye yo manje, tafya, e latriye.

Galan

Eta yon gason ki toujou toupre pou sèvi fi avèk entansyon li kapab jwenn yon rekonpans pou sèvis li.

Galèt

Galèt: Wòch sou kote yon rivyè ki byen ranje tankou moun te pran tan pou ranje yo, men se rivyè a menm ki pote yo mete nan plas sa pandan li ap desann.

Galita

Yon espas sou anlè galri yon kay kote moun kapab rantre andedan li lè moun nan deja andedan kay la. Pa gen mwayen pou rantre andedan galita a soti sou deyò.

Galri

Yon espas nan yon kay kote moun ki ap viv nan kay la kapab chita pou pran bon van e respire bon lè. Espas sa a toujou bay sou lari e anba galita a.

Ganmèl

Yon gwo twons bwa ki gen yon tou rektang tankou yon bwat san kouvèti andedan li. Li kapab kenbe likid. Se peyizan ayisyen ki itilize li plis.

Gason

Premye moun Bondye te mete sou tè a anvan li te fè fi. Yon moun ki gen yon zozo nan fant janb li. Mari yon fi, papa yon moun, e latriye. Yon mal moun.

Gaz

Yon pwodui chimik moun ki oblije fèmen andedan yon tank pou li pa evapore nan lè. Yon likid ki kapab vini envizib menm jan avèk oksijèn. Moun itilize gaz nan machin, avyon, fou, e latriye.

Gazèl

Gazèl: Yon ti femèl bèf ki poko fè pitit.

Gazon

Yon kalite zèb moun prepare pou fè devan yon kay, lakou yon kay bèl.

Ge

Eta yon moun, yon timoun, ki toujou ap jwe, ki toujou anvi jwe.

Gèmen

Gèmen: Moman lè yon grenn kòmanse grandi.

Gen

Eta yon bagay ki anba kontwòl ou byen ki se pwopriyete yon moun, yon bagay ki fè pati de yon lòt.

Genyen

Sitiyasyon yon moun ki vini mèt, ki gen yon bagay. Pran premye plas nan yon jwèt, yon kous, e latriye.

Gete

Eta yon moun, yon timoun ki ge. Nenpòt kadans yon moun genyen ki fè li sanble yon moun ki ge, ki kontan.

Gildiv

Yon izin nan peyi Ayiti kote yo fè kleren.

Ginen

Guinee. Yon mwayen pou di yon bagay lwen menm jan avèk esklav nwa yo ki te konnen soti nan Ginen, sou kontinan Afrik la pou ale Ayiti. Nenpòt bagay ki lwen anpil. Yon peyi nan kontinan afriken an kote anpil esklav nwa te soti.

Gita

Yon enstriman mizikal ki gen sis kòd e mizisyen jwe li avèk prèske tou dis dwèt yo.

Giyon

Yon bagay, yon moun, ki fè lavi yon lòt moun difisil. Yon moun, yon bagay ki anmèdan.

Giyonnen

Aksyon yon giyon. Bay yon blag sou yon moun, di yon moun bagay li pa renmen tande.

Glas

Yon moso materyèl, lè moun gade li, moun nan kapab wè figi li avèk tout bagay ki an fas materyèl sa. Yon dlo moun mete nan frizè yon refrijeratè epi ki vini di tankou yon wòch. Glas gen yon koulè gri ou byen blan. chalè kapab fonn glas.

Glase

Eta yon bagay ki gen glas nan li. Yon bagay ki frèt anpil tankou glas.

GMC

(General Motor Company) Yon konpayi machin ameriken ki fè gwo kamyon avèk kèk ti machin tou.

Gode

Yon resipyan ki fèt pou moun bwè likid tankou dlo, kafe, e latriye.

Gòl

Gòl: choute, voye yon boul rantre nan kan yon lòt ekip.

Gonayiv

Pi gwo vil nan Depatman Latibonit la. Se yonn nan pi ansyen vil nan peyi Ayiti. Se nan vil sa fondatè peyi a te fè seremoni endepandans Ayiti. Vil sa plase nan mitan lwès peyi Ayiti.

Gonbo

Non moun nan kèk zòn peyi Ayiti bay grenn glise yon ti pye bwa donnen. Kalalou. Moun fè bon sòs avèk grenn sa a.

Gou

Opinyon yon moun genyen de yon bagay ki andedan bouch li.

Goud

San santim, san kòb nan lajan ayisyen an. Senk goud fè yon dola.

Gouman

Yon moun ki toujou vle manje e ki pa janm santi lè vant li plen. Yon moun ki renmen manje. Anpil timoun gen abitid sa a; kidonk se granmoun yo ki fèt pou kontwole kantite manje ki ap ale nan vant yo.

Goumandiz

Eta yon èt vivan ki manje san kontwole kantite manje ki ap rantre nan vant li.

Gous

Fri anpil plant tankou pwa ki donnen yon grenn ki sanble avèk yon ti baton e ki gen, soti nan twa pou rive nan dis, grenn andedan li.

Gout

Yon ti pati nan yon likid ki ap soti anlè pou tonbe anba. Lapli tonbe an gout sou tè a.

Goute

Mete yon bagay nan bouch pou konpare gou li avèk lòt gou.

Gouvènman

Gouvènman: Yon prezidan avèk tout moun ki ap ede li gouvène you peyi. Yon gwoup moun ki gen pouvwa pou gouvène. Yon moun, gwoup moun, ki ap gouvène yon teritwa.

Gouvènmantal

Gouvènmantal: Tout bagay ki gen rapò avèk yon gouvènman.

Gouyad

Yon fason moun ki ap danse, fè sèks vire ren yo. Moun sa yo gen entansyon vire ren yo pou fè yon wonn san rete, pandan yon kantite tan.

Gouye

Vire ren nan fòm yon wonn.

Goyin

Yon zouti ki gen anpil dan sou liy nan yon kwen li e ebenis itilize li. Moun itilize goyin pou koupe planch.

Gra

Gwo. Posede yon gwosè ki fè panse gen anpil grès nan vyann yon kò. Eta yon bagay ki gen lwil nan li.

Gradyasyon

Yon seremoni reponsab lekòl yo òganize pou fè etidyan yo sonje valè travay yo soti akonpli a e bay yo yon diplòm ki reprezante nivo etid yo fè a.

Gradye

Patisipe nan yon seremoni gradyasyon.

Graj

Yon moso metal ki gen anpil ti tou sou tout lajè li; konsa nenpòt bagay ki pi mou pase metal sa a e ki pase sou li li ap travèse ti tou yo. chak pase yon bagay pase sou graj la, li retire nan kò bagay sa pou diminye gwosè li.

Graje

Jès yon moun fè lè li anvi leve sou yon chèz kote li chita, men gen yon bagay, tankou yon otorite, ki anpeche li leve. Fwote yon moso bagay sou yon graj pou jis li vini twò piti pou fwote sou graj la.

Gramè

Gramè: Yon liv ki esplike tou règ avèk prensip pou moun respekte nan yon lang.

Gran

Yon bagay, yon moun ki gen anpil ane depi li te kòmanse egziste. Yon bagay ki laj, ki wo, ki aje. Gran Papa, Papa manman ou byen papa papa yon lòt moun. Mari yon grann. Gran papa yo toujou gran.

Grandè

Grandè: Kapasite yon moun genyen pou li fè nenpòt moun respekte li, pè li. Kalite ki ede yon moun dirije yon gwoup moun, yon kò militè nan lagè e genyen gè a. Kalite yon moun posede pou li dirije lòt moun.