Diksyonè
Diksyonè Kreyòl.
Tape yon mo, yon definisyon, oswa yon egzanp. Aksan pa obligatwa: «lekol» jwenn «lekòl».
- Foli
-
Yon gwo anvi pou fè, reyalize yon bagay. Eta yon moun ki fou. Pasyon. Yon gwo anvi yon moun genyen pou reyalize, fè yon bagay san reflechi sou konsekans bagay la.
- Fòm
-
Fòm: Premye imaj ki vini nan tèt yon moun lè li tande deskripsyon yon bagay. Yon imaj moun kapab itilize pou fè rekonèt yon bagay. Lè yon gason panse a bèl fanm li wè fòm Coca-cola.
- Fòmasyon
-
chak etap yon bagay pase pou li fòme. Pati ki rantre nan konstitisyon yon bagay. Kijan yon bagay fòme.
- Fòme
-
Fòme: Lè yon fi gen règ li pou premye fwa. Mete plizyè bagay ansanm pou jwenn yon rezilta. Ranje plizyè bagay nenpòt fason pou jwenn yon rezilta.
- Fon
-
Kote yon moun kapab pran lajan pou depanse. Yon tou ki rive lwen nan tè. Espas devan tèt yon moun ant cheve li avèk sousi li. Fwon.
- Fonksyon
-
Wòl yon bagay. Rezon ki fè yon bagay egziste. Si pate gen rezon sa a bagay la pate ap bezwen egziste.
- Fonn
-
Soti nan fòm solid pou rive nan fòm likid.
- Fonse
-
Fè yon bagay vini fon. Fè bòdi yon ekriti vini pi nwa ou byen kolore pou atire atansyon moun ki ap li.
- Ford
-
Yon konpayi machin ameriken ki fè machin tankou Taurus, Explorer, Tempo, Escort, e latriye. Premye konpayi machin ki te egziste nan peyi Etazini, depi kòmansman ane 1900 yo.
- Fotokopi
-
Fè yon bagay ki sanble avèk yon lòt bagay yon fason pou li vini difisil pou moun fè diferans ant orijinal la avèk kopi a. Kopi.
- Fou
-
Eta yon moun ki pèdi abilite, bon mwayen pou li panse. Moun sa a pa konnen ki pawòl pou li pale avèk pawòl pou li kenbe sekrè. Eta yon moun ki pa kapab kontwole tèt li. Yon chanm, yon bwat ki kapab kenbe chalè pou boukannen bagay tankou pen, gato, bonbon, e latriye.
- Foul
-
Anpil moun ki reyini ansanm.
- Foure
-
Rantre pwent yon bagay, yon bagay nan yon lòt bagay.
- Foutbòl
-
Foutbòl: Yon jwèt ki gen onz jwè nan chak ekip sou yon teren ki kapab gen san mèt pou longè. Gen yon boul sou teren an chak moun ap eseye mennen nan kan ekip opozan an. Kèk moun kwè jwèt sa a soti nan peyi Angletè.
- Fran
-
Kòb moun sèvi nan peyi Frans.
- Frans
-
Yon peyi nan kontinan Ewòp la ki te posede anpil koloni tankou Ayiti. Anpil koloni yo pran endepandans yo epi Frans vini pèdi pouvwa li nan lemond. Moun nan peyi sa a pale Fransè.
- Fransè
-
Fransè: Lang moun pale nan peyi Frans avèk anpil peyi Frans te kolonize tankou Ayiti. Moun ki fèt nan peyi Frans. Lang sa itilize aksan, apostwòf, atik.
- Frape
-
Leve yon bagay epi lage li sou yon lòt avèk fòs. Dirije yon kò nan direksyon yon lòt avèk fòs jis yo rankontre.
- Frè
-
Frè: Yon pitit gason ki gen menm manman ou byen papa avèk yon lòt piti menm moun sa yo.
- Fredi
-
Yon gwo chanjman nan tanperati yon zòn kote nivo tanperati a kapab desann pi ba ke zewo degre. Lè gen fredi moun oblije abiye avèk plizyè rad pou kenbe yo cho.
- Frèt
-
Frèt: Yon branch bwa yon moun itilize pou li frape sou yon lòt moun pou fè kò moun sa a fè li mal. Lè kò yon moun fè li mal, moun nan kriye. Eta moun ki ap viv nan yon zòn ki gen fredi.
- Fri
-
Eta yon bagay ki bouyi nan lwil. Anpil grenn bwa tankou mango, rezen, zoranj moun kapab manje depi yo rive mi.
- Frijidè
-
Frijidè: Eta yon bagay ki frèt. Yon mak machin ki fè glas e ki rafrechi nenpòt bagay ki andedan li. Anpil moun konfonn mak machin nan avèk machin nan menm: yo rele machin nan frijidè tou. Lè yon likid rete andedan machin sa li fè glas.
- Fwomaj
-
Yon preparasyon lèt ki fè li vini di. Moun manje fwomaj tankou anpil manje solid. Gen kèk fwomaj ki solid anpil, gen kèk ki mou tou e tout soti nan lèt.
- Fwon
-
Espas devan tèt yon èt vivan ki ant je li avèk cheve li, kòn li. Devan tèt yon moun ant cheve li avèk sousi li.
- Fwonte
-
Eta yon moun ki fè yon bagay ki depase laj li. Yon ti gason ki gen de ane konsa mande, nan yon bal, yon granmoun fi ki gen 40 ane konsa pou danse avèk li. Eta yon moun ki renmen eseye fè nenpòt bagay menmsi li pa konnen kisa rezilta ap ye.
- Fyèl
-
Fyèl: Yon ògán andedan vant yon èt vivan ki anmè anpil. Yon bagay ki anmè anpil. Eksperyans yon move moman nan lavi yon moun.