61 mo ki kòmanse ak «E»

Etènèl

Etènèl: Yon bagay ki ap toujou egziste pou tout tan. Gen de bagay ki ap toujou la pou tout tan: Bondye, Satan.

Etid

Rechèch pou mete konesans nan yon sèvo. chache konnen yon bagay, konstitisyon yon bagay. Konesans nan yon disiplin, yon syans.

Etidyan

Moun ki fè rechèch pou mete konesans nan sèvo yo. Moun ki chache konnen yon bagay, konstitisyon yon bagay, konesans nan yon disiplin.

Etidye

Mete konesans nan yon sèvo. Aksyon yon moun ki ap chache konnen yon bagay, yon disiplin, konstitisyon yon bagay, konesans nan yon disiplin.

Etikèt

Etikèt: Valè ki kapab rete avèk moun nenpòt ki kote moun pase. Yon non tout moun konnen pou yon pwodui, yon biznis. Yon ti moso papye ki reprezante imaj yon konpayi, yon òganizasyon.

Etónman

Yon bagay ki rive san espwa ke li te ap ale rive. Sipriz.

Etyoupi

Yon peyi sou kontinan afriken an moun te toujou konsidere tankou peyi ki pi pòv sou tè a. Povrete te tèlman grav tout moun nan lemond te konnen ap pale de mizè pèp ki ap viv nan peyi sa.

Evolisyon

Etap yon bagay ki ap evolye pase. Aranjman nan mès, koutim yon pèp, yon sosyete, yon epòk, yon ras, e latriye. Yon eksplikasyon sou aparisyon moun sou tè a pou fè tout moun konprann Bondye pate kreye moun, men moun te evolye; sa vle di moun te pase anpil etap anvan yon te vini moun.

Evolye

Pase soti nan yon etap pou rive nan yon lòt etap moun konsidere ki pi bon, pi rafine. Kite yon pèsonalite, karaktè ki sanble avèk eta bèt ap viv.

Ewòp

Yonn nan senk kontinan yo ki gen peyi tankou Almay, Frans, Bèljik, Angletè nan li. Kontinan sa a kole avèk kontinan Azi a; sa fè kèk moun di pa gen yon kontinan ki rele Ewòp tout bon vre.

Èzili

Non yon femèl lwa nan vodou ayisyen.