61 mo ki kòmanse ak «E»

E

E: Senkyèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la. Yon mo ki sèvi pou lyezon, adisyon ant de lòt mo tankou en, de e twa se chif.

Echèk

Opòtinite yon moun pèdi pou li te akonpli yon misyon, yon objektif. Defayans.

Echwe

chwazi direksyon echèk. Defayi.

Èd

Yon fòs, yon konesans an plis yon moun pa genyen e li bezwen li pou defann tèt li ou byen mete plis fòs, plis konesans sou sa li deja genyen. Sekou ki nesesè pou yon moun jwenn pou li kontrekare yon obstak. Wòl yon moun ki pote sekou jwe pou yon moun ki bezwen sekou.

Ekzekisyon

Travay yon moun ki ekzekite yon aksyon, yon lòd, yon rekòmandasyon.

Ekzekite

Obeyi yon lòd. Mete yon moun kanpe yon kote epi tire sou li jis moun nan mouri.

Ekzile

Voye énmi yon sistèm politik yon peyi ale nan yon lòt peyi epi anpeche li retounen nan peyi a pou li pa anpeche machin politik la kontinye wout li. Yon moun yon lòt moun fòse ale lwen li.

Elektrik

Aparèy ki bezwen elektrisite pou li fonksyone.

Elektrisite

Mouvman plizyè eleman chimik ki bay kouran. Sous enèji ki pèmèt yon aparèy elektrik, chofaj tankou anpoul, fonksyone, limen.

Eleman

Yon pati nan yon kopozisyon chimik. Yonn nan kopozisyon dlo. De eleman dlo yo se idwojèn avèk oksijèn.

Eli

Eta yon kandida ki ale nan yon eleksyon epi li jwenn kont moun vote pou li pou li jwenn djòb li te ap chache a.

Elikoptè

Elikoptè: Yon aparèy elektwo-mekanik ki gen yon zèl nan tèt li ki pèmèt li vole, kanpe nan espas. Li kapab monte, desann, nan direksyon vètikal e li kapab deplase nan direksyon orizontal tou.

En

Dezyèm nan chif pozitif yo. 1. Lè yon nonb divize pa en li bay menm nonb la.

Ench

Hinche. Kapital Depatman Sant.

Endèks

Endèks: Dwèt ki apre dwèt pous la e se li tout moun itilize pou montre lòt moun yon direksyon. Lis tout enfòmasyon ki gen nan yon liv, nan lòd alfabetik.

Endepandans

Kapasite pou fè nenpòt bagay nan libète, san asistans ou byen oblije pote rapò bay lòt moun. Ayiti pran endepandans li nan men peyi Frans depi ane 1804.

Endispoze

Eta yon moun ki pèdi tout konesans li. Sèl diferans ki gen ant yon moun ki mouri avèk yon moun ki endispoze, kè moun ki endispoze a kontinye ap bat.

Enfekte

Resevwa yon maladi ki soti nan yon lòt kò tankou yon moun malad, yon mikwòb.

Enfini

Eta yon bagay ki ap kontinye egziste pou tout tan. Yon kantite nonb moun pa kapab janm fini konte.

Enfòmasyon

Enfòmasyon: Nenpòt ransèyman sou papye, nan bouch ki disponib pou bay moun konesans.

Enjenyè

Yon moun ki etidye jeni nan yon disiplin tankou mizik, elektwonik, sivil, e latriye.

Enka

Yon pati nan yon bagay lè bagay la divize an kat pati.

Enkyetid

Eta yon moun ki pè fè yon bagay paske li panse li pa kapab fè bagay sa a byen. Eta yon moun ki pa vle yon bagay fèt anvan yon lòt. Eta yon moun ki vle yon bagay fèt anvan yon lòt bagay fèt.

Enpak

Rezilta yon aksyon tankou yon nouvèl, yon desizyon, yon gwo fòs sou yon ti fòs, yon aksidan.

Enpe

Yon divizyon, yon pati nan yon bagay ki kapab reprezante bagay la. Yon kantite nan yon bagay moun kapab konte ou byen moun pa kapab konte.

Enpo

Yon kòb leta egzije moun peye sou yon bagay moun nan posede tankou yon kay pou pran swen zòn kote kay sa a ye. Yon kòb leta egzije patwon ritire sou kòb yo peye chak anplwaye. Kòb sa yo ede leta peye pou fè travay piblik yo.

Enprime

Kopye yon imaj ki deja egziste nan yon lòt plas, sou papye. Ekri.

Enstale

Mete yon bagay yon kote, nan yon plas pou moun kapab wè li. Mete yon pwogram andedan yon òdinatè pou ede moun ki ap itilize òdinatè a kominike avèk òdinatè a. Tout pwogram gen enstriksyon pou esplike moun kijan pou yo enstale pwogram nan sou òdinatè a.

Entènèt

Entènèt: Yon mwayen kominikasyon ki pèmèt tout moun ki posede yon òdinatè avèk yon liy telefòn kominike ant yo. Pou kominike nan fason sa a, moun ablije achte sèvis nan men yon konpayi ki vann sèvis sa a e yo kapab kominike avèk nenpòt moun nan nenpòt peyi. Yon revolisyon nan mwayen moun kominike yonn avèk lòt. Gen plisyè mwayen moun kominike sou entènèt la. 1) Yo kapab voye yon lèt nan adrès lèt (e-mail=lèt elektwonik) moun yo vle ekri a. Lèt sa a ale dirèkteman nan yon gwo òdinatè kote destinatè a kapab itilize òdinatè pa li pou li lèt la. 2) Moun kapab ekri sa yo vle di a epi peze yon bouton pou yon moun wè mesaj la menm lè a (chat). Anpil lòt moun kapab wè mesaj sa a. 3) Yon moun kapab pale avèk yon lòt moun pandan yo tou de chita devan òdinatè yo. 4) Dènye mwayen an gen lèt elektwonik nan li tou, men li ti kras diferan. Yon moun, yon konpayi gen yon adrès (Home Page = Paj Kay) kote lòt moun kapab kite mesaj pou li e se mèt paj sa a sèlman ki kapab wè li. Anpil biznis itilize mwayen sa a pou fè biznis, gwo biznis.

Enterè

Enterè: Kòb yon moun peye an plis sou yon lajan li te lwe, prete nan men yon lòt moun. Kantite dwa pou resevwa pwofit yon envestisè genyen nan yon biznis de ou byen plizyè moun posede ansanm.

Enterese

Panchan, enterè yon moun montre li genyen nan yon bagay.

Entèwogasyon

Fraz ki kòmanse avèk mo tankou kisa, ki, kiyès, poukisa, èske, e latriye. ?. Tout kesyon gen siy sa (?) nan finisman yo pou montre yo se yon kesyon.

Entim

Konesans, bagay yon sèl moun konnen de kò li tankou yon fi konnen koko li, yon gason konnnen zozo. Relasyon Entim, Relasyon yon fi avèk yon gason genyen kote yonn konnen anpil sekrè nan lavi lòt la. Yo tou de a konnen wè e manyen tout pati nan kò lòt la.

Entwodiksyon

Premye nan twa pati yon redaksyon, yon disètasyon ki anonse odyans elèv la de kisa li ap ale pale nan devlopman an. Prezante yon moun devan yon lòt moun.

Envestige

Revize, sib travay yon moun fini fè pou wè si travay la byen fèt. chache konnen ki moun ki fè yon krim pou arete moun nan.

Envizib

Eta yon bagay je pa kapab wè. Disparèt. Eta yon bagay ki menm koulè avèk lè.

Epesè

Wotè yon bagay ki gen twa kwen tankou yon wonn ou byen sis kwen tankou yon bwat.

Epi

Yon mo, lè li nan mitan de lòt mo fè konprann gen de aksyon ki ap egzekite yonn apre lòt la. Yon moun ap manje epi grangou li ap pase.

Epis

Zèb moun itilize pou bay manje bon gou. Se yonn nan zèb ki pi ansyen sou tè a.

Ès

Lès. Yonn nan kat pwen kadinal yo ki nan direksyon kote solèy la leve a chak maten. Avanse nan yon direksyon, men pa janm rete sou yon liy dwat.

Esklav

Moun nan ras nwa a moun nan ras blan yo te konnen ale chache sou kontinan afriken an pou fè yo vini travay di e gratis sou plantasyon nan koloni yo. Kèk santèn ane anvan blan yo te rantre nan tranzaksyon esklavaj sa a, nwa nan yo te konnen gen esklav blan tou.

Esoufle

Eta yon moun ki bouke anpil e li pa kapab respire nòmalman. Yon moun ki ap fè egzèsis kapab santi li esoufle e gen plizyè maladi tankou las, tansyon-wo ki kapab fè yon moun santi li esoufle tou.

Espas

Distans ki ant planèt yo: Jipitè, Venis, Plito, Tè, e latriye. Distans ant de bagay. Nenpòt kote ki gen lè e yon bagay kapab jwenn plas.

Espri

Lespri. Fòs envizib ki kapab aji sou bagay ki vizib. Bondye. Satan.

Estasyon

Plas kote yon bagay ye. Kote bagay tankou yon machin, yon tren kanpe pou pran pasaje, pou moun jwenn yo lè gen bezwen.

Estasyone

Kanpe nan yon estasyon. Eta yon machin ki kanpe nan yon estasyon pou pasaje monte li. Eta nenpòt bagay ki kanpe yon kote.

Estidyo

Yon konpayi ki regle afè anrejistre mizik, sinema. Yon konpayi radyo ou byen televizyon. Yon biznis kote fi ale pou yon fè cheve yo, zong yo, figi yo bèl. Yon salon bote.

Eta

Yon peyi endepan ki gen yon gouvènman avèk chèf tankou yon prezidan ap dirije li. Jan yon bagay ye: sante, karaktè, kalite li. Leta.

Etazini

Peyi sa a nan Amerik Nò a e li nan ant Kanada avèk Meksik. Li gen senkant eta nan li; se sa ki fè li rele Eta-z-ini. Lang ofisyèl peyi sa se anglè, men kantite imigrant ki ap viv nan peyi a fè gen diferan moun ki pale tout lang ki gen nan lemond nan li. Pi gwo peyi, pi gwo fòs politik, ekonomik e komèsyal nan lemond. Kapital peyi sa rele Wachington, pou pote non fondatè li: George Wachington.

Etèn

Etèn: Elimine kapasite yon bagay pou li kontinye jwe yon wòl tankou limyè, dife ki ap klere. Koupe sous enèji ki pèmèt yon machin mache. Retire lavi yon moun, yon bèt.