Diksyonè
Diksyonè Kreyòl.
Tape yon mo, yon definisyon, oswa yon egzanp. Aksan pa obligatwa: «lekol» jwenn «lekòl».
- Divinò
-
Divinò: Pwofesyonèl ki gen lespri ki ap itilize tout kò yo, dikte tout manb kò yo sa ki pou fèt, mete pawòl nan bouch yo. Pwofesyonèl sa yo toujou fè kliyan yo konprann yo ap itilize fèy kat, tèks nan liv, men sa ki ap soti nan bouch yo pa gen pyès rapò avèk sa yo wè nan fèy kat yo, nan paj liv yo.
- Divize
-
Separe yon bagay an plizyè moso, pati. Lè 4 divize pa 4 li ap separe an kat en.
- Divizyon
-
Yonn nan kat operasyon aritmetik yo ki montre an konbyen pati yon bagay divize. De, se divizyon kat pa de (4 ÷ 2 = 2)
- Diznèf
-
Diznèf: Dizyèm nonb ki gen de chif nan li: en (1) avèk nèf (9). 19.
- Dizuit
-
Nevyèm nonb ki gen de chif nan li: en (1) avèk uit (8). 18.
- Djab
-
Moun ki sèvi move lespri e ki pran plezi nan touye moun parèy yo avèk asistans move lespri yo. Ti istwa rapòte ke djab kapab detere moun yo touye apre fanmiy moun nan fini antere li. Yo fè kadav la tounen yon bèt; konsa moun nan ap kontinye pase mizè nan travay di.
- Djagwasil
-
Pati nan yon pye palmis ki kenbe grap la anvan li vini vizib. Lè ayisyen ap kouvri kay avèk tach, yo koupe li an ti moso long pou mare tach yo sou do kay la.
- Djakout
-
Yon valiz peyizan ayisyen ki fèt avèk fèy sèch yon plant ki rele latanyen. Peyizan yo itilize valiz sa pou yo sere bagay ki enpòtan pou yo.
- Djo
-
Yon ti non ayisyen bay tout moun ki rele Jozèf. Nan kèk zòn nan peyi a, moun di djo lè yo vle di dlo.
- Djòb
-
Djòb: Responsablite yon moun aksepte pran pou li fè yon travay pou yon lòt moun, yon konpayi. Yon devwa.
- Djòl
-
Djòl: Yon mannyè byen sovaj pou di bouch. Ayisyen itilize mo sa plis lè yo fache avèk yon moun yo ap pale de li. Djòl Kochon, Yon fason pou di bouch yon lòt moun long tankou bouch kochon.
- Dlo
-
Yon likid ki okipe twa ka fas tè a sou de fòm: dous e sale. Pati sale (lanmè) a pi plis pase pati dous (sous avèk rivyè) la. Moun bwè dlo dous, men yo pa bwè dlo sale. Yon likid ki gen de eleman chimik ki rantre nan konpozisyon li: oksijèn avèk idwojèn. Djo. Dlo Dous, Dlo ki gen bon gou nan bouch e ki menm avèk dlo ravin, rivyè, sous sou tè a. Dlo Sale, Dlo lanmè. Li sale anpil.
- Do
-
Yonn nan sèt nòt mizik yo: do, re, mi, fa, sòl, la, si. Fas, dèyè, ki opoze devan, yon bagay. Kote tout zo kòt yon èt vivan tankou moun kole ansanm.
- Dodge
-
Yon konpayi machin ameriken.
- Doktè
-
Doktè: Yon pwofesyonèl ki etidye kèk pati, tout kò moun yon fason pou li kapab rekonèt nenpòt pati ki pa fonksyone byen e preskri medikaman pou ede òganis sa a rekòmanse fonksyone nòmal. Yon nivo etid yon moun fè nan yon branch tankou teoloji, medsin, filozofi, e latriye.
- Dola
-
Senk goud. Senk-san kòb. San santim nan lajan peyi Etazini. Moun toujou di dola menm lè yo vle di yon dola. Nan anpil peyi nan lemond, siy ki reprezante dola ($) ranplase kantite nan kòb peyi sa yo moun peyi a panse ki egal a yon dola. Konsa dola ameriken reprezante yon lidè pou tout kòb nan lemond; se sou li anpil peyi chita pou yo evalye kòb yo.
- Domestik
-
Lokal. Eta pwodui ki fèt nan yon peyi e ki rete nan peyi a pou moun nan peyi a itilize. Eta tout bèt ki zanmi moun tankou chyen, chat e latriye.
- Dòmi
-
Dòmi: Yon repo moun pran kote tout kò moun nan ap repoze menmsi espri li pa ap repoze. Nan moman repo sa a je moun nan fèmen, li pa konnen anyen ki ap pase sou kote li, e li kapab reve. Yon ti frè lanmò. Somèy. Repo.
- Domine
-
Kontwole lespri, ekonomi e fizik lòt moun, peyi avèk fòs ki disponib pou fè moun sa yo, peyi sa yo obeyi.
- Dominikani
-
Yon peyi ki sou menm il avèk Ayiti. Ayiti sou bò lwès il la e Dominikani sou bò lès il la. Moun nan peyi sa a pale Espanyòl paske Espay se dènye peyi ki te kolonize peyi sa. Tout mès yo, kilti yo soti an Espay. Sen-Domeng.
- Dominiken
-
Moun ki fèt nan peyi Dominikani, nan peyi Dominik.
- Domino
-
Yon jwèt ki gen 28 ti moso rektang nan li. Premye moso rektang la pa gen pyès ti wonn nan li. Dezyèm nan gen yon ti wonn nan li, twazyèm nan gen de ti wonn nan li. chak moso gen yon ti wonn an plis pou jis rive sou ventuityèm nan. Ventuityèm nan gen douz ti wonn nan li. Lè jwè ap jwe jwèt sa a, yo ap chache kole chak ti pwent rektang yo ki gen menm kantite ti wonn yo ansanm. Konsa, yon moso rektang ki pa gen pyès ti wonn kapab kole avèk yon lòt moso ki pa gen pyès ti wonn. Yon moso ki gen yon ti wonn kapab kole avèk yon lòt ki gen yon ti wonn, e latriye.
- Don
-
Yon nivo entelijans nan yon bagay yon moun fèt avèk li e ki kontinye devlope nan moun nan tout tan li ap gen plis laj.
- Done
-
Tèks, imaj avèk chif yon operatè kreye sou yon òdinatè.
- Dosil
-
Yon karaktè dous ki fè yon èt vivan pa kapab aji vyolan. Trankil. Nayif. Eta yon moun ki fasil pou lòt moun abize li. Timid. San defans.
- Dosye
-
Yon plas kote moun kapab apiye do yo. Babay ki kapab rete kòm bon ou byen move enfòmasyon sou do yon moun.
- Doulè
-
Doulè: Nenpòt bagay ki te fè, ki ap fè mal. Yon doulè kapab fizik ou byen mantal.
- Dous
-
Yon bagay ki gen gou sik, siwo. Yon bagay ki fè yon moun santi li byen. Yon bagay moun renmen, ki atire repetisyon. Yon bagay moun pran plezi nan fè li, koute li, e latriye.
- Dousè
-
Dousè: Rezilta yon bagay ki dous. Kantite plezi yon moun pran nan fè, koute yon bagay. Satisfakyon yon moun jwenn nan yon bagay.
- Douvan
-
Devan. Yon mo kèk peyizan ayisyen plis itilize pou di devan.
- Douz
-
Twazyèm nonb ki gen de chif nan li: en (1) avèk de (2). 12.
- Douzèn
-
Douzèn: Yon kantite ki gen douz inite nan li. Yon douzèn ze gen douz ze nan li.
- Dra
-
Yon moso twal ki sèvi pou kouvri moun lè yo kouche sou kabann. Yon gwoupman, yon òganizasyon moun itilize pou benefisye yon opòtinite. Anpil moun itilize legliz pou sèvi yo dra.
- Drapo
-
Yon moso twal avèk senbòl e lejand ki reprezante yon peyi e entensyon fondatè yo pou konstriksyon peyi a. Premye etap nan konstriksyon yon peyi sou kote konstitisyon li.
- Dwa
-
Otorite, libète yon moun pran, li resevwa nan men yon lòt moun ou byen lwa sosyete kote li ap viv la bay.
- Dwat
-
Eta yon moun ki fè tout sa lwa sosyete, Bib la ou byen Bondye, mande. Mache nan yon direksyon san vire nan pyès lòt direksyon.
- Dwate
-
Yon tandans pou fè tout bagay nan direksyon men dwat la. Eta yon moun ki itilite men dwat li pou fè nenpòt bagay li bezwen yon sèl men pou fè li.
- Dwèt
-
Dwèt: Nenpòt nan ven pwent ki nan pye avèk men yon moun. Anpil lòt bèt gen dwèt tou. Pati nan kò moun ki gen zong yo.
- Dwòl
-
Dwòl: Yon bagay ki difisil pou konprann. Yon mistè.
- Dyamèt
-
Distans de kwen opoze andedan yon wonn. De reyon.
- Dyare
-
Yon poupou likid yon èt vivan santi ap soti e li pa kapab kontwole li. Moun ki gen dyare oblije jwenn yon kote pou yo poupou rapid. Gen yon fòs andedan moun nan ki ap pouse poupou a soti deyò.