Diksyonè
Diksyonè Kreyòl.
Tape yon mo, yon definisyon, oswa yon egzanp. Aksan pa obligatwa: «lekol» jwenn «lekòl».
- Bòs
-
Bòs: Moun ki konnen kijan pou li fè, ranje yon bagay ki kase, ki pa fonksyone byen. Pwofesyonèl nan ti zòn peyi Ayiti yo tankou ebenis, òfèv, e latriye.
- Bosou
-
Pi piti nan twa timoun yon manman fè pandan yon sèl akouchman.
- Boubou
-
Gade bèbè.
- Bouboun
-
Pati nan kò yon fi ki pi entim pou li plis pase tout rès kò li. Kote yon fi itilize pou pipi, koupe, pouse pitit soti nan vant li, pran plezi.
- Bouch
-
Yon tou kote yon bagay kapab antre andedan yon lòt. Yon tou nan figi moun e anba nen moun. Moun itilize li pou manje bwè, pale, chante e latriye.
- Bouche
-
Elimine yon bouch. San entelijans, edikasyon, kontak avèk moun eklere, sosyete sivilize.
- Bouda
-
Pati nan yon pye bwa ki touche tè a. Pati dèyè kò moun ant do li e janm li. Moun itilize tou ki nan mitan bouda li pou pouse poupou deyò. Se pati sa a nan kò fi anpil gason toujou enterese gade plis.
- Bouden
-
Yon bagay fo yon moun bay yon lòt moun, san lòt moun nan pa konnen, pou yon bon bagay.
- Bouji
-
Prèske menm bagay avèk balèn. Yon fabrikasyon ayisyen ki gen yon mèch koton avèk lasi; konsa li kapab boule pou bay limyè. Pè avèk pastè itilize balèn nan legliz, bòkò itilize bouji nan badji. Kidonk bouji se yon enstriman pou rele lespri yo.
- Boujonnen
-
Lè yon plant, yon pye bwa, branch yon pye bwa kòmanse grandi.
- Boujwa
-
Moun nan ansyen sosyete fransè yo ki te gen tout pouvwa politik, ekonomik, e latriye. Moun nan sosyete ayisyen yo ki panse yo siperyè mas pèp la e ki gen pouvwa ekonomik e politik nan men yo. Yon ti gwoup moun ki fè sa yo vle nan peyi a paske yo gen gwo lajan nan men yo. Boujwazi, Denominasyon gwoup boujwa yo. Nenpòt kouch nan sosyete anyisyen an ki panse li siperyè mas peyi a e ki gen pouvwa ekonomik e politik peyi a nan men yo.
- Bouk
-
Ti vil nan peyi Ayiti. Yon komin, pou moun andeyò ti vil sa a, ki reprezante yon gwo vil. Yon pati nan yon sentiwon ki ede moun boukle sentiwon an. Bouk Kabrit, Yon mal kabrit.
- Boukan
-
Yon flanm dife moun prepare pou diminye fatray, pou fè espas, pou boukannen yon bagay, pou chofaj.
- Boukannen
-
Mete, yon bagay pou moun manje, sou flanm dife pou jis li vini mou, li kwit. Mete yon bagay nan boukan dife.
- Bouki
-
Yon karaktè nan lejand ayisyen ki toujou gen pou li kontrekare Timalis. Yon moun ki kapab pote anpil chay.
- Boukina Faso
-
Yon peyi nan nò lwès kontinan Afrik la.
- Boukle
-
Kole de pwent yon sentiwon ansanm pou li kapab peze yon rad sou senti moun; konsa rad la pa kapab glise desann.
- Boul
-
Nenpòt bagay ki won. Yon bagay won moun itilize pou jwe volebòl, foutbòl, e latriye. Pati nan yon bagay ki pouse sou deyò.
- Boulanje
-
Yon kay ki gen yon fou andedan li e moun itilize pou kwit pen, gato, bonbon, e latriye. Nan gwo vil Ayiti yo, anpil boulanje gen yon fou an metal ki brile gaz ou byen elektrisite. Nan vil pwovens yo, moun yo fè fou yo avèk labou e wòch ou byen mòtye e wòch ou byen brik. Fou sa yo gwo anpil e yo kapab anfounen anpil plato pen an menm tan.
- Boule
-
Resevwa twòp chalè pou vini transfòme an dife. Kole dife sou yon kò ki pa kapab tolere dife, chalè a. Kole dife sou yon kò ki pa tolere dife pou jis li vini koulè nwa e fasil pou kraze, jis li kraze menm.
- Boulèt
-
Boulèt: Yon ti boul. Yon boul ki soti nan bouch yon kanno. Yon ti boul ki fèt avèk vyann e ki fri nan lwil.
- Boulon
-
Yon moso metal avèk filyè sou kote yon tou won andedan li. Deyò yon boulon gen kat, senk, ou byen sis kwen; konsa yon kle kapab kenbe li pou boulonnen yon vis.
- Boulonnen
-
Vise. Mete yon boulon nan pwent yon vis epi vire li pou filyè boulon an rantre nan fliyè vis la pou jis boulon an mache kont sou vis la.
- Boulva
-
Yon gran ri nan mitan yon vil.
- Boulvèse
-
Boulvèse: Toumante. Eta yon moun ki pa kapab reflechi nòmalman, ki anvi vwomi kèk. Eta yon moun ki pa janm kontinye yon travay, yon konvèsasyon, anyen ditou lè li kòmanse li.
- Boum
-
Eklatman. Aparisyon plisyè bagay ansanm. Yon bri tout moun ki pre ap toujou tande kapab gen anpil dega ki kontinye apre li.
- Bourik
-
Yon bèt kout ki kapab pote anpil chay. Yon bèt ki nan menm fanmiy avèk cheval, men li pi piti pase yon cheval e li gen zòrèy long. Papa yon milèt. Yon moun ki gen rayaksyon vyolan menmsi yon lòt moun byen dous avèk li. Yon moun ki pa konnen jwe, men ki konnen goumen byen.
- Bourike
-
Travay anpil, pote anpil chay tankou yon bourik.
- Bous
-
Yon ti sak fi kenbe nan men yo lè yo soti lakay yo e ki kapab genyen kòb, fa e latriye andedan li. Yon ti sak ki vlope an de pou gason mete tout enfòmasyon enpòtan yo bezwen kenbe nan pòch yo avèk lajan pou yo depanse.
- Bouskile
-
Pouse moun, yon bagay soti nan yon pozisyon avèk anpil fòs.
- Bout
-
Moso nan yon bagay. Finisman yon bagay, yon travay, yon wout, yon devwa.
- Boutèy
-
Boutèy: Yon resipyan bouch li kapab gen lajè kont pou yon dwèt pous rantre, men anba li kapab kenbe anpil likid.
- Bouton
-
Yon ti moso zo, metal avèk de ou byen kat ti tou nan li ki pèmèt moun fèmen rad sou yo. Yon ti boul maladi ki grandi soti nan kò yon èt vivan. Yon ti moso plastik, metal teknisyen mete sou deyò yon aparèy pou pèmèt moun ki ap itilize aparèy la kontwole pyès andedan aparèy sa a.
- Boutonnen
-
Rantre bouton nan yon rad nan tou ki fèt pou sa.
- Bouyi
-
Mouvman yon likid ki nan yon resipyan ap fè lè chalè touche kò resipyan epi pouse tanperati li rive a san degre. Mouvman anlè, sou fas yon likid ki se rezilta yon lòt mouvman ki ap fèt anba likid sa a.
- Bouyon
-
Yon manje fòtifyan ki gen legim, vyann, avèk viv nan li. Premye tèks yon moun ekri avèk entansyon pou korije li anvan odyans li wè tèks sa a.
- Bouzen
-
Yon fi ki kouche avèk nenpòt gason san li pa chwazi gason sa yo. Yon poul. Yon moun ki fè lanmou avèk yon lòt moun pou lajan. Yon moun ki vann yon pati nan kò pou lajan.
- Bòy
-
Bòy: Yon boul ayisyen prepare avèk farin frans pou mete nan bouyon. Andedan bòy pa janm fini kwit tout bon vre, men anpil ayisyen renmen manje li. Yo mete li nan sòs vyann tou.
- Brezil
-
Yon gwo peyi nan Amerik Sid la kote moun yo pale Pòtigè. Li kole avèk Ajantin.
- Bri
-
Nenpòt son ki an dezòd. Yon son ki pi wo pase sa ki te egziste anvan li.
- Brik
-
Yon ti moso mòtye moun prepare avèk ajil wouj epi yo anfounen li. Mason itilize brik pou fè mi pou kay e latriye.
- Brile
-
Gade Boule.
- Bwa
-
Pati entim nan kò yon gason. Ponyèt yon moun. Moso yon plant, tout kò plant la menm. Anpil peyizan ayisyen di bwa mango fè bon planch.
- Bwadòm
-
Yon pye bwa peyizan itilize branch li pou fè lantouray, manche wou e latriye. Menm pye bwa sa boujonnen fèy kabrit renmen manje.
- Bwase
-
Rantre bwa nan yon bagay epi vire bwa a tou won andedan bagay la. Si yon moun ap eseye vire ren li tou won, moun kapab di li ap bwase ren li.
- Bwat
-
Yon bagay ki gen sis fas.
- Bwè
-
Bwè: Mete yon likid nan bouch pou li glise desann nan vant. Fè likid rantre nan yon lòt kò.
- Bwòs
-
Bwòs: Yon moso materyèl plat ki gen anpil ti dan tankou plim ki kanpe nan li; konsa lè li pase sou yon fasad li rabote tout sa ki te sou wout li.
- Byè
-
Byè: Yon bwason ki gen alkòl nan li. Moun ki fè byè yo itilize dlo kann pou fè li.
- Byen
-
Tout sa ki bon, ki fèt jan sosyete a espere li te sipoze fèt. Bondye.