Diksyonè
Diksyonè Kreyòl.
Tape yon mo, yon definisyon, oswa yon egzanp. Aksan pa obligatwa: «lekol» jwenn «lekòl».
- Beni
-
Eta yon moun, yon bagay tankou manje moun ap ale manje, ki resevwa benediksyon.
- Benyen
-
Rantre yon kò nan yon likid ou byen nenpòt lòt bagay. Yon machin kapab pase sou yon wout epi benyen moun avèk pousyè. Lave yon kò avèk dlo.
- Bere
-
Mete yon bagay mou sou yon bagay di epi plati bagay mou an jis li pa kapab plati ankò. Pase bè, manba sou pen, kasav e latriye.
- Berejèn
-
Berejèn: Grenn vyolèt yon plant kout donnen e li fè bon legim anpil ayisyen renmen. Gen anpil ayisyen ki pa manje li tou paske berejèn fè moun sa yo malad.
- Bese
-
Diminye wotè.
- Bèso
-
Bèso: Yon kabann ki fèt pou ti bebe kouche.
- Bèt
-
Bèt: Nenpòt èt vivan ki pa moun e ki pa sanble avèk moun. Yon bèt pa kapab pale avèk moun e li pa gen menm entelijans avèk moun.
- Betiz
-
Aksyon, langaj sal yon moun ki pa sanble avèk langaj sosyete a espere de li. Mo sosyete a pa vle tande ap soti nan bouch moun. Erè yon moun fè.
- Betize
-
Pran direksyon sosyete a pa espere, leve kanpe kont bon bagay. Fè move chwa.
- Bezig
-
Yon jwèt kat ki ekzije 128 fèy kat pou jwe li. Nan jwèt kat sa a, wa yo marye avèk rèn yo e yon jwè kapab demarye yo. Si yon jwè kente li fè, pi gwo pwen yon jwè kapab fè yon sèl kou sa a, 250 pwen.
- Bezwen
-
Nenpòt kantite ki manke pou fè yon bagay konplè.
- Bib
-
Premye liv moun ekri, pi ansyen liv ki egziste. Gen anpil liv nan Bib la. Prèske chak apot Jezi Kris yo te ekri yonn nan liv sa yo. Kèk nan liv yo se travay plizyè apot ansanm.
- Bibliyotèk
-
Bibliyotèk: Yon kokennchenn liv ki rasanble ansanm yon sèl kote pou lektè jwenn pou yo li. Lekti nan prèske tout bibliyotèk gratis. Men, yon moun oblije gen kat yon bibliyotèk pou li kapab ale lakay li avèk yon liv. Anpil liv yon moun ranje nan yon kwen lakay li.
- Biblo
-
Ti imaj kèk gwo bagay moun mete andedan kay yo pou fè yon pati nan kay la bèl. Pwodiktè yo itilize materyèl tankou ajil pou fè biblo.
- Bibwon
-
Yon boutèy avèk tetin pou nouri bebe.
- Bijou
-
Yon moso metal tankou lajan, lò, dyaman yon pwofesyonèl prepare sou fòm yon bag, yon chèn, yon zanno, yon bwaslè.
- Bip
-
Yon bri sèk ki fèt, men moun ki tande li pa kapab konnen ki kote li te soti. Repons yon bipè lè yon moun voye yon mesaj nan li. Son yon bagay ki tonbe.
- Bipè
-
Bipè: Yon ti aparèy elektwonik moun itilize pou resevwa mesaj ki soti nan yon aparèy telefòn.
- Bis
-
Repetisyon yon bagay paske yon odyans mande li yon lòt fwa anplis. Yon gwo machin ki sanble avèk yon kamyon, men pasaje kapab rantre andedan li pou vwayaje. Pasaje yon bis kapab evite chanjmann nan tanperati a tankou lapli avèk solèy cho.
- Bisiklèt
-
Bisiklèt: Yon veyikil ki gen de wou, chèn avèk pedal pou li deplase. Moun ki monte yon bisiklèt oblije kenbe gidon li dwat pandan li ap pedale. San sa, bisiklèt la pa kapab rete dwat sou wout li e moun nan ap tonbe.
- Biwo
-
Yon tab ki gen tiwa pou mete plim, papye, kreyon, e latriye. Yon chanm, yon kay moun ki ap fè biznis itilize pou resevwa kliyan yo. Yon chanm andedan yon biznis kote responsab biznis la fè tout travay li.
- Biyè
-
Biyè: Lajan papye. Yon moso papye yon moun itilize pou voye yon mesaj lè li pa prepare pou fè lèt nòmal.
- Biznis
-
Vann machandis, sèvis pwofesyonèl. Yon kay ki gen moun ki ap fè machandiz, vann machandiz, vann pwofesyonèl sèvis andedan li.
- Blag
-
Yon konvèsasyon sou anpil bagay san konsantre sou yon sijè an patikilye. Moun bay blag avèk moun ki nan menm jenerasyon avèk yo ou byen anviwon menm laj avèk yo. Yon diskou ki fè odyans la ri.
- Blage
-
Pale de anpil bagay san konsantre sou yonn. Divage. Bay blag avèk lòt moun.
- Blam
-
Responsablite ki tonbe sou do yon moun pou aksyon li.
- Blame
-
Mete responsablite sou do yon moun pou aksyon.
- Blan
-
Koulè, non yon ras moun. Koulè nòmal dan moun. Yonn nan kat koulè moun ki egziste sou tè a: blan, wouj, jón, nwa. San tach, san peche.
- Blanchi
-
Fè yon bagay vini gen koulè blan. Retire malpwoprete nan yon bagay.
- Blaze
-
Disparisyon vrè vizaj, koulè orijinal yon moun, yon bagay.
- Ble
-
Yon koulè ki sanble avèk koulè syèl la, koulè yon basen dlo. Ble maren, Yon koulè ble ki prèske nwa. Yon vejetab fèmye kiltive nan peyi Etazini e yo fè farin avèk li.
- Blese
-
Fè yon moun, yon bagay mal. Koupe kò yon èt vivan pou san soti. Di yon moun pawòl ki fè li mal. Di yon moun yon verite li ap eseye evite.
- Blofe
-
Bay manti. Di moun yon bagay ki pa vrè avèk espwa moun nan ap kwè bagay sa a vrè. Aksyon yon jwè pokè ki pa gen kat nan men li pou li genyen yon pati pokè epi li mize plis lajan pou fè lòt jwè panse li ap genyen jwèt la.
- Bloke
-
Anpeche yon moun, yon bagay kontenye yon bagay ki te kòmanse.
- Bo
-
Rale lè rantre nan yon bouch ki kole avèk yon lòt bouch, nenpòt lòt bagay tankou figi yon moun.
- Bobin
-
Yon bagay ki vlope avèk fil. Yon aparèy elektwonik ki fè kouran vwayaje an won pou kreye yon jaden manyetik, konsa yon metal nan jaden manyetik la tounen leman.
- Bobine
-
Vire an won. Aksyon yon bagay ki ap vire an won. Vlope yon bagay avèk fil.
- Bòdi
-
Bòdi: Sou kote nenpòt bagay. Nenpòt bò ki te ogmante pou fè yon bagay pi solid.
- Bòfrè
-
Bòfrè: Mari sè yon moun. Frè madanm yon mari.
- Bòkò
-
Bòkò: Yon gason e yon dirijan seremoni lwa tankou vodou nan peyi Ayiti. Yon gason e yon doktè fèy ki itilize espri sinatirèl pou konpoze medikaman li. Yon dirijan move espri ki touye moun. Yon sèvitè lwa ki pèmèt lwa yo itilize kò li pou yo kominike avèk vivan yo, pitit fèy yo.
- Bòl
-
Bòl: Yon veso won e fon pou moun mete manje. Yon bòl pi bon pou sèvi bouyon avèk sòs paske asyèt twò plat pou djòb sa a.
- Bòlèt
-
Bòlèt: Lotri peyi Ayiti a. Ayisyen jwe bòlèt an kachèt nan kèk lòt peyi tankou Etazini. Yo telefone moun nan peyi Ayiti pou konnen ki boul ki soti nan jou sa a.
- Bon
-
Tout bagay ki ale egzateman jan sosyete a espere li te dwe ale. Tout bagay moun renmen gen nan bouch li. Yon nouriti moun renmen. Nenpòt sa ki fè yon moun santi li byen.
- Bondi
-
Eta yon bagay ki ale frape yon kote epi li retounen nan direksyon li te soti.
- Bondye
-
Espri diven tout relijye kwè ki kreye syèl la avèk tè a. Gran frè Satan ki te chase Satan epi voye li sou tè a paske Satan te vle pran lemond nan men li. Yon sèl espri tout relijye ap sèvi. Yon espri ki toujou prezan.
- Bonjou
-
Yon mo moun nan ti kiminote yo itilize pou salye lòt moun yo rankontre nan maten. Swè yon moun fè yon lòt pou jounen moun sa pase byen.
- Bonm
-
Yon veso won, fon moun itilize sou dife pou fè manje pou plizyè moun manje. Manje ki fini fèt nan bonm ale nan asyèt, bòl pou moun manje. Yon kannistè eksplozif ki kapab fè anpil dega tankou touye moun, kraze kay.
- Bonswa
-
Yon mo moun nan ti kominote yo itilize pou salye yon lòt moun lè yo rankontre li aswè, apre mitan jounen an. Swè yon moun fè yon lòt avèk espwa sware moun nan ap ale pase byen.
- Bonte
-
Kalite yon moun genyen ki ale nan direksyon sosyete kote li ap viv konsidere kòm bon. Eta yon moun ki renmen ede lòt moun ki nan bezwen.
- Bòpè
-
Bòpè: Mari manman yon moun lè mari a pa papa pitit manman.