155 mo ki kòmanse ak «B»

B

B: Dezyèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la.

Bachelye

Yon moun ki resevwa yon diplòm pou etid bakaloreya li.

Bag

Yon ti moso metal won avèk yon tou pou dwèt moun rantre. Moun mete bag nan dwèt yo pou fantezi, pou fiyanse, pou marye. Moun fèt pou kontinye mete bag maryaj la tout tan yo rete marye. Yon bag kapab fèt avèk twa metal tankou lajan, lò, dyaman.

Bagay

San valè. Yon mo ki dekri tout sa moun vle di lè non yo bezwen an pa disponib, pa vle soti nan memwa-kout moun.

Bakaloreya

Yon nivo etid inivèsitè ki vo kat ane lekòl konsa apre lekòl segondè. Men, anpil moun panse sizyèm ane nan lekòl segondè se yon diplòm bakaloreya.

Bal

Reyinyon plizyè moun pou selebre yon evènman, yon okazyon avèk mizik pandan plizyè èdtan. Yon moso metal ki soti nan bouch yon zam apre yon eksplozyon andedan yon zam.

Balans

Yon enstriman pou mezire pwa yon bagay, yon moun. Yonn nan siy owoskòp yo. Nivo kote yon bagay gen menm pwa avèk yon lòt.

Balanse

Fè nivo pwa de bagay vini nan menm nivo. Voye yon bagay nan yon direksyon epi voye li nan lòt direksyon opoze a san rete, pandan yon bon bout tan.

Balansin

Yon machin mekanik ki kapab balanse pandan anpil tan soti nan yon vitès siperyè jis gravite rive kanpe.

Balèn

Balèn: Pi gwo bèt nan lanmè moun rive dekouvri. Li bay pitit li tete tankou moun. Yon sous ekleraj ki gen yon mèch byen ranje nan mitan yon moso souf.

Balkon

Yon galri, nan yon kay, ki sou anlè. Yon kay ki gen plis pase de etaj.

Ban

Yon varyasyon nan chèz ki long anpil e li kapab genyen kat pye ou byen plis; konsa plizyè moun kapab chita sou li.

Banal

San sans. Enkwayab. Nan nivo konesans prèske tout moun. Konesans ki disponib pou minimòm entelijans.

Banana

Yon soupe ayisyen fè avèk bannann. Yo graje bannan nan, mete li bouyi avèk dlo pou jis li kwit. Apre bannann nan fini bouyi yo koule li, mete li sou dife ankò epi mete lèt, kanèl nan li anvan yo sikre li.

Band

Eta zozo yon gason lè li di, kanpe. Sa rive plis lè gason an ansanm avèk yon fi, lè li ap panse a yon fi li anvi, lè li ap panse a yon moman li te pase avèk yon fi, lè li wè fòm koko yon fi anba kilòt li. Band mayetik, Yon riban long ki andedan kasèt ki fèt pou anrejistreman mizik, imaj tankou film ki parèt sou ekran televizyon, sal sinema yo.

Bande

Vlope avèk bandaj. Pran yon pozisyon rèd, di.

Bandi

Yon moun ki pa gen krentif pou anyen, ki pa pè pyès moun. Tapajè. Eta yon moun vyolan.

Bank

Yon enstitisyon ki okipe afè lajan pou yon peyi, yon gwoup moun, yon gwoup peyi. Bank sèvi tankou medyatè ant moun ki gen lajan pou prete e moun ki bezwen prete lajan. Kote moun ki gen kòb sere kòb yo. Kote moun mete lajan yo posede pou prete moun ki bezwen prete; konsa yo kapab fè benefis sou lajan yo.

Bankèt

Bankèt: Yon ti bank. Yon tab yon machann mete machandiz pou li vann.

Bannann

Grenn yon pye bannann. Bannann parèt nan pye a apre yon flè plant sa a fini fleri, seche epi tonbe atè.

Baraj

Mwayen moun itilize pou bare, separe yon moso tè. Sa ki separe yon bagay avèk yon lòt. Yon mi wo ki anpeche yon kouran dlo vwayaje nan tout libète li.

Bare

Anpeche yon lòt kontinye wout li.

Basen

Yon tou fon anpil e ki plen dlo. Basen Zim, Yon zòn nan depatman Plato Santral la ki pote non yon bèl kouran dlo ki soti nan yon mòn epi li ap vide nan yon tou fon. Yonn nan pi bèl mèvèy nan depatman sa a.

Baskèt

Baskèt: Yon ti panyen ki fèt avèk latanyen, zo palmis, ti moso banbou. Kèk fwa, yon baskèt gen yon lans.

Bat

Depase fòs yon lòt nan yon konfwontasyon.

Batay

Rezilta yon diskisyon ki pouse de moun fache, ki pouse plizyè moun rantre nan yon konfwontasyon vyolan.

Batèm

Batèm: Resevwa lespri-sen nan yon seremoni relijye. Inisye, rantre nan yon bagay pou premye fwa.

Batiman

Yon kokennchenn, gwo kay ki gen plizyè etaj e kontsriktè li bati li sou yon teren laj. Yon gwo konstriksyon ki chita sou lanmè, ki vwayaje sou lanmè.

Batize

Patisipe nan yon batèm.

Bato

Yon gwo konstriksyon ki chita sou lanmè e ki kapab vwayaje sou lanmè tou.

Baton

Yon bout bwa ki rive wotè senti yon moun e moun kapab apiye sou li pou pran fòs pou mache. Kou yon moun bay yon lòt moun.

Batri

Yon sous elektrisite ki dire yon kantite tan. Sous elektrisite sa diminye piti, piti, pou jis li disparèt. Yon pwazon majik ayisyen mete sou wout yon moun pou touye li.

Bay

Transfere yon pwopriyete soti nan men yon moun pou ale nan men yon lòt moun.

Bayonèt

Bayonèt: Yon kouto long, de bò file, pwenti, moun lontan yo te konnen itilize pou batay nan lagè. Moun sa yo pate gen zam ki genyen konnye a pou batay, se ki fè yo te konnen itilize bayonèt.

Baz

Pozisyon kote yon bagay chita. Nenpòt kote yon bagay jwenn sipò li.

Baze

Eta moun ki mete feblès li, espwa li, sou yon lòt moun san itilize potansyalite li genyen.

Bè

Bè: Yon pwodui ki soti nan lèt avèk anpil lòt materyèl ankò tankou pistach.

Bebe

Yon timoun piti ki baze nèt ale sou granmoun li, manman li plis, pou tout bezwen.

Bèf

Bèf: Yon gwo bèt ki manje zèb e ki kapab rale manje soti nan vant li pou manje lè li grangou. Yon bèf gen de kòn, de zòrèy, yon gwo tèt, yon gwo bouch, yon gwo lang, kat gwo pye avèk yon ke long. Bèf gen yon son li fè ki sonnen tankou: Mmmmou…

Bege

Difikilte pou mo soti nan bouch yon moun , pou yon moun jwenn mo, pou pale.

Bèj

Bèj: Yon koulè ki ant koulè jón avèk koulè gris.

Bèk

Bèk: Yon ògán nan tout zwazo ki jwe menm wòl bouch jwe pou moun. Yo itilize bèk la pou manje, chante, defann tèt yo e atake énmi yo. Bouch zwazo.

Bèlfi

Bèlfi: Yon fi ki marye avèk pitit gason de paran. Pitit fi yon mari ou byen yon madanm ki pa pitit lòt mari ou byen madanm nan.

Beliz

Non yon peyi sou kontinan Amerik la e nan Amerik Santral la. Kapital Beliz se Bèlmopan.

Bèljik

Yon peyi nan nò Frans ki gen fontyè avèk Almay. Lang yo se Flaman avèk Fransè. Kapital peyi sa se Briksèl.

Bèlmè

Bèlmè: Manman mari ou byen madanm de moun ki marye. Yon madanm ki pa manman pitit yon mari.

Bèlsè

Bèlsè: Sè madanm ou byen sè mari de moun ki marye. Madanm frè yon moun.

Benediksyon

Rele Bondye pou voye lespri-sen an vini sou yonn, plizyè moun.

Benefis

Kòb yon moun fè anplis lè li vann yon bagay. Nenpòt sa yon moun resevwa anplis sou yon bagay li bay pou yon lòt, li chanje.

Benefisye

Resevwa yon benefis. Resevwa yon bagay anplis pou yon bagay ki vann, ki chanje.