Diksyonè
Diksyonè Kreyòl.
Tape yon mo, yon definisyon, oswa yon egzanp. Aksan pa obligatwa: «lekol» jwenn «lekòl».
- Aparans
-
Tandans pou yon moun kwè sa li wè, tande, santi menm lè sa li wè, tande, santi a pa chita sou pyès verite. Lè nenpòt nan senk sans yo twonpe moun.
- Apèl
-
Apèl: Aksyon yon moun ki rele yon lòt moun nan telefòn, ki rele yon moun.
- Apèn
-
Apèn: Eta yon bagay ki pa gen lontan depi li pase.
- Apèsi
-
Apèsi: Posiblite pou wè yon bagay anvan li vini egziste nan reyalite. Bay yon ti goute nan yon bagay. Moun ki fè sinema yo toujou fè reklam nan televizyon pou film. Yo bay yon ti apèsi nan film nan. Sa a bay moun yon lide de film nan anvan yo ale wè li.
- Apeti
-
Espas vid nan lestomak yon moun ki fè li anvi manje. Yon fòs envizib ki fè yon moun anvi fè yon bagay tankou tout jèn gason gen apeti pou bèl fi.
- Apetisan
-
Bon gou ki ogmante apeti moun pou bagay la. Yon bagay moun toujou anvi manje, jwenn apre yo fini manje li, jwenn li yon premye fwa.
- Apiye
-
Pran fòs sou yon lòt. Resevwa fòs, asistans de yon lòt. Espwa pou resevwa sa ki nesesè de yon moun.
- Aplati
-
Bay yon bagay menm fòm avèk fas dlo dòmi. Itilize fòs pou fè wòtè yon bagay diminye.
- Aplikasyon
-
Rezon ki fè egzistans yon bagay itil. Itilizasyon. Sa moun kapab fè avèk yon bagay.
- Aplike
-
Itilize yon bagay jan li te fèt pou itilize. Sib yon metòd pou fè yon bagay.
- Aplodi
-
Aksyon moun ki ap frape de plat men yo ansanm pou ankouraje aksyon yon lòt moun. Nenpòt aksyon moun pou ankouraje aksyon lòt rekòmanse.
- Aplodisman
-
Ankourajman pou bon aksyon yon moun. Rezon ki genyen pou yon bagay rekòmanse.
- Apostwòf
-
Yon ti siy (` ) ki ranplase yon lèt lè moun ap ekri. Lang Fransè itilize apostwòf anpil, men anpil lang pa itilize li.
- Apot
-
Douz moun yo ki te toujou ap mache avèk Jezi lè li te ap viv sou tè a. Nenpòt moun ki resposab pote mesaj bay yon lòt moun.
- Aprann
-
Pran konesans nan koute, li, etidye, fè eksperyans.
- Apranti
-
Moun ki ap sib tout sa patwon li ap fè pou li fè tou.
- Aprantisaj
-
Travay yon moun ki ap aprann. Ogmante kantite konesans ki deja egziste a.
- Apre
-
Sib sa ki nan pozisyon devan an. Apre Demen, Jou ki sib jou ki ap vini demen an. Apre Midi, Yon minit apre mitan yon jounen pou jis rive sis lè nan aswè.
- Apresye
-
Montre yon bagay, yon moun li gen valè.
- Apresysyon
-
Aksyon yon moun ki montre valè li bay yon bagay. Kòmansman lanmou pou yon moun, yon bagay.
- Apwoche
-
Itilize tout mwayen ki egziste pou vini pi pre yon moun, yon bagay. chache zanmitay nan men yon moun. Kòmanse file yon fi.
- Apwouve
-
Fè yon moun konprann entansyon li, bagay li fè bon. Aksepte lide lòt moun. Bay dwa, otorizasyon pou kontinye avèk yon aksyon ki kòmanse deja.
- Aranjman
-
Ogmante sa ki manke pou rive pi pre pèfeksyon.
- Arestasyon
-
Aksyon sou yon moun ki tonbe anba kontwòl militè, polis pou ale tann jijman li nan yon prizon. Apre erestasyon yon moun, moun nan pèdi tout libète, anpil dwa li te genyen.
- Arete
-
Tonbe anba kontwòl militè, polis pou ale nan prizon epi tann jijman.
- Areye
-
Yon ti bèt entelijan ki gen yuit pye. Yon areye fè nich li tankou yon moso twal. Anpil ayisyen kwè lè yon areye ki gen sèt pye vini pre yon moun se move nouvèl li pote bay moun nan. Poutèt sa yo ap touye li.
- Aristokrasi
-
Yon ti ponyen moun nan yon sosyete, yon peyi ki gen prèske tout kòb peyi a nan men yo e ki panse yo pi bon pase lòt moun ki pa nan gwoup pa yo a.
- Aristokrat
-
Nenpòt moun ki nan yon aristokrasi. Moun ki espere rantre nan aristokrasi e ki kòmanse trete moun nan gwoup pa yo a tankou moun ki gen mwens valè pase yo. Inyoran ki gen lajan. Li difisil pou yon gwoup aristokrat asepte moun nan lòt klas rantre nan gwoup yo a.
- Aristokratik
-
Konpòtman nenpòt moun ki nan yon aristokrasi.
- Aritmetik
-
Syans ki okipe afè nonb avèk operasyon nonb sa yo.
- Asanble
-
Anpil moun ki rasanble pou yon menm rezon yon kote. Depite avèk senatè ki rasanble pou diskite e fè lwa pou yon peyi.
- Asasen
-
Yon kriminèl ki touye moun, pou lajan yon lòt moun peye li.
- Asasinen
-
Aksyon yon asasen sou viktim li.
- Ase
-
Kont. Pa mete, pa retire nan kantite, wotè, yon bagay deja ye.
- Asid
-
Yon konbinezon plizyè eleman chimik ansanm tankou idwojèn, souf avèk oksijèn. Konbinezon idwojèn, souf, avèk oksijèn bay yon asid ki kreye elektrisite lè li rankontre avèk yon metal tankou plon.
- Asirans
-
Pawòl yon moun di yon lòt moun pou fè moun nan konte sou li. Yon konpayi moun peye yon ti montan kòb pou konpayi an fè kèk gwo depans pou li lè depans sa yo rive.
- Asire
-
Posede, resevwa asirans de yon moun, yon konpayi.
- Asosyasyon
-
Gwoupman plizyè moun pou yo sib yon lide ansanm pandan yonn ap ede lòt reyalize lide a. Aksyon de moun, pou pi piti, ki mete ansanm pou yo reyalize yon lide tankou ouvri yon biznis.
- Asosye
-
Yon moun ki ini avèk yon lòt moun, plizyè lòt moun pou reyalize yon lide tankou ouvri yon biznis ansanm.
- Asyèt
-
Asyèt: Yon veso won ki fèt avèk ajil, metal e moun itilize li pou manje. Sa ki andedan yon veso. Plat.
- Atache
-
Moun san inifòm, sivil, ki te konnen sèvi gouvènman nan peyi Ayiti. Yo te gen djòb pou chache konnen moun ki pa renmen gouvènman an epi ale di prezidan sa. Sivil nan peyi Ayiti ki te gen plis pouvwa pase militè paske yo te ap travay pou gouvènman an.
- Atak
-
Aksyon yon moun ki mache ale devan, dèyè yon lòt moun avèk fòs, gwo mo pou entimide li, touye li tou si sa posib.
- Atake
-
Mache rantre sou yon moun avèk fòs, gwo pawòl pou entimide li, touye li tou si sa posib.
- Atansyon
-
Prekosyon yon moun dwe pran nan kèk sitiyasyon. Kite je, zòrèy fikse sou yon bagay pou wè li, tande li. Atansyon !, Yon son, yon jès yon moun fè pou fè yon lòt moun konprann li gen yon bagay li bezwen gade, koute byen. Eta moun ki pa kapab sispann koute, gade yon bagay.
- Atantif
-
Eta yon moun ki toujou pre pou fè sa ki nesesè depi yon sitiyasyon prezante devan li.
- Atè
-
Atè: Kole sou fas tè a. Soti anlè epi desann kole sou fas tè a.
- Ateri
-
Soti anlè pou vini tonbe sou fas tè a. Yon fason pou fè yon bagay soti anlè epi rive atè.
- Aterisaj
-
Aksyon yon bagay ki ateri tankou yon avyon.
- Aterisman
-
Lè yon bagay ki soti anlè ap touche fas tè a.
- Atifisyèl
-
Atifisyèl: Nenpòt bagay ki pèdi eta natirèl li. Nenpòt bagay ki pa natirèl men moun ranje li yon fason pou li sanble avèk yon bagay natirèl.