Lide nasyon ak Peyi se yon konsèpt atifisyèl e resan

Chak maten nou ransanble pou nou salye drapo e pou chante im nasyonal . Nou fyè pou nou rakonte eksplwa zansèt nou yo. Ki kote santiman apatenans sa a soti? Laverite se ke lide yon nasyon se yon envansyon trè resan.
Nou souvan sipoze ke nasyon yo te toujou egziste, ke liy ki trase fwontyè yo te la depi lontan tou natirèlman
Men, tout peyi sou Latè yo envante
Ki sa ki yon peyi o jis?



Konstriksyon mit: Istwa ki ini nou

Nasyon yo bati sou yon seri de istwa espesyal ke yon rele “mit”,  kwake resi sa yo plizoumwen vrè,  yo kapab toujou melanje reyalite ak fiksyon,  yo ka mete aksan sou sèten evènman epi minimize lòt. Men, objektif prensipal resi sa yo,  se pa nesesèman presizyon istorik. Olye de sa, mit yo sèvi kòm yon siman kiltirèl, pou ekslike yo pou ki rezon endividi sa yo fè pati de yon kominote.

Gade bagay yo konsa: Chak peyi gen lejann fondatè li, pwòp ewo li ak pwòp evènman enpòtan li. Istwa sa yo ka ankre nan evènman reyèl, men avèk le tan, yo vin anbeli  e yo pran yon sans ki pi pwofon. Yo ofri yon vèsyon senplifye e idealize ki ranfòse valè nasyonal yo e kreye yon santiman d idantite kolektif.

Senbòl ak rituèl: Drapo, im nasyonal ak jou ferye

Nasyon yo itilize senbòl ak rituèl pou ranfòse yon  santiman d idantite pataje. Drapo yo vin tounen anblèm fyète nasyonal, koulè yo ak desen yo chaje ak siyifikasyon. Im nasyonal yo antre nan nanm yon pèp atravè  melodi ak pawòl patriyotik ki selebre istwa ak valè yon nasyon. Fèt nasyonal yo komemore evènman enpòtan yo, rasanble moun pou yo kapab selebre detanzantan. Senbòl ak rituèl sa yo aji kòm rapèl vizib, palpab, ke ou kapab preske manyen

 Fwontyè yo: Teritwa ak kat ki chanje

Ide yon nasyon souvan lye ak yon teritwa espesifik, yon moso tè ki gen fwontyè defini ki pou yon gwoup moun patikilye. Men, relasyon ki genyen ant nasyon yo

Toutolon listwa, fwontyè yo te varye e yo te chanje tankou sezon chanje.
 Lagè, trete ak akò politik te redesine liy ki sou kat yo.

Tè ki te pou yon nasyon arive vin fè pati de yon lòt. pafwa pasifikman, pafwa nan konfli.

Moun ki ap viv andedan fwontyè sa yo konn chanje. Migrasyon, deplasman ak echanj kiltirèl toujou ap transfòme demografi nasyon yo. Moun travèse fwontyè yo, pote avèk yo lang yo, koutim yo ak tradisyon yo. Avèk letan, figi yon nasyon ka chanje radikalman.