Ayiti fè fas a dè defi enpòtan ki anpeche li genyen kouran 24 è d tan sou 24 :
Enfrastrikti limite:
Enfrastrikti elektrik Ayiti a soufri souz-envèstisman, sistèm demode, ak antretyen ensifizan. Rezo de jenerasyon, transmisyon, ak distribisyon elektrisite nan peyi a souvan pa fyab epi yo pa kapab satisfè demann d enèji k ap grandi « Au Fur et à Mesure» ( o fi e a mezi). Enfrastrikti ensifizant lan anpeche livrezon elektrisite efikas e konsistan kote ki plis bezwen li.
Kontrent Ekonomik:
Ayiti se youn nan peyi ki gen mwens mwayen ekonomik nan Emisfè Lwès la, akòz de yon ekonomi ki gen difikilte ak resous finansye limite, li difisil pou envesti nan nouvo izin elektrik, e amelyore enfrastrikti ki egziste deja, sitou si ekipman sa yo nesesite antretyen ak reparasyon regilye. Puiske ekonomi an pa fyab, li fasil pou ekipman yo tonbe an pàn, ki lakòz entèripsyon elektrik (blakawout) eksesif.
Depandans sou gaz enpòte:
Ayiti depann anpil de konbistib(gaz) enpòte, tankou dyezèl ak gazolin, sibstans nesesè pou fonksyònman jeneratris yo.
Pri petwòl monte e desann anpil, e li pa toujou koresponn à kapasite ekonomik Leta.
Youn nan solisyon se depann plis de enèji renouvlab tankou pano solè avèk enèji idwoelektrik.
Defi ki kapab rezoud
Abòde defi sa yo mande yon apwòch milti-aspè ki enplike devlopman enfrastrikti, envestisman nan sous d enèji renouvlab, amelyore gouvènans, ak sipò entènasyonal. Envesti nan teknoloji enèji renouvlab, tankou enèji solè, dlo ak van, ka bay solisyon dirab e abòdab.
Leave a Reply