Nan vast wayòm insèkt yo, nou trè familye avèk ti bèt volan sa yo ke yo rele abèy ak gèp. Kwake yo sanble e renmen mòde yo pa fè pati de menm espès.
1. Taksonomi ak mòfoloji (klasifikasyon, ak fòm kò)
Myèl ak gèp pataje yon liy komen nan lòd Hymenoptera, ki fè yo fanmi pwòch. Estrikti anatomik yo trè similè, ki karakterize pa yon pè zèl transparan, kò segmante ak machwè puisan . Sepandan, an regadan pi prè, diferans yo koumanse devwale.
Abèy ou Myèl:
Myèl yo jeneralman pi djanm nan aparans, ak kò ki solid ki ede yo pote polèn. Kò yo souvan kouvri avèk ti cheve epè (pwès, dans), ke yo rele pwal, pwal yo kaptire ti grenn polèn yo pandan ke y ap vizite flè. Pilozite li (lè yon animal genyen anpil cheve), se youn nan karakteristik kle, ki fè distenksyon ant myèl ak gèp.
Gèp:
Gèp, an revanch, yo gen tandans pi mens, pi long. Yo pa gen anpil cheve tan kòm abèy yo, epi yo gen yon aparans ki pi menasant.
2. Konpòtman alimantè ( Abitid manje)
Abèy ak gèp pa manje menm bagay. Abèy trè rekoni kòm polinizatè la nati, yo manje nekta(nectar) ak polèn. Se pou rezon sa , ki fè ke yon esansyèl pou reprodisyon anpil plant. Yo jeneralman pa atake san pwovokasyon, yo trè dosil.
Gèp kapab an mezi pou poline, men yo prefere jwe wòl predatè, sa vle di atake lòt animal pou manje. Anpil nan yo se kanivò, ki manje ensèkt kòm arenye avèk ti cheni.
3. Estrikti Sosyal
Tou lè de kapab fòme koloni(yon miltitid, ki ap viv ansanm)
Abèy: Chak abèy gen wòl pa yo, larèn, travayè(ouvriye), sòlda(drone). Nan ruche(ti mezon yo) la, tout travay ansanm.
Kwa ke gèp fòme koloni menmjan ak myèl, genyen anpil ki prefere viv solitèman(tou sèl, pou kont yo)
Leave a Reply