Ki sa ki la Fotosentèz(photosynthèse) ?

Imajine ke yon plant se tankou yon  ti kuizinye entelijan tou zuilit ki ka kwit pwòp manje li. Men, olye pou li sèvi ak yon recho, li gen yon demach espesyal ke nou kapab rele  “la fotosentèz.”

Fotosentèz se tankou yon resèt mirak ki ede plant grandi e rete an sante. Li enplike twa engredyan esansyèl:

1. Limyè solèy la: Plant yo sèvi ak limyè solèy la, enèji liminez ki soti nan solèy la, kòm youn nan engredyan prensipal .

2. Dlo: Menm jan ou bezwen bwè dlo pou rete idrate, plant yo bwè dlo nan tè a atravè rasin yo.

3. Lè: Plant yo bezwen lè tou, ki gen yon gaz ki rele gaz kabonik. Olye de oksijèn.

Konyela a, lè ou mete engredyan sa yon ansanmm,  epi atravè

1. Fèy plant la gen ti pati vèt yo rele klowofil. ki  aji tankou ti chodyè pou kwit manje.

2. Limyè solèy la ak klowofil travay ansanm, tankou yon melanj mirak, pou konbine dlo ki soti nan rasin yo ak gaz kabonik ki soti nan lè a.

3. Kòm rezilta plant lan kreye yon manje espesyal ki rele glikoz se tankou sik. Donk plant kapab kreye sik poukont li avèk jis limyè, dlo epi lè.

Kidonk, pwochen fwa ou wè yon pye bwa, yon flè, oswa nenpòt plant vèt, sonje ke yo se tankou ti kuizinye entelijan ki sèvi ak fotosentèz pou kwit pwòp manje pa yo. Yo sèvi ak limyè solèy la, dlo, ak lè pou kreye manje.


Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *