Bourik kont chwal: yon analiz konparatif

 

Bourik ak cheval(chwal) yo fè pati menm fanmi Equidae. Malgre resanblans yo, Bourik ak cheval se de espès separe ki posede karakteristik inik.

Vwasi yon ti konparezon:

1. Taksonomi ak espès

Bourik (Equus africanus asinus):

Bourik(Âne), fè pati espès Equus africanus asinus. Yo se desandan bourik sovaj Afriken ki se akonpanye moun depui dè milenè.

Cheval (Equus ferus caballus):

Cheval, li menm , fè pati espès yo Equus ferus caballus. Yo rekoni mondyalman atravè listwa pou wòl ke yo jwe yo nan transpò, espò, lagè ak agrikilti.

2. Karakteristik Fizik

Gwosè ak kòpilans(fòm kò):  Bourik yo jeneralman pi piti pase chwal, e yo pi robist(djanm). Cheval, an revanch, yo gen jeneralman pi wo, pi laj e pi mens.

Zòrèy: Youn nan diferans ki pi aparant ant de espès sa yo se zòrèy yo. Bourik yo gen zòrèy long pwenti ki ba yo ekselant kapasite pou tande. Kontrèman, chwal yo gen zòrèy ki pi kout, ki pi dwat, byenke kèk ras ki posede zòrèy pi similè ak bourik.

 

Ke: ke bourik yo kout ak yon touf cheve nan pwent yo, alòske chwal yo gen yon ke long ki plen cheve swa.

Koulè manto: Bourik yo anjeneral gen koulè limite tankou tout koulè gri, mawon oswa nwa, pandan ke chwal yo montre yon grand varyete koulè manto, chema, ak desen.

3. Konpòtman ak tanperaman

Bourik: Bourik yo renome pou entèlijans yo, men yo pafwa tèt di, e rebèl. Yo se bèt pridan e yo pa renmen mete tèt yo an danje, yo gen yon ensten de konsèvasyon.

Cheval: Cheval yo rekoni pou enèji yo ak konpòtman ki dè fwa instab. Yo se bèt trè sosyal ki fòme lyen solid nan twoupo yo. Yo ka resevwa fòmasyon pou devlope patenarya sere ak moun, ki fè ke yo alèz pami moun, se rezon sa ki fè yo itilize yon anpil nan divès aktivite.

4. Itilizasyon

Bourik: Istorikman, bourik yo te itilize kòm bèt fado nan anpil pati nan le mond, espesyalman nan zòn ki gen tèren difisil. Yo fò nan pote chay lou ak navige wout glise. Malgre yo tèt di, yo fidèl lè yo abitue ak mèt yo.

Cheval: Cheval te jwe yon wòl enpòtan nan sivilizasyon imen pou dè milye ane. Apa ke yo te itilize pou transpò ak agrikilti, yo te itilize nan divès kalite espò tankou kous cheval.

 

An rezime, bourik ak chwal pataje yon istwa long nan patenarya ak moun, men yo te evolye dè karakteristik ak dè wòl diferan. Nati Kouraje ak pridan bourik la rann li ekselan kòm konpayon ak bèt fado, pandan ke vitès, enèji ak adaptabilite chwal yo te fè dè yo yon zouti endispansab nan divès aspè nan lavi moun.

Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *