Pouki la nèj pa tonbe ann Ayiti

Ayiti se yon peyi ki sitiye nan yon pati cho nan mond lan ke yo rele twopik. Twopik yo toupre ekwatè a, ki se yon liy imajinè, kòm yon sentiwon ki mare nan mitan glòb Latè. Kote ki toupre ekwatè a, tankou Ayiti, gen yon klima twopikal, ki vle di ki  an jeneral li  fè trè cho la.

Nèj konpoze de ti kristal glas ki fòme, lè tanperati a vin trè frèt, dlo tounen glas, komsi andedan yon refrijeratè. An Ayiti, tanperati a pa konn fè frèt konsa. Olye de sa, li rete tyèd ou cho pandan tout ane a.

Lè li nan sezon fredi nan peyi tankou  Kanada, oswa peyi an Ewòp, Latè a ap panche lwen solèy la. Sa fè kote sa yo jwenn mwens limyè solèy.

Men, ann Ayiti, li pi pre Lekwatè , ki donk mensi latè panche, Lekwatè toujou rete pwòch solèy la. Solèy la briye plis dirèkteman sou Ayiti pandan tout ane a, sa rann li  pi cho e nèj pa kapab fòme nan kondisyon sila yo.

Sepandan, menmsi li pa neje an Ayiti, li gen pwòp klima inik li. Li gen sezon lapli ak siklòn e sezon sèch.


Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *