Pou ki rezon Albert Einstein popilè konsa nan domèn lasyans fizik ?

Albert Einstein te fè dè kontribisyon enpòtan nan domèn lasyans fizik, dekouvèt ki te enpakte konpreyansyon nou de linivè .
Vwasi twa nan pi gwo dekouvèt ke li te fè:

Teyori de la relativite:

Teyori relativite Einstein te chanje fason nou panse de lespas, tan ak mouvman.
Sa a te montre ke lwa fizik yo rete konstan pou tout moun, kèlkeswa ak ki vitès ke yo deplase. Li te tou prezante lide ke vitès limyè a se vitès ki pi rapid nan linivè . Teyori sa a te fè prediksyon sou ki jan LeTan ta sanble ratresi lòske yon objè deplase trè vit.

Efè foto-elektrik:

Einstein te eksplike kijan limyè ka rache elektwon sou sifas yon materyèl. ki rele efè foto-elektrik. Yon fenomèn ke anpil syantifik te ap travèy sou li. Misye sigjere ke limyè vini sou fòm patikil ki rele foton. Lide sa a te defye ansyen kwayans ke limyè te jis yon vag, yon ond. Li te ede nou konprann ke limyè kapab konpòte alafwa tan kòm yon ond oswa tan kòm yon patikil.

Ekivalans mas-enèji:

Einstein te montre ke mas ak enèji entèchanjab. Ekwasyon pi popilè li a, E=mc², vle di ke yon ti kantite mas ka devni yon gwo kantite d enèji. Dekouvèt sa a se te premye wòch ki te poze sou koze, ki jan nou konprann enèji nikleyè e li te ede nou konprann ki jan Solèy la pwodui enèji.

Dekouvèt Einstein yo te gen yon gwo enpak paske yo te chanje fason nou panse de linivè a ak fason li fonksyone. Yo te defye ansyen lide epi yo te louvri nouvo posiblite. Yo te mennen tou nan aplikasyon pratik, tankou teknoloji GPS, ak enfliyanse lòt rechèch nan fizik.


Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *