Mond fasinan de Chanpinyon ou Djondjon

Haiti posede yon peyizaj vibran avèk tout kalite flè, pebwa. Se yon peyi ki plen avèk trezò natirèl. Pami yo, chanpinyon ke yo kouramman rele Djondjon. Yo renmen grandi nan kwen forè, nan kwen raje avèk jaden.

Chanpinyon fè pati de Wayom Fungi, yo pa ni plant ni animal. Yo genyen chapo, tij avèk branch. Ayiti abrite yon trè grand varyete d espès de chanpinyon. Chak gen itilite pa yo.

Itilizasyon dyondyon:

Kilti ayisyèn lan depi lontan rekonèt valè dyondyon yo, kòm yon plezi gastronomik ak pou pwopriyete medisinal yo. Men kèk itilizasyon komen:

The InfoVisual.info site uses images to explain objects.

LaManjay:

Chanpiyon yo se engredyan ki gen anpil valè nan kuizin ayisyèn lan. Yo ajoute pwofondè, gou, ak teksti nan yon varyete de asyèt, ki gen ladan bouyon, soup e sitou diri nwa ki trè popilè.

Medikaman tradisyonèl:

Sèten espès dyondyon an Ayiti yo kwè gen pwopriyete medsinal. Malgre ke sa nesesite plis rechèch syantifik, li posib pou itilize dyondyon pou trete yon varyete de maladi, tankou pwoblèm respiratwa, pwoblèm dijestif, ak sipò sistèm iminitè.

èske ou te konnen?

Dyondyon kontribye nan balans ekolojik la. Lè yo kraze matyè òganik yo, yo amelyore fètilite tè a ak fasilite sikilasyon eleman nitritif, e asire sante ekosistèm toutotou de yo.

Chanpinyon detui fatra, dechè òganik, yo kapab itil nou dan lavni nan kesyon resiklaj avèk jestyon dechè.


Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *