Astewoyid: wòch dan lespas ki kenbe sekrè linivè nou an

Ki sa yo ye? e poukisa yon enpòtan?

 

Astewoyid yo, ke yo rele osi planèt minè oswa planetoyid, se wòch trè ansyen, san atmosfè Yo sitou fèt ak wòch oubyen metal, epi yo kapab piti tankou yon ti wòch(kayou) oswa gwo tankou yon mòn(montay).

Reprezantasyon de yon astewoyid

Pifò astewoyid yo rete pandye nan senti astewoyid la, yon rejyon lespas ki sitiye li ant òbit Mas ak Jipitè. Sepandan (Men) gen kèk astewoyid ki trè pwoch de Latè. Astewoyid sa yo atire atansyon akòz potansyèl yo genyen pou yo gen enpak sou Latè.

Astewoyid yo tankou yon machin pou remonte LeTan(retounen an aryè dan le tan). Yo ka bay nou anpil enfòmansyon sou kòmansman sistèm solè a. NASA ak lòt gwoup ki konn vwayaje nan lespas voye misyon nan astewoyid pou etidye yo. Youn nan misyon sa yo, ki rele OSIRIS-REx, te vwayaje nan yon astewoyid yo te rele Bennu, te pran yon moso, epi li te pote l tounen sou Latè.

Astewoyid yo ka yon pwoblèm si yo frape Latè, men yo kapab tou trè itil. Gen kèk moun ki panse ke nou ta ka detere bagay itil tankou metal presye ki nan astewoyid yo dan lavni.

Se konsa, astewoyid yo pi plis pase jis wòch nan lespas. Yo ka ransenye nou de pase nou epi yo ka itil pou avni nou.


Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *