Ti Kawòl

Vwala se te yon gran maten, on madanm te deside fè yon koze diferan,  li pran plizyè ti sachè an plastik, e pui li mete dlo sikre kolore ladedan yo.

Ansuit li mete yo andedan yon bwat à glas (tèmos) pou li kapab ale vann dan la vil.

Tout zanfan yo te renmen achte ti sachè-dlo-sikre-colore glase. Peti a peti, lòt moun te deside antre nan koze vann ti sachè-dlo-sikre-colore glase.

Madanm ki te fè plis la vant te rele Madan Kawòl( Madame Carole). Tout timoun te prefere ti sachè kawòl yo olye de lòt yo.

E pui se kòm sa ke ti kawòl pran nesans.

—-

Kèlke zane aprè, gen yon gwo zotobre

ki desize endistriyalize pwosesis la,

pou li fè la vant li deklare ke pa li a pi bon

Vinn achte paske sa pi bon.

E pui se kòm sa ke sapibon pran nesans.


Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *