C’était ça ou mourir: roman Thélyson Orélien an
Roman ekriven ayisyen Thélyson Orélien an rive nan tèt lavant an Frans. Men istwa Jonas, yon pwofesè ki oblije kite Kafoufèy.
Tèks videyo a
Malgre polemik la, C’était ça ou mourir se roman ki vann plis an Frans, dapre Le Parisien. Se tit Marc Alain pataje a. Dèyè liv sa a, gen yon ekriven ayisyen ki fèt Gonayiv: Thélyson Orélien. Yo akize l kòmkwa dirè li ta itilize entèlijans atifisyèl pou ekri roman an. Li demanti sa. Men pandan ke deba a ap kontinye, lektè yo ap achte liv la. Ann gade istwa li rakonte a. Jonas Dorléon se yon pwofesè istwa. Lè kout zam ak dife anvayi Kafoufèy, li oblije kite lakay li. Li pote yon diplòm, yon kaye powèm, ak foto manman l. Prèske tout lavi li antre nan yon sache plastik. Li pran refij an Repiblik Dominikèn, ak espwa bagay yo ap kalme ann Ayiti. Men danje a pa pase. Li oblije kontinye. Vwayaj la mennen li o Brezil ak o Meksik. Li sibi brimad, travèse fwontyè, monte nan bis, epi mache anba raje ak nan forè. Sou wout la, li rankontre lòt moun k ap chèche siviv. Gen moun ki ede youn lòt, men gen lòt ki tonbe, ki pa rive pi lwen. Lè li resi rive bò Etazini, se ajan imigrasyon ki mete lapat sou li. Malgre sa, li toujou gen yon objektif: rive Kanada, kote li espere jwenn fanmi li. M ap kite nou dekouvri rès istwa a nan liv la… Roman an fè nou santi egzil nan kò moun: grangou, fatig, blesi, ak laperèz. Atravè Jonas, nou dekouvri souvni yon moun pote avèk li, ansanm ak espwa ki fè l kontinye. Orélien melanje imè ak pwezi ak moman ki pi rèd yo. Tit la mete ijans chwa Jonas la devan nou: kite tout sa li konnen pou eseye rete vivan. E malgre akizasyon yo ak polemik la, dapre Le Parisien, roman an rive nan tèt lavant yo an Frans. Ki sa ou panse de liv la?