Ansyèn sivilizasyon medyeval ki te fò nan komès an Afrik

Byen anvan monte anpil anpi nan lòt kontinan, Lafrik te genyen yon istwa komèsyal trè rich. Gen yon bonkou de sivilizasyon kòm LEjipt, LaNibi, Aksum te angaje yo nan kokenchenn rezo komèsyal, nan fè echanj machandiz kòm Lò, Liwva, Epis, pyè presyez, pwodui agrikòl avèk peyi ki anvwazine yo.

Vwasi detwa lis nan Wayòm ki te fò nan koze fè komès an Afrik

 

Anpi Gana

Anpi Gana (IVe-XIIIe syèk) te yon pouvwa komèsyal de premye plan nan Lafrik de Lwès. Li te kontwole min lò valab  e devlope yon rezo komèsyal transsahariyen(atravè sahara) ki pwospè. Lò nan min anpi sila te deboukante(echanje) pou sèl, tekstil (twal), cheval ak pwodui de Liks(de luxe). Anpi Gana etabli lyen ak machann berbè nan Lafrik di Nò ak machann mediteraneyen yo.

Anpi Mali

Anpi Mali (XIIIe-XVIe syèk) te leve kòm siksèsè Anpi Gana a epi vin repite pou fason li te kontwole   wout komès lò ak sèl ki rantab. Anba direksyon Mansa Musa, anpi a rive nan apèj li (pwen ki pi wo) ,  epi atire machann nan Lafrik di Nò, Mediterane a ak Moyen-Oryan. Tombouctou, yon vil nan anpi Mali a, vin tounen yon sant vital pou komès transsahariyen ak eridiksyon (aprann la konesans) kilti relijyon islam.

Anpi Songhaï:

Anpi Songhaï (XVe-XVIe syèk) te siksede Anpi Mali a epi kontinye eritaj li kòm yon pouvwa de komès enpòtan nan Lafrik de Lwès. Songhaï te kontwole vil komès kle tankou Gao ak Tombouctou, fasilite echann machandiz, espesyalman lò, sèl, pwodwi agrikòl ak atik manifaktire ( fabrike)

Vil-Eta nan bò d mè swahili:

Sou kote lwès  nan Lafrik la, vil-eta yo nan bò d mè swahili te jwe yon wòl kritik nan komès maritim pandan peryòd medyevyal la. Yo te etabli rezo komès ki konekte andedan Lafrik la ak oseyan Endyen an, fasilite echann machandiz tankou lò, ivwa, epis, bwa ak esklav. Vil-eta sa yo, avèk Kilwa, Mombasa ak Zanzibar an tèt yo, te sant komès ak echann kiltirèl.

 

Gran Zimbabwe:

Gran Zimbabwe a, yon wayòm medyevyal ki te egziste soti nan XIe rive nan XVe syèk la, nan Zimbabwe jodi a, te yon sant enpòtan de komès. Wayòm sa te kontwole min lò valab yo epi angaje li nan komès long distans avèk vil-eta nan kòt swahili yo, li rive touche rezo komèsyal  nan Loseyan Endyen ak zòn andedan Lafrik tou.

Anpi Benin:

Anpi Benin (XIIIe-XIXe syèk) nan peyi Nijerya jodi a te gen yon sistèm de komès sofistike. Lidè anpi a te kontwole wout komès yo, espesyalman pou machandiz tankou ivwa, piman dous, luil palmis , tekstil yo ak esklav . Benin City, kapital anpi a , te yon sant enpòtan de komès.


Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *