3. Egzo-eskelèt( Exosquelette : exo vle di andeyo, sa vle di eskelèt yo pa deyò)
Insèkt yo posede yon anvlòp pwotektris ki kenbe a pwotege kò yo ak ògàn yo.
4. Zèl :
Yon grand kantite ensèkt posede youn ou de pè zèl ki atache ak toraks la, se sa ki pèmèt yo vole
5. Metamòfoz(change fòm) :
La plipa (majorite) ensèk yo pase pa prosesis de metamòfoz, kote ke yo pa sanble jan yo te ye avan : œuf, larve, pupe et adulte
Ensèkt yo jwen yon wòl vital nan divès ekosistèm, tan kòm polinizasyon, dekonpozisyon e sèvi kòm yon sous de manje pou an pil lòt zanimo . Sepandan, gen lòt ensèkt ki trè nuizib e kapab andomaje platasyon e menm lakoz maladi.
Konpreyansyon ensèkt yon ak entèraksyon yo avèk Lanviwònman esansyèl pou kapab mentni ekilib ekolojik ak byenèt imen yo.
Mo Pou konnen :
Filòm (Phylum): Nan byoloji, yon filòm se yon gwo ran taksonomik yo itilize pou klasifye ak gwoupe òganis yo. Li reprezante yon wo nivo de relasyon ant diferan espès yo. Òganis nan menm filòm pataje sèten karakteristik fondamantal ak karakteristik evolisyonè.
Klas: Nan filòm lan, òganis yo klase plis an klas ki baze sou karakteristik adisyonèl pataje. Klas yo pi espesifik pase phyla men yo toujou reprezante yon nivo enpòtan nan karakteristik komen nan mitan òganis ki anndan yo.