1. Taksonomi ak espès
Bourik (Equus africanus asinus): Bourik(Âne), fè pati espès Equus africanus asinus. Yo se desandan bourik sovaj Afriken ki se akonpanye moun depui dè milenè. Cheval (Equus ferus caballus): Cheval, li menm , fè pati espès yo Equus ferus caballus. Yo rekoni mondyalman atravè listwa pou wòl ke yo jwe yo nan transpò, espò, lagè ak agrikilti.
2. Karakteristik Fizik
Gwosè ak kòpilans(fòm kò): Bourik yo jeneralman pi piti pase chwal, e yo pi robist(djanm). Cheval, an revanch, yo gen jeneralman pi wo, pi laj e pi mens. Zòrèy: Youn nan diferans ki pi aparant ant de espès sa yo se zòrèy yo. Bourik yo gen zòrèy long pwenti ki ba yo ekselant kapasite pou tande. Kontrèman, chwal yo gen zòrèy ki pi kout, ki pi dwat, byenke kèk ras ki posede zòrèy pi similè ak bourik. Ke: ke bourik yo kout ak yon touf cheve nan pwent yo, alòske chwal yo gen yon ke long ki plen cheve swa. Koulè manto: Bourik yo anjeneral gen koulè limite tankou tout koulè gri, mawon oswa nwa, pandan ke chwal yo montre yon grand varyete koulè manto, chema, ak desen.