Mokreyol se yon pwojè ki dedye pou ankouraje ak pwoteje lang kreyòl ayisyen an nan espas nimerik la. Nou kwè lang nou se fòs nou, epi li dwe gen plas li nan tout teknoloji modèn yo.

Objektif nou se kreye resous, zouti, ak kontni bon jan kalite pou tout moun ki pale kreyòl oswa ki vle aprann li. Nou rasanble konesans sou kilti, lanati, teknoloji, ak istwa pou rann yo aksesib sou entènèt la.