Anpi Gana
Anpi Gana (IVe-XIIIe syèk) te yon pouvwa komèsyal de premye plan nan Lafrik de Lwès. Li te kontwole min lò valab e devlope yon rezo komèsyal transsahariyen(atravè sahara) ki pwospè. Lò nan min anpi sila te deboukante(echanje) pou sèl, tekstil (twal), cheval ak pwodui de Liks(de luxe). Anpi Gana etabli lyen ak machann berbè nan Lafrik di Nò ak machann mediteraneyen yo.
Anpi Mali
Anpi Mali (XIIIe-XVIe syèk) te leve kòm siksèsè Anpi Gana a epi vin repite pou fason li te kontwole wout komès lò ak sèl ki rantab. Anba direksyon Mansa Musa, anpi a rive nan apèj li (pwen ki pi wo) , epi atire machann nan Lafrik di Nò, Mediterane a ak Moyen-Oryan. Tombouctou, yon vil nan anpi Mali a, vin tounen yon sant vital pou komès transsahariyen ak eridiksyon (aprann la konesans) kilti relijyon islam.
Anpi Songhaï:
Anpi Songhaï (XVe-XVIe syèk) te siksede Anpi Mali a epi kontinye eritaj li kòm yon pouvwa de komès enpòtan nan Lafrik de Lwès. Songhaï te kontwole vil komès kle tankou Gao ak Tombouctou, fasilite echann machandiz, espesyalman lò, sèl, pwodwi agrikòl ak atik manifaktire ( fabrike)Vil-Eta nan bò d mè swahili:
Sou kote lwès nan Lafrik la, vil-eta yo nan bò d mè swahili te jwe yon wòl kritik nan komès maritim pandan peryòd medyevyal la. Yo te etabli rezo komès ki konekte andedan Lafrik la ak oseyan Endyen an, fasilite echann machandiz tankou lò, ivwa, epis, bwa ak esklav. Vil-eta sa yo, avèk Kilwa, Mombasa ak Zanzibar an tèt yo, te sant komès ak echann kiltirèl.
