DEZYÈM REZOLISYON SOU ÒTOGRAF LANG KREYÒL AYISYEN

Depi refòm Minis Joseph C. Bernard (1979) ki pote non Refòm Bèna, òtograf
kreyòl la kontinye ap devlope selon bezwen itilizatè yo. Konstitisyon 1987 la
kreye Akademi Kreyòl Ayisyen (Atik 213). Konsa, avèk Lwa kreyasyon
Akademi Kreyòl Ayisyen an nan ane 2013, mete ak enstalasyon premye
Akademisyen yo nan ane 2014, AKA vini jwe wòl li kòm enstitisyon Leta
Konstitisyon peyi a bay responsablite pou li travay e pou li pran desizyon sou
lang kreyòl ayisyen an.
Nan mwa jen 2017, Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) pibliye Premye Rezolisyon
sou Òtograf lang kreyòl ayisyen an avèk kolaborasyon Ministè Edikasyon
Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP). Men, Premye Rezolisyon an pa
te kouvri tout aspè AKA te prevwa abòde yo.
Tousuit apre piblikasyon Premye Rezolisyon sou Òtograf la, Akademisyen yo
kontinye travay sou aspè yo pa te boukle nan Premye Rezolisyon an avèk lòt
demann ki vin genyen nan sosyete a. Se konsa Akademi Kreyòl Ayisyen prepare
yon Dezyèm Rezolisyon pou li prezante bay itilizatè yo.
Pou Akademi an rive nan Dezyèm Rezolisyon sa a, enstitisyon an reyalize divès
jounen atelye travay. Kèk nan enstitisyon patnè ki kolabore avèk AKA nan kad
reyalizasyon atelye sa yo se: MENFP, Ministè Kilti, Sekreteri d Eta pou
Alfabetizasyon (SEA), (Inivèsite Leta Ayiti (ILA), Fakilte Lengwistik Aplike
3
(FLA), Jounal Bon Nouvèl, elatriye. Anpil pèsonalite ak reprezantan enstitisyon
ki ap travay sou lang kreyòl la te patisipe nan atelye sa yo. Pami yo, nou ka site :
pwofesè kreyòl, direktè lekòl, kreyolis, pawolye, editè, tradiktè, reprezantan
inivèsite, reprezantan enstitisyon piblik kou prive, asosyasyon pwofesè kreyòl
nan depatman Nò, depatman Sant ak depatman Latibonit. Biwo Sekretarya
egzekitif AKA a ranmase reyaksyon ak pwopozisyon tout patisipan yo, epi li
soumèt yo bay Komisyon syantifik Akademi an. Sou bò pa li, Komisyon
syantifik la, selon kad teyorik li te tabli nan demach travay la, pran tan ki nesesè
pou li konsidere tout remak patisipan yo te fè yo. Apre sa, Akademi an òganize
plizyè jounen atelye ant manm Konsèy akademisyen yo epi Konsèy Konsiltatif
la. Manm enstans sa yo reyaji sou travay la epi yo vote pou yo adopte li nan
okazyon Asanble jeneral enstitisyon an ki te fèt nan mwa janvye 2023.


Dokiman sofgade sous: https://akademikreyol.net/